Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

DEA/G. Dagli Orti/De Agostini via Getty Images

Efò Huldrych Zwingli te fè pou l jwenn verite ki nan Bib la

Efò Huldrych Zwingli te fè pou l jwenn verite ki nan Bib la

 Jodi a, pifò moun k ap chèche laverite sou Bondye ka verifye si sa yo kwè a nan Bib la ou non. Men se pa konsa sa te ye nan kòmansman 16yèm syèk la. Sa k fè sa? Se paske pifò moun pa t gen posiblite pou yo gen yon Bib nan lang pa yo. Donk, se pa t tout moun ki te konn al legliz ki te ka konpare sa legliz di ak sa Bib la di vre. Mete sou sa, chèf legliz yo pa t vrèman ede moun yo. Men sa yon liv di (History of the Christian Church): “Nan peyi Laswis, legliz te kòwonpi. Moun ki te alatèt yo pa t konn anyen, yo te kwè nan sipèstisyon e yo te imoral.”

 Se nan epòk sa a, Huldrych Zwingli te vin ap chèche verite ki gen nan Bib la. Ki sa l te jwenn? Ki sa l te fè pou l te fè moun konnen verite li te jwenn yo? Lè nou etidye lavi l ak sa l te kwè, ki sa nou ka aprann nan sa a?

Zwingli kòmanse chèche laverite

 Lè Zwingli te nan kòmansman ventèn li, li te vle vin yon prèt katolik. Menm jan ak tout moun ki te vle vin prèt nan epòk sa a, Zwingli te oblije etidye filozofi, tradisyon legliz yo ansanm ak sa fondatè legliz yo te ekri. Men, yo pa t mande yo pou yo etidye Labib.

 Ki jan Zwingli te fè vin dekouvri verite ki nan Bib la? Pandan l te nan inivèsite nan vil Basel, an Swis, li te konn al suiv konferans Thomas Wyttenbach te konn fè. Mesye sa a te kondane yon pratik legliz te genyen kote yo te fè moun peye pou yo jwenn gras. a Selon yon moun ki konn ekri byografi, “se nan koute Wyttenback, Zwingli te aprann Jezi te mouri pou peche nou”. (1 Pyè 3:18.) Lè l te vin konprann se sèl sou baz ranson Jezi a yon moun ka jwenn padon, li te rejte ansèyman legliz ki fè konprann dirijan legliz yo ka fè moun jwenn padon si yo peye pou sa (Travay 8:20). Malgre sa, Zwingli te kontinye nan inivèsite a e l te vin yon prèt katolik lè l te gen 22 an.

 Nan menm epòk la, Zwingli te aprann grèk poukont li pou l te ka konprann lang orijinal yo te ekri sa moun rele Nouvo Testaman an. Li te etidye sa Erasmus te ekri kote li te aprann se sèl Jezi ki medyatè ant Bondye ak lèzòm jan Bib la di sa a (1 Timote 2:5). Sa te vin fè Zwingli gen dout sou ansèyman katolik ki montre sen yo ede moun gen relasyon ak Bondye.

 Lè Zwingli te vin nan trantèn li, li te fè plis rechèch toujou pou l jwenn laverite sou Bondye. Nan epòk sa a, te gen plizyè peyi ann Ewòp ki t ap goumen pou yo pran Itali e Zwingli te sèvi kòm prèt nan lame Swis la. An 1515, nan batay ki te fèt Marignano a, Zwingli te wè jan katolik t ap touye plizyè milye katolik parèy yo. Apre kèk ane, Zwingli te kopye liv nan Bib la ki te ekri an grèk yo alamen e li te aprann yo pa kè. An 1519, li t al viv nan vil Zirik, kote pi gwo politisyen nan peyi Laswis yo te ye. Pandan l te la, li te vin kwè depi yon bagay pa nan Bib la, legliz ta dwe sispann anseye l. Men, ki jan l t ap rive ede lòt moun wè sa?

“Se premye fwa [yo] tande yon bagay konsa”

 Zwingli te gen konviksyon si moun yo te tande verite ki soti nan Bib la, yo t ap sispann kwè nan manti relijyon yo bay yo. Lè li te vin prèt nan yon gwo legliz ki rele Grossmünster, nan vil Zirik, nan premye prèch li te bay la, li te fè konnen li pa t ap li nan liv an laten b prèt yo te konn li depi plizyè santèn ane a, e pawòl sa yo te fè moun sezi. Li te fè konnen, nan plas liv sa a, li t ap li levanjil yo chapit pa chapit, depi okòmansman pou rive nan fen dirèkteman nan Bib la. Li te fè konnen tou, olye li pran ide moun ki te fonde legliz yo pou esplike vèsè nan Bib la, li t ap kite Bib la esplike tèt li. Pou l te fè sa, li te sèvi ak vèsè ki te fasil pou moun konprann pou l esplike vèsè ki pa fasil yo. — 2 Timote 3:16.

Sergio Azenha/Alamy Stock Photo

Legliz Grossmünster nan Zirik

 Lè Zwingli t ap preche, li te montre moun yo jan Bib la ka itil yo nan lavi yo. Li te ede yo konprann prensip moral ki nan Bib la e li te fè yo konnen se yon bagay ki mal pou yo adore Mari, manman Jezi. Li te fè yo konnen tou lè yo priye sen, lè yo vann “gras” e lefètke prèt yo t ap fè imoralite, tout sa se te bagay ki mal tou. Ki jan moun yo te reyaji? Men sa kèk moun te di apre premye prèch li te bay la: “Se premye fwa nou tande yon bagay konsa.” Men sa yon istoryen te ekri konsènan katolik ki t ap koute Zwingli yo: “Moun ki te sispann al legliz paske bagay san sans ak imoralite prèt yo t ap fè te ba yo degoutans te rekòmanse al legliz.”

