Al gade sa k anndan l

Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?

Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?

Èske se anba pouvwa...

  • Bondye?

  • lèzòm?

  • yon lòt moun?

MEN SA BIB LA DI

“Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” — 1 Jan 5:19.

“Pitit Bondye a parèt [...] pou kraze travay Satan an.” — 1 Jan 3:8, Bib la.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap konprann rezon ki fè gen pwoblèm nan monn nan. — Revelasyon 12:12.

W ap gen bonjan rezon pou w kwè monn nan gen pou l vin bon. — 1 Jan 2:17.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen twa rezon:

  • Pouvwa Satan pral fini. Jewova deside pou l retire lèzòm anba pouvwa Satan. Li pwomèt pou l “detwi [...] Dyab la” e pou l defèt tout bagay mal Satan te fè yo nèt. — Ebre 2:14, Tradiksyon monn nouvo a.

  • Bondye chwazi Jezi Kris pou dirije monn nan. Jezi pa menm ditou ak chèf monn nan ki san pitye e k ap chèche enterè pa l sèlman. Men sa Bondye pwomèt Jezi pral fè lè l pral dirije monn nan: “L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo [...]. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:13, 14.

  • Bondye pa ka bay manti. Labib di byen klè: “Li enposib pou Bondye bay manti.” (Ebre 6:18). Lè Jewova pwomèt l ap fè yon bagay, se kòmsi l deja fèt (Ezayi 55:10, 11)! Kidonk, “yo pral mete chèf monn nan deyò”. — Jan 12:31.

FÈ YON TI REFLECHI

Ki jan monn an ap ye lè yo fin detwi chèf li a?

Bib la reponn kesyon sa a nan SÒM 37:10, 11 ak REVELASYON 21:3, 4.