Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo vizite moun ki deja gen yon relijyon?

Poukisa Temwen Jewova yo vizite moun ki deja gen yon relijyon?

 Nou remake anpil moun ki deja gen relijyon pa yo renmen pale sou Labib. Byennantandi, nou respekte dwa chak moun genyen pou l gen kwayans ki diferan ak kwayans pa nou e nou pa fòse pèsonn aksepte mesaj nou an.

 Lè nou pale de relijyon ak lòt moun, nou eseye aplike konsèy ki nan Bib la pou nou fè sa ak “dousè” e pou nou montre nou gen “gwo respè” pou yo (1 Pyè 3:15). Nou konnen se pa tout moun k ap aksepte mesaj nou an (Matye 10:14). Men, nou pa konnen ki fason moun yo ap reyaji anvan nou pale avèk yo. Nou rann nou kont sitiyasyon moun yo chanje tou.

 Pa egzanp, yon moun kapab twò okipe pou l pale avèk nou yon jou, men l ap byen kontan pale avèk nou nan yon lòt okazyon. Mete sou sa, moun yo kapab ap jere kèk pwoblèm oswa sitiyasyon ki difisil, sa ki ka fè yo vin enterese nan mesaj Bib la. Se sa k fè, nou fè sa n kapab pou n pale ak moun yo plis pase yon sèl fwa.