Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Maremagnum/Corbis Documentary via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Èske Amagedon ap kòmanse ann Izrayèl? — Ki sa Bib la di sou sa?

Èske Amagedon ap kòmanse ann Izrayèl? — Ki sa Bib la di sou sa?

 Bib la montre Amagedon se pa yon konfli ki pral fèt nan yon zòn, men se yon gè ki pral fèt toupatou sou tè a ant tout gouvènman lèzòm yo ak Bondye.

  •   “Se pawòl demon enspire, [k al] jwenn wa ki sou tout tè a, pou rasanble yo pou lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an. [...] yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedon.” — Revelasyon 16:14, 16.

 Mo “Amagedon” an soti nan mo ebre Har Meghid·dohnʹ, ki vle di “Montay Megido”. Megido se te yon vil nan tèritwa ansyen Izrayèl la. Se sa k fè, gen moun ki kwè gè Amagedon se ann Izrayèl li pral fèt. Sepandan, ni zòn Megido ann Izrayèl, ni okenn lòt zòn nan Mwayenn Oryan pa gen plas ki ka kenbe “tout wa ki sou tout tè a” avèk lame yo.

 Yo te ekri liv Revelasyon an sou fòm “senbòl” oswa langaj senbolik (Revelasyon 1:1.) Amagedon pa deziyen yon zòn men, se yon sitiyasyon ki pral genyen nan monn nan kote nasyon yo pral rasanble pou yo kanpe kont dominasyon Bondye. — Revelasyon 19:11-16, 19-21.