Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa aksepte pran san?

Poukisa Temwen Jewova yo pa aksepte pran san?

Sa anpil moun panse men ki pa sa vre

 Sa moun yo di: Temwen Jewova yo pa kwè doktè ka ede yo, se poutèt sa yo pa chèche jwenn tretman medikal.

 Sa ki verite: Nou chèche jwenn pi bon swen doktè ni pou tèt nou ni pou fanmi nou. Lè nou malad, n al kay doktè ki maton nan bay moun bon tretman e ki aksepte fè operasyon san yo pa itilize san. Nou apresye pwogrè lamedsin fè. An reyalite, lefètke doktè yo vini ak metòd ki pèmèt yo opere Temwen Jewova yo san yo pa ba yo san, sa itil tout kominote a. Nan anpil peyi, nenpòt moun yo pral opere kapab deside li pap pran risk ki genyen lè moun pran san, tankou maladi moun ka pran nan san, move konsekans sa gen sou sistèm defans ki nan kò moun ki pran san yo ak erè moun k ap bay san yo konn fè.

 Sa moun yo di: Temwen Jewova yo panse lafwa ap geri maladi yo genyen.

 Sa ki verite: Nou pa panse lafwa ap geri maladi nou genyen.

 Sa moun yo di: Sa koute pi chè lè yon moun pa vle pran san.

 Sa ki verite: Sa koute mwen chè pou yon moun suiv tretman kote li pap bezwen pran san a.

 Sa moun yo di: Gen anpil Temwen Jewova, san wete timoun, ki mouri chak ane paske yo pa t aksepte pran san.

 Sa ki verite: Moun yo pa gen okenn prèv pou kore sa yo di a. Detanzantan, chirijyen yo fè operasyon ki difisil, tankou operasyon nan kè, operasyon nan zo oswa nan mis kò moun, oswa mete ògàn yon moun nan kò yon lòt moun, san yo pa ba yo san b. Apre doktè yo fin opere malad yo, granmoun kou timoun, san yo pa ba yo san, yo santi yo anfòm oswa yo santi yo pi anfòm pase moun ki te aksepte pran san c. Antouka, pèsonn pa ka bay garanti yon pasyan ap mouri paske li pa vle yo ba li san oswa l ap viv paske li aksepte pran san.

Poukisa Temwen Jewova yo pa aksepte pran san?

 Se akoz kwayans yo, se pa yon pwoblèm yo gen ak tretman sa a. Ni nan Ansyen Testaman an, ni nan Nouvo Testaman an, Labib bay lòd pou moun evite san (Jenèz 9:4; Levitik 17:10; Detewonòm 12:23; Travay 15:28, 29). Mete sou sa, pou Bondye san reprezante lavi (Levitik 17:14). Se sa k fè, nou evite pran san, nonsèlman paske nou vle obeyi Bondye, men tou paske nou respekte l antanke Sila a ki bay lavi.

Moun yo vin konprann kesyon sa a yon lòt jan

Moun kapab fè operasyon ki konplike san pwoblèm menmsi yo pa ba yo san

 Te gen yon lè, medsen yo an jeneral te panse tretman lè yon malad pa aksepte pran san, sa vle di li pa vle tretman kote yo itilize san, se yon desizyon ki egzajere, yo te menm panse se touye malad la ap touye tèt li. Men, sa chanje pandan dènye ane sa yo. Pa egzanp, an 2004, gen yon atik yo te pibliye nan yon jounal k ap fòme moun nan kesyon lamedsin ki di: “Anpil nan teknik yo itilize pou pran swen malad ki Temwen Jewova yo pral vin teknik de baz yo pral itilize nan ane k ap vini yo. d” Nan ane 2010, men sa yon atik nan yon jounal (Heart, Lung and Circulation) te fè konnen: “Se pa pou Temwen Jewova yo sèlman yo ta dwe fè ‘operasyon san yo pa itilize san’, men, sa ta dwe rantre nan teknik chirijyen yo ap itilize chak jou.”

 Sou tout kò tè a, gen plizyè milye medsen ki itilize teknik kote yo konsève san malad yo lè y ap fè operasyon konplike, san yo pa bay moun yo san. Yo menm itilize teknik sa yo nan peyi ki sou wout devlopman, e gen anpil malad ki pa Temwen Jewova ki mande pou yo itilize teknik sa yo pou yo.

a Gade Transfusion and Apheresis Science, volim 33, no 3, p. 349.

b Gade The Journal of Thoracic and Cardiovascular Surgery, volim 134, no 2, paragraf 287-288; Texas Heart Institute Journal, volim 38, no 5, p. 563; Basics of Blood Management, p. 2; ak Continuing Education in Anaesthesia, Critical Care & Pain, volim 4, no 2, p. 39.

c Gade The Journal of Thoracic and Cardiovascular Surgery, Volim 89, no 6, p. 918; and Heart, Lung and Circulation, Volim 19, p. 658.

d Continuing Education in Anaesthesia, Critical Care & Pain, volim 4, no 2, paj 39.