Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen te detèmine pou m yon sòlda Kris

Mwen te detèmine pou m yon sòlda Kris

Pandan m t ap tande bri bal k ap pase bò kote m, mwen te leve yon mouchwa blan anlè tou dousman. Sòlda ki t ap tire yo te di m byen fò pou m soti kote m kache a. Avèk anpil prekosyon, m te pwoche kote yo, m pa t konnen si m t ap viv oswa si m t ap mouri. Ki jan m te fè vin nan yon sitiyasyon terib konsa?

LÈ M te fèt, se mwen ki te setyèm nan uit pitit paran m yo ki te konn travay di nan Karitsa, yon ti bouk nan peyi Lagrès. Se te nan ane 1926.

Ennan anvan sa, paran m yo te fè konesans ak John Papparizos, yon Etidyan Labib (se konsa yo te konn rele Temwen Jewova yo nan epòk sa a) ki te zele e ki te konn pale anpil. Piske bonjan rezònman John te fè sou Bib la te enpresyone yo, yo te kòmanse asiste reyinyon Etidyan Labib yo te konn fè nan bouk nou te rete a. Manman m te gen yon lafwa ki solid nan Jewova Dye, e byenke l pa t konn li, li te pataje lafwa l ak lòt moun chak fwa l te gen okazyon fè sa. Malerezman, papa m te konsantre sou enpèfeksyon lòt moun e tikras pa tikras li te sispann asiste reyinyon yo.

Mwen menm ak frè m ak sè m yo te gen respè pou Bib la, men, toutpandan n t ap grandi plezi lajenès te konn distrè nou. Epi, an 1939, pandan Dezyèm Gè mondyal la t ap vale teren ann Ewòp, te gen yon evènman ki te rive nan bouk nou an ki te boulvèse nou. Nicolas Psarras, yon kouzen nou ki te vwazen nou, te fèk batize antanke Temwen, e yo te anwole l nan lame peyi Lagrès. Men sa Nicolas, ki te gen 20 an, te di chèf militè yo avèk kran: “M pa ka nan goumen paske m se yon sòlda Kris.” Yon tribinal militè te jije l e yo te kondane l pou l pase dizan nan prizon. Sa te fè n sezi!

Erezman, nan kòmansman ane 1941, lame ki te met tèt ansanm yo te rantre bridsoukou nan peyi Lagrès e Nicolas te libere nan prizon. Li te retounen Karitsa, e Ilias, gran frè m nan, te poze l yon pakèt kesyon sou Bib la. Mwen te chofe pou m koute. Apre sa, mwen menm ak Ilias ansanm ak Efmorfia, dènye ti sè nou an, te kòmanse etidye Labib e nou te asiste reyinyon Temwen yo regilyèman. Nan ane apre a, nou toule twa te vwe Jewova lavi nou e nou te batize. Annapre, kat nan frè ak sè nou yo te vin Temwen Jewova ki fidèl.

An 1942, kongregasyon ki te nan Karitsa a te gen nèf jèn frè ak sè ki te gen ant 15 ak 25 an. Nou tout te konnen gen eprèv terib ki t ap tann nou. Se sa k fè, pou n te ka vin pi djanm, nou te konn reyini ansanm nenpòt lè nou te kapab pou n etidye Labib, pou n chante kantik e pou n priye. Sa te fè lafwa nou vin pi solid.

Demetrius ak kèk zanmi l nan Karitsa.

GÈ SIVIL

Pandan Dezyèm Gè mondyal la t ap fini, Grèk ki te kominis yo te leve kont gouvènman grèk la, e yon gwo gè sivil te vin eklate. Geriya kominis yo te konn ap monte desann nan zòn andeyò yo, e yo te konn fòse abitan yo antre nan mouvman yo a. Lè yo te anvayi bouk nou an, yo te kidnape twa jèn Temwen, anpalan de Antonio Tsoukaris, Ilias ansanm avè m. Nou te fè yo konnen se kretyen nou ye, nou pa mele nan lagè. Malgre sa, yo te fòse n al avèk yo sou Mòn Olenp, e nou te fè anviwon 12 èdtan pou n sot nan bouk nou an al kote sa a.

Yon ti tan annapre, gen yon ofisye kominis ki te ban nou lòd pou n antre nan yon geriya ki te konn al fè atak. Lè n te esplike ofisye a vrè kretyen yo pa pran zam pou y al goumen ak moun parèy yo, li te fache anpil e l te mennen nou devan yon jeneral. Lè n te esplike jeneral la menm bagay la, men lòd li te ban nou: “Ebyen, se pou n pran yon milèt pou n pote blese yo sot kote konba a ap fèt la al lopital.”

