Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske zak teworis ap janm fini?

Èske zak teworis ap janm fini?

 Apre yon zak teworis, li nòmal pou w mande tèt ou: ‘Èske Bondye gen sousi pou nou? Poukisa bagay sa yo rive? Èske zak teworis a sa yo ap janm fini? Ki jan m ka kontinye viv ak laperèz konsa?’ Bib la bay bonjan repons pou kesyon sa yo.

Ki jan Bondye wè zak teworis sa yo?

 Bondye rayi vyolans ak zak teworis (Sòm 11:5; Pwovèb 6:16, 17). E Jezi, reprezantan Bondye a, te reprimande disip li yo lè yo te aji avèk vyolans (Matye 26:50-52). Menmsi gen moun ki konn fè zak sa yo nan non Bondye, li pa ba yo dwa pou yo aji konsa. Anfèt, li pa menm koute priyè yo. — Ezayi 1:15.

 Bondye gen sousi pou moun k ap soufri yo, sa gen ladan l moun ki viktim zak teworis (Sòm 31:7; 1 Pyè 5:7). Mete sou sa, Bib la fè n konnen Bondye gen pou l elimine tout vyolans. — Ezayi 60:18.

Sa ki lakòz zak teworis yo

 Bib la fè konnen vrè rezon ki fè gen zak teworis: “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” ​(Eklezyas 8:9). Depi lontan, moun ki gen pouvwa sèvi ak vyolans pou yo toupizi lòt moun. Se sa k fè, moun ki sibi vyolans sa yo reponn ak zak teworis. — Eklezyas 7:7.

Zak teworis gen pou yo fini

 Bondye pwomèt l ap elimine tout sa ki fè n pè, san wete vyolans, pou l tabli lapè sou tè a (Ezayi 32:18; Miche 4:3, 4). Bondye pral:

  •   Elimine tout sa ki lakòz zak teworis yo. Bondye pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo ak gouvènman pa l la ki pral dirije tout tè a. Jezi Kris ki se Chèf gouvènman sa a, pral aji yon fason ki jis ak tout moun e l ap elimine vyolans ak moun k ap toupizi moun parèy yo (Sòm 72:2, 14). Lè sa a, pap gen moun k ap bezwen fè zak teworis ankò. Moun yo “ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:10, 11.

  •   Repare dega zak teworis yo lakòz. Bondye pral soulaje moun ki te viktim zak teworis, ni nan domèn fizik, ni nan domèn afektif (Ezayi 65:17; Revelasyon 21:3, 4). Li menm pwomèt l ap resisite moun ki mouri yo, pou l fè yo viv sou tè a nan lapè. — Jan 5:28, 29.

 Bib la ban nou bonjan rezon pou n kwè Bondye pral aji talè konsa. Men, ou ka ap mande tèt ou: ‘Poukisa Bondye poko elimine zak teworis yo?’ Pou w jwenn repons kesyon sa a, gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

a An jeneral, “zak teworis” gen rapò ak menas oswa vyolans moun fè, sitou kont lòt moun nan sosyete a. Yo fè zak sa yo pou fè moun pè nan objektif pou pote chanjman nan domèn politik, relijye oswa sosyal. Men, moun yo pa toujou dakò ki kalite zak yo ta dwe rele yon zak teworis.