Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ilbusca/E+ via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Poukisa lèzòm pa ka fè lapè? — Ki sa Bib la di?

Poukisa lèzòm pa ka fè lapè? — Ki sa Bib la di?

 Dirijan nan monn nan ak òganizasyon entènasyonal yo pa rive fè gen lapè nan monn nan. Depi apre Dezyèm Gè mondyal la, se premye fwa gen tout konfli vyolan sa yo. Gen anviwon 2 milya moun, sa vle di sou chak kat moun, gen youn k ap viv nan zòn kote ki gen konfli vyolan sa yo.

 Poukisa lèzòm pa rive fè gen lapè? Ki sa Bib la di?

Twa rezon ki fè lèzòm pa rive mete lapè

  1.  1.  Atitid moun yo anpeche yo eseye fè lapè. Bib la te gentan fè konnen, nan epòk nou an, “moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, [...] yo pap fidèl, [...] yo pap dispoze antann yo, [...] y ap san metriz, y ap sovaj, [...] y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy.” — 2 Timote 3:2-4.

  2.  2. Kit se yon moun poukont li, kit se tout moun yo met ansanm, yo pa gen kapasite pou yo rezoud pwoblèm yo san Jewova a Dye, Kreyatè yo a, pa ede yo. Bib la fè konnen “se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” — Jeremi 10:23.

  3.  3. Lemonnantye anba pouvwa Satan Ledyab, yon dirijan ki pisan e ki mechan, “k ap twonpe lemonnantye”. (Revelasyon 12:9.) Toutotan “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”, ap toujou gen lagè ak konfli. — 1 Jan 5:19.

Kiyès ki ka pote lapè?

 Bib la ban nou asirans ap gen lapè, men se Bondye k ap rive fè sa, se pa lèzòm.

  •   “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.’” — Jeremi 29:11.

 Ki jan Bondye pral reyalize pwomès sa a? “Bondye ki bay lapè a pral kraze Satan.” (Women 16:20). Bondye pral itilize yon gouvènman ki nan syèl la, yon gouvènman Bib la rele “Wayòm Bondye a”, pou l mete lapè sou tout tè a (Lik 4:43). Lè Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a, ap dirije tè a, lèzòm pral aprann ki jan pou yo viv anpè. — Ezayi 9:6, 7.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.