 An 1522, prèt an chèf yo te fè politisyen nan vil Zirik yo leve kanpe kont moun k ap anseye bagay ki depaman ak doktrin Legliz la. Sa te vin lakòz yo akize Zwingli kòm moun ki kont doktrin Legliz la. Kòm li pa t aksepte abandone kwayans li te genyen yo, li te demisyone kòm prèt nan Legliz katolik.

Ki sa Zwingli te fè?

 Byenke Zwingli pa t yon prèt ankò, li te toujou preche e l te kontinye konvenk lòt moun pou yo vin gen menm kwayans avè l. Anpil moun te vin konnen l lefètke li t ap preche e li te menm vin gen enfliyans sou politisyen nan vil Zirik yo. Grasa kontak sa yo li te vin genyen, li te fè plizyè refòm nan relijyon nan Zirik. Pa egzanp, an 1523, li te konvenk jij nan Zirik yo pou yo entèdi moun anseye ide ki pa soti nan Bib la. An 1524, li te konvenk yo pou yo fè konnen idolatri se yon bagay ki ilegal. Majistra yo, ki te gen pastè nan zòn nan ak pèp la k ap soutni yo, te detwi lotèl, zidòl, imaj ak estati. Men sa yon liv fè konnen (Zwingli—God’s Armed Prophet): “Depi apre gwoup moun yo te rele Viking yo te fin piye legliz yo, se premye fwa legliz kretyen yo te sibi yon destriksyon konsa.” Rive 1525, Zwingli te konvenk otorite yo pou yo fè lokal Legliz yo posede yo tounen lopital e pou bay pè yo ak mè yo posiblite pou yo marye. Li te mande tou pou yo fè yon seremoni pi senp ki baze sou Bib la pou ranplase lamès (1 Korentyen 11:23-25). Gen istoryen ki fè konnen efò Zwingli yo te fè chèf relijye ak politisyen nan Zirik met tèt ansanm, sa ki te poze baz pou Refòm ki te fèt la e pou relijyon Potestan an te vin egziste.

Bib Zirik la, edisyon 1536, syèj mondyal Temwen Jewova yo, Wòwik, Nouyòk

 Pi gwo travay Zwingli te fè se tradui Bib la. Pandan ane 1520 yo, li menm ansanm ak yon gwoup biblis te sèvi ak maniskri orijinal ki te ekri ann ebre e an grèk yo, yo te sèvi tou ak Septant lan, ki te ekri an grèk, ansanm ak Vilgat la, ki te ekri ann ebre, pou fè tradiksyon yo a. Metòd yo a te senp. Yo te konn li chak vèsè nan lang orijinal la ak nan tradiksyon moun fè konfyans. Apre sa, yo te konn pale sou sans vèsè a epi yo ekri sa yo te konprann nan. Efò yo te fè pou yo esplike Pawòl Bondye a e pou yo tradui l te bay rezilta, paske an 1531, yo te pwodui yon Bib nan yon sèl volim ki rele Bib Zirik.

 Petèt Zwingli te sensè men, li pa t respekte moun ki pa t gen menm kwayans avè l e li te di ak yo. Pa egzanp, an 1525, li te patisipe nan pwosè yon gwoup yo rele Anabatis, yo pa t dakò pou yo batize tibebe jan li menm li te kwè sa. Lè tribinal la te fè konnen pou yo touye tout moun ki pa dakò pou yo batize tibebe, Zwingli pa t di anyen pou montre li pa soutni santans sa a ki te rèd. Epitou, li te ankouraje kèk politisyen pou yo fè sòlda yo fòse moun aksepte Refòm nan. Men, gen plizyè zòn nan peyi Laswis ki te katolik ki pa t aksepte Refòm nan. Sa te lakòz yon gè sivil. Zwingli t al nan batay ak sòlda ki te soti Zirik yo, e se la li te mouri lè l te gen 47 an.

Sa Zwingli kite pou nou

 Pa gen dout, Huldrych Zwingli te fè kèk bagay ki te chanje listwa, byenke moun plis konnen Martin Luther ak Jean Calvin kòm moun ki te enpòtan nan Refòm potestan an. Zwingli te plis detache ak ansèyman Legliz katolik women an pase Luther e sa l te anseye yo te fè l pi fasil pou moun vin aksepte ide Calvin yo. Se poutèt sa yo pale de li kòm twazyèm moun nan Refòm nan.

 Sa Zwingli te reyalize yo gen ni bon kote ni move kote. Pou l te ka fè moun aksepte ide l yo, li te antre fon nan politik e l te patisipe nan lagè. Lefètke l te fè sa, li pa t suiv egzanp Jezi Kris ki pa t antre nan politik e ki pa t anseye disip li yo pou yo touye ènmi yo, men ki te anseye yo pito pou yo renmen ènmi yo. — Matye 5:43, 44; Jan 6:14, 15.

 Malgre sa, moun sonje Zwingli kòm yon moun ki te konn etidye Bib la e ki te chofe pou l pale ak lòt moun sou sa l te aprann. Li te dekouvri anpil verite nan Bib la e l te ede lòt moun fè menm jan an.

a Nan ka sa a, “gras” fè referans ak yon seri dekrè dirijan legliz yo te konn pase swadizan pou redui oubyen elimine pinisyon moun k ap soufri nan pigatwa apre yo fin mouri.

b Liv sa a se yon liv ki gen plizyè vèsè yo te konn li pandan ane a.