Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsèy saj ki bay kè kontan nan yon fanmi

Konsèy saj ki bay kè kontan nan yon fanmi

Maryaj ak timoun se kado ki gen anpil valè Kreyatè nou an ban nou. Li vle nou gen kè kontan nan fanmi nou. Pa mwayen yon liv ansyen ki sakre, li ban nou direksyon ki ka fè fanmi nou viv pi byen e ak plis kè kontan. Ann egzamine konsèy saj ki annapre yo.

Mari, renmen madanm nou

“Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Yon gason ki renmen madanm li, se tèt li l renmen, paske, pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l.” — EFEZYEN 5:28, 29.

Mari a se chèf fanmi an (Efezyen 5:23). Men yon bon mari pa di oswa egzijan. Li onore madanm li, e li pran swen l nan domèn materyèl e li fè l santi li renmen l. Li fè anpil efò pou l fè l plezi, li pa toujou ap ensiste pou bagay yo fèt jan li vle a (Filipyen 2:4). Li alèz pou l pale ak madanm li e li koute l lè l ap pale. Li pa “eksite” sou li, li pa frape l ni li pa blese santiman l. — Kolosyen 3:19.

Madanm, respekte mari nou

“Madanm nan [...] dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — EFEZYEN 5:33.

Lè yon madanm respekte mari l e li soutni desizyon li pran, li kontribye pou gen lapè nan fanmi an. Si mari l fè yon erè, li pa rabese l, men li rete kalm e li kontinye respekte l (1 Pyè 3:4). Lè li bezwen pale de yon pwoblèm ansanm ak mari l, li chwazi yon bon moman pou l fè sa, e li pale avè l avèk respè. — Eklezyas 3:7.

Se pou nou fidèl ak konjwen nou

“Yon gason pral [...] atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” — JENÈZ 2:24.

Lè yon gason ak yon fi marye, yo vin gen yon relasyon sere sere. Kidonk, de moun ki marye dwe travay di pou yo kenbe maryaj yo solid lè yo pale ak tout kè yo youn ak lòt e lè yo fè ti jès ki demontre bonte. Yo ta dwe fidèl youn anvè lòt tou lè yo pa gen relasyon seksyèl andeyò maryaj la. Lè youn nan yo pa fidèl sa ka fè lòt moun nan soufri. Sa ka fè yo pèdi konfyans youn lòt e sa ka kraze fanmi an. — Ebre 13:4.

Paran, bay pitit nou fòmasyon

“Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — PWOVÈB 22:6, nòt.

Bondye bay paran yo responsablite pou yo bay pitit yo fòmasyon. Sa gen ladan l anseye yo fason pou yo konpòte yo epi bay timoun yo bon egzanp (Detewonòm 6:6, 7). Lè yon timoun mal aji, yon paran ki saj pap reyaji yon fason ki egzajere. Papa a oswa manman an “dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” ​(Jak 1:19). Si yon paran remake yon timoun bezwen disiplin, papa a oswa manman an ap ba l disiplin nan avèk lanmou, pa pandan l an kòlè.

Timoun, obeyi paran nou

“Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou [...] ‘Onore papa nou ak manman nou.’” — EFEZYEN 6:1, 2.

Timoun yo ta dwe obeyi paran yo e trete yo avèk gwo respè. Lè timoun yo onore paran yo sa pote lajwa e sa kontribye pou gen lapè ak amoni nan fanmi an. Pitit ki pi gran yo dwe onore paran yo lè yo asire yo paran yo gen sa yo bezwen. Sa gen ladan l ede yo pran swen kay yo e ba yo èd yo bezwen nan domèn materyèl. — 1 Timote 5:3, 4.