Al gade sa k anndan l

Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?

Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?

Èske w panse se...

  • lanmou?

  • lajan?

  • yon lòt bagay?

MEN SA BIB LA DI

“Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:28, Tradiksyon monn nouvo a.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap jwenn vrè lanmou. — Efezyen 5:28, 29.

W ap jwenn bonjan respè. — Efezyen 5:33.

W ap santi w an sekirite toutbon. — Mak 10:6-9.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen de rezon:

  • Se Bondye ki kreye fanmi. Labib di se Jewova Dye “ki pèmèt tout fanmi [...] egziste”. (Efezyen 3:14, 15.) Sa vle di se Jewova ki kreye fanmi. Poukisa li enpòtan pou n konn sa?

    Fè yon ti reflechi. Si w t ap manje yon bon ti manje e w ta renmen konnen ak ki sa l fèt, ki moun ou t ap mande? Nòmalman, se moun ki fè manje a ou t ap mande.

    Menm jan an tou, pou nou konnen ki sa k ka fè yon fanmi gen kè kontan, l ap bon pou nou chèche enfòmasyon nan men Jewova, Sila a ki kreye fanmi an. — Jenèz 2:18-24.

  • Bondye gen sousi pou nou. Li bon pou fanmi yo suiv konsèy Jewova bay nan Pawòl li a. Poukisa? “Paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:6, 7). Jewova vle pou tout bagay mache byen pou nou. Konsèy li toujou bay bon rezilta! — Pwovèb 3:5, 6; Ezayi 48:17, 18.

FÈ YON TI REFLECHI

Ki jan w ka yon bon mari, yon bon madanm, oswa yon bon paran?

Bib la reponn kesyon sa a nan EFEZYEN 5:1, 2 ak KOLOSYEN 3:18-21.