Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen pa santi m wont tèt mwen ankò”

“Mwen pa santi m wont tèt mwen ankò”
  • Ane li fèt: 1963

  • Peyi kote li soti: Meksiko

  • Anvan: Li te viv nan lari e li te santi l pa vo anyen

VI MWEN T AP MENNEN

 Mwen fèt nan yon vil ki rele Ciudad Obregón, nan nò peyi Meksik. M se senkyèm pami nèf timoun paran m yo fè. Nou t ap viv andeyò vil la kote papa m t ap jere yon ti plantasyon. Se te yon bèl kote nou t ap viv e fanmi an te viv nan tèt ansanm ak kè kontan. Men, malerezman, lè m te gen senkan, gen yon siklòn ki vin kraze tout plantasyon nou an e nou te oblije deplase al nan yon lòt vil.

 Papa m te kòmanse byen degaje l nan domèn ekonomik. Men, anmenmtan, li te vin yon bwasonyè. Sa te vin gen efè sou maryaj li e sou nou menm tou antanke timoun. Mwen menm ak de gran frè m yo te kòmanse fimen sigarèt nou te konn vòlè nan sigarèt papa m yo. M te gen sizan lè m te vin sou pou premye fwa nan vi m. Yon ti tan apre, paran m yo te separe e mwen menm, m te antre pi fon nan vis mwen yo.

 Manman m t al viv avèk yon lòt mesye e li te ale avèk nou. Mesye a pa t ba l lajan e ti lajan manman m t ap touche a pa t sifi pou l pran swen nou. Donk, mwen menm ak sè ak frè m yo, nou te chèche nenpòt travay pou n fè. M te netwaye soulye, m te vann pen, jounal, chiklèt ak lòt bagay ankò. M te konn ale nan katye moun ki gen kòb yo nan vil la, pou m chèche manje nan poubèl yo.

 Lè m te gen dizan, gen yon mesye ki te mande m travay avèk li kote yo te konn jete tout fatra vil la. M te aksepte, se konsa m te kite ni lekòl ni kay la. Li te peye m mwens pase 1 dola ameriken pa jou e li te ban m manje nou te jwenn nan fatra yo. M te rete nan yon ti kay m te fabrike avèk sa m te jwenn nan fatra yo. Moun ki t ap viv nan zòn mwen an te konn di betiz anpil e yo te viv nan imoralite seksyèl. Anpil nan moun sa yo te tafyatè e yo te nan dwòg. Se te pi move moman nan vi m. M te konn kriye chak swa e m t ap plede tranble tèlman m te pè. M te toujou wont akoz m te nan mizè e lefètke m pa t rive lwen lekòl. M te rete kote yo te konn jete fatra yo pandan twazan e apre, m t al nan yon lòt eta nan peyi Meksik. Lòtbò a, m te konn travay nan chan flè ak chan koton epi fè jaden pòmdetè.

M te viv yon kote yo konn jete fatra menm jan an ak sa a pandan twazan.

 Katran apre, m te retounen nan Ciudad Obregón. Youn nan matant mwen yo ki te yon manbo, te ban m yon chanm pou m rete. M te vrèman kòmanse dekouraje e m t ap fè move rèv ki t ap fatige m, e sa te fè m anvi touye tèt mwen. Yon jou swa, m priye Bondye, e m di l: “Seyè, si w egziste toutbon, m vle aprann konnen w e m vle sèvi w pou toutan. Si gen yon vrè relijyon, m vle jwenn li.”

FASON LABIB CHANJE LAVI M

 M te toujou vle sèvi Bondye. Menm lè m te timoun, m te konn ale nan legliz tout kalite relijyon men, yo tout te ban m desepsyon. Pa gen youn ladan yo ki te pale de Bib la oubyen ki te ede m konprann fason pou m vin pwòch ak Bondye. Gen nan relijyon sa yo se lajan sèlman ki te enterese yo, alòske gen lòt menm, fidèl yo t ap viv nan imoralite seksyèl.

 Lè m te gen 19 an, youn nan bò frè m yo te esplike m Temwen Jewova yo te montre l sa Bib la di sou kesyon sèvi ak imaj pou n adore Bondye. Li te li avè m Egzòd 20:4, 5 ki di nou pa gen dwa fè zidòl. Vèsè 5 lan di: “Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman”. Epi bò frè m nan mande m: “Si se vre Bondye itilize imaj taye pou l fè mirak oswa Li vle nou sèvi avèk yo pou n adore L, poukisa Li entèdi yo?” Sa te fè m reflechi. Depi lè sa a, nou te konn pale sou plizyè sijè biblik. M te tèlman renmen konvèsasyon sa yo m pa t janm wè tan an k ap pase.

 Apre sa, bò frè m nan te mennen m nan yon reyinyon Temwen Jewova yo. Sa m te wè ak sa m te tande te fè m sezi. Menm timoun piti t ap patisipe nan pwogram nan e yo te kanpe sou estrad la pou yo pale avèk fasilite! M te di tèt mwen ‘moun yo jwenn yon bon edikasyon bò isit la!’ Malgre cheve m te byen long e malgre m pa t byen abiye, Temwen yo te byen akeyi m. Gen yon fanmi ki te menm envite m manje lakay yo apre reyinyon!

 Pandan m t ap etidye ak Temwen yo, m te vin aprann Jewova Dye se yon papa ki gen anpil lanmou e li gen sousi pou nou kèlkeswa ras nou, kouch sosyal nou, edikasyon nou ak mwayen ekonomik nou. Li vrèman san patipri (Tr 10:34, 35). Finalman, bezwen m te genyen pou m konn Bondye a te vin konble. M pa t santi m vid ankò.

BYENFÈ MWEN JWENN

 Tout lavi m te kòmanse chanje nèt! M te sispann fimen, m te sispann bwè twòp, e m te sispann di pawòl sal. Vye santiman mwen te genyen depi m te piti yo te kòmanse al fè wout yo. M te sispann fè move rèv tou. M te derasinen santiman sa a ki te fè m santi m pa vo anyen an. Sa k te lakòz konplèks sa a se te soufrans mwen te sibi yo e lefètke m pa t rive lwen lekòl.

 Mwen gen yon trè bon madanm ki renmen Jewova e ki ede m anpil anpil. Kounye a, m ap sèvi antanke siveyan itineran, mwen vizite kongregasyon Temwen Jewova yo pou m ankouraje frè m ak sè m yo. M vrèman rekonesan pou jan verite ki nan Bib la geri nou e pou bèl edikasyon Bondye ban nou an. M pa santi m wont tèt mwen ankò.

Madanm mwen avè m kontan ede lòt moun menm jan yo te ede m.