Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

agoch: Yasser Qudaih/Anadolu via Getty Images; adwat: RONALDO SCHEMIDT/AFP via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Ki lè ap lèzòm ap sispann goumen youn ak lòt? — Ki sa Bib la di?

Ki lè ap lèzòm ap sispann goumen youn ak lòt? — Ki sa Bib la di?

 “Kounye a se moman pou n kalme nou pou sitiyasyon an pa dejenere. Kounye a se moman pou n kontwole nou plis.” Sa se deklarasyon António Guterres, Sekretè jeneral Nasyonzini, konsènan atak dirèk Iran te fè sou Izrayèl samdi ki te 13 avril 2024 la.

 Konfli ki gen nan Mwayèn Oryan an se jis yon egzanp sou sa k ap pase toupatou sou tè a.

 “Depi apre Dezyèm Gè mondyal la, se premye fwa gen tout konfli vyolan sa yo. Gen anviwon 2 milya moun, sa vle di sou chak kat moun gen youn k ap viv nan zòn kote ki gen konfli vyolan sa yo.” — Konsèy sekirite Nasyonzini, 26 janvye 2023.

 Pami zòn ki gen konfli vyolan yo nou jwenn Izrayèl, Gaza, Siri, Azèbayidjan, Ikrèn, Soudan, Etyopi, Nijè, Myanma ak Ayiti. a

 Ki lè lèzòm ap sispann goumen youn ak lòt? Èske dirijan yo nan monn nan ka mete lapè? Ki sa Bib la di?

Gen lagè toupatou nan monn nan

 Konfli ki genyen toupatou sou tè a jodi a fè nou konprann talè konsa pap gen lagè pyès kote. Gè ki gen kounye a ap reyalize pwofesi Bib la te bay pou epòk n ap viv la. Bib la rele epòk nou an “fen sistèm nan”. — Matye 24:3.

  •   “Nou pral tande bri lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè. [...] Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.” — Matye 24:6, 7.

 Li atik “Ki sa ki siy “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”?” pou w wè ki jan lagè ki gen jodi a reyalize pwofesi ki nan Bib la.

Yon gè ki pral mete fen nan tout gè

 Bib la fè konnen konfli ki gen pami lèzòm yo gen pou kaba. Ki jan sa pral fèt? Se pa grasa efò lèzòm, men pa mwayen Amagedon, “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Revelasyon 16:14, 16.) Gè sa a pral fè li posib pou Bondye reyalize pwomès li fè pou lèzòm gen lapè nètale. — Sòm 37:10, 11, 29.

 Pou w ka aprann plis konsènan gè Bondye ki pral fini ak tout gè a, li atik “Ki sa lagè Amagedon an ye?

a Endis konfli ACLED, “Klasman nivo konfli vyolan ki gen nan monn nan”, janvye 2024