Men sa nou te reponn li: “Bon, e si sòlda gouvènman yo ta met men sou nou? Èske yo pa t ap pran nou pou sòlda k ap goumen?” Lè sa a, li di nou: “Ebyen, pote pen bay sòlda yo kote y ap goumen an.” Apre sa, men ki rezònman nou te fè avè l: “Bon, e si yon ofisye wè nou ak milèt la e l ban nou lòd pou n pote zam kote goumen an ap fèt la?” Jeneral la te fè yon bon tan ap reflechi. Finalman, li di: “Bon, siman nou ka gade mouton! Ret sou mòn nan, epi pran swen mouton yo.”

Donk, pandan gè sivil la, nou toule twa te santi konsyans nou pèmèt nou pran swen mouton yo. Ennan annapre, yo te kite Ilias, antanke pi gran pitit gason, retounen lakay pou l pran swen manman nou ki te vèv. Antonio te vin malad e yo te voye l ale. Men, yo te toujou kenbe m.

Nan menm epòk la, lame peyi Lagrès t ap avanse seryezman sou kominis yo. Gwoup ki te kenbe m nan te kouri pran mòn pou yo toupre peyi Albani. Lè n te rive toupre fwontyè a, nou te vin tonbe sanzatann nan mitan yon pakèt sòlda peyi Lagrès. Rebèl yo te panike e yo te kouri ale. Mwen te kache dèyè yon pyebwa ki te tonbe, se konsa mwen te kontre ak sòlda mwen te pale de yo pi wo a.

Lè m te di sòlda peyi Lagrès yo kominis yo te pran m kòm prizonye, yo te mennen m nan yon kan militè ki toupre Verya, ki se ansyen vil Bere Bib la pale de li a, pou yo ka konn sa pou yo fè avè m. Pandan m lòtbò a, yo te ban m lòd pou m fouye kanal pou sòlda yo. Lè m te refize fè sa, ofisye an chèf la te bay lòd pou yo voye m ann egzil sou yon zile prizonye te pè al sou li ki rele Makwonisòs (Makwonisi).

ZILE KI BAY LAPERÈZ LA

Zile Makwonisòs, yon vye zòn ki pa t gen dlo ki te gen yon pakèt dan wòch ki nan solèy, te toupre Atika e gen anviwon 50 kilomèt ki separe l ak vil Atèn. Zile a mezire sèlman 13 kilomèt longè ak 2,5 kilomèt lajè kote ki pi laj la. Aktout sa, soti 1947 pou rive 1958, li te gen plis pase 100 000 prizonye sou li, pami yo te gen kominis ak moun yo te sispèk ki kominis, moun ki t ap goumen kont gouvènman an ak yon pakèt Temwen Jewova fidèl.

Lè m te rive lòtbò a nan kòmansman ane 1949, yo te fè prizonye yo fè plizyè kan. Yo te mete m nan yon kan ki pa t gen anpil sekirite ansanm ak plizyè santèn lòt gason. Anviwon 40 moun pami nou te konn dòmi atè nan yon seri tant an twal ki te ka pran 10 moun. Nou te konn bwè dlo ki gen move sant e pifò fwa, se lanti ak berejèn nou te konn manje. Lavi a te rèd anpil paske te toujou gen pousyè ak van. Men, omwen nou pa t oblije ap fè alevini toutpandan n ap woule yon seri wòch san rete jan yo te konn fè anpil prizonye soufri pou yo te ka kraze yo fizikman e moralman.

Ansanm ak kèk Temwen yo te egzile sou zile Makwonisòs.

Yon jou, pandan m t ap mache bò lanmè a, mwen te rankontre plizyè lòt Temwen ki te nan lòt kan. Se pa ti kontan nou te kontan ansanm! Toutpandan nou te pran anpil prekosyon pou yo pa kenbe nou, nou te konn reyini chak fwa sa posib. Epitou, nou te konn preche lòt prizonye yo an kachèt, e annapre, kèk ladan yo te vin Temwen Jewova. Aktivite sa yo ak priyè sensè nou te konn fè te ede n kontinye gen bon relasyon ak Bondye.

NAN YON FOUNÈZ DIFE

Apre m te fin pase dis mwa kote yo t ap swadizan refòme m, moun ki te kenbe m yo te panse li lè pou yo ban m yon inifòm militè. Lè m te refize mete l, yo te mennen m devan kòmandan ki te responsab kan an. Mwen te lonje yon deklarasyon ekri bay kòmandan an ki di: “Mwen sèlman vle vin yon sòlda Kris.” Apre kòmandan an te fin menase m, li te voye m bay ofisye ki vin apre l la, ki te yon achevèk Legliz Òtodòks grèk la ki te abiye ak tout ekipman achevèk li. Lè m te met kouraj sou mwen pou m reponn kesyon li t ap poze m yo ak vèsè nan Bib la, li te rele byen fò tou fache: “Retire l devan m nan. Misye se yon fanatik!”

Nan demen maten, sòlda yo te reban m lòd pou m met yon inifòm militè sou mwen. Lè m te refize fè sa, yo te ban m anpil kout pwen e yo te bat mwen ak yon baton bwa. Apre sa, yo te mennen m nan klinik ki nan kan an pou yo wè si m pa gen zo kase, epi yo te trennen m al nan tant kote m te ye a. Yo te kontinye fè m menm bagay la chak jou pandan de mwa.

Piske m pa t vle fè okenn konpwomi, sòlda yo ki te dekouraje te eseye yon nouvo taktik. Sòlda yo te mare men m dèyè do m, epi yo te bat mwen anba pla pye m ak kout kòd avèk raj. Malgre doulè a te rèd anpil, mwen te sonje pawòl Jezi te di yo: “Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou [...]. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo.” (Mat. 5:11, 12). Finalman, apre yon pakèt tan, mwen te pèdi konesans.

Lè m te vin gen konesans, mwen te wè m nan yon pyès nan prizon an ki frèt anpil, san pen, san dlo, e san dra. Malgre sa, m te santi m kalm e m te trankil. Jan Bib la pwomèt sa, “lapè Bondye” te ‘pwoteje kè m ak panse m’. (Flp. 4:7, nòt.) Nan demen, yon sòlda ki janti te ban m pen, dlo ak yon manto. Epi, yon lòt sòlda te ban m manje yo te ba li a. Nan okazyon sa yo e nan anpil lòt ankò, mwen te santi Jewova t ap pran swen m avèk tandrès.

Otorite yo te konsidere m kòm yon rebèl ki pap korije, e yo te voye m Atèn devan yon tribinal militè. Konsa, yo te kondane m pou m pase twazan prizon nan Yawòs (Gyawòs), yon zile ki nan yon distans anviwon 50 kilomèt nan lès Makwonisòs.

“NOU KAPAB FÈ NOU KONFYANS”

Prizon ki nan Yawòs la te yon gwo fòtrès an brik wouj ki te gen plis pase 5 000 prizonye politik ladan l. Epitou, li te gen sèt Temwen Jewova ladan l, yo tout te nan prizon akoz netralite yo. Byenke yo te entèdi moun reyini, nou toule sèt te konn reyini an sekrè pou n etidye Bib la. Nou te konn menm resevwa Toudegad an sekrè regilyèman, e nou te konn rekopye yo alamen pou n itilize yo lè n ap etidye.

Yon jou, pandan nou t ap etidye an sekrè, yon gad prizon te vin bare nou e l te pran tout piblikasyon nou yo. Yo te rele n nan biwo responsab prizon an, e nou te kwè yo t apral fè n fè plis tan nan prizon. Olye de sa, men sa responsab prizon an te di: “Nou konn kiyès nou ye, e nou respekte pozisyon nou. Nou konnen nou kapab fè nou konfyans. Retounen al travay.” Li te menm bay kèk nan nou travay ki pi fasil. Kè nou te vin chaje ak rekonesans. Menm lè n te nan prizon, lefètke n te fidèl, sa te fè Jewova jwenn louwanj.

Piske n te kenbe fèm, sa te bay lòt bon rezilta ankò. Apre yon prizonye ki te pwofesè matematik te fin wè jan nou gen bon konduit, sa te pouse l poze nou kesyon sou kwayans nou. Lè yo te libere nou menm Temwen yo nan kòmansman ane 1951, yo te libere l tou. Annapre, li te vin yon Temwen batize e l te vin yon evanjelizatè aplentan.

MWEN TOUJOU YON SÒLDA

Mwen menm ak Janette, madanm mwen.

Apre m te sot nan prizon, mwen t al jwenn fanmi m Karitsa. Annapre, mwen t al viv Mèlboun, ann Ostrali, ansanm ak plizyè moun menm peyi avè m. Se la m te rankontre Janette, yon bon sè, mwen te marye avè l e nou te leve yon pitit gason ak twa pitit fi nan laverite.

Jodi a, mwen gen plis pase 90 an e m toujou ap sèvi kòm ansyen. Akoz kou mwen te pran yo, pafwa kò m ak pye m konn fè m mal, sitou lè m sot preche. Aktout sa, mwen pi detèmine pou m kontinye sèvi antanke “sòlda Kris”. — 2 Tim. 2:3.