Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo kontinye pale ak moun ki deja di: “Mwen pa enterese”?

Poukisa Temwen Jewova yo kontinye pale ak moun ki deja di: “Mwen pa enterese”?

 Etandone Temwen Jewova yo renmen Bondye ak pwochen yo, yo pran plezi pataje mesaj ki nan Bib la ak tout moun, menm moun ki te deja di “mwen pa enterese” yo (Matye 22:37-39). Lanmou nou gen pou Bondye pouse n obeyi lòd Pitit gason l lan te ban nou pou n “bay yon temwayaj konplè”. (Travay 10:42; 1 Jan 5:3.) Pou n rive fè sa, nou kontinye pote mesaj Bondye a bay moun yo menm jan pwofèt Bondye nan tan lontan yo te konn fè sa (Jeremi 25:4). Piske nou renmen pwochen nou, nou eseye fè tout moun tande “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan” k ap sove lavi moun, san wete moun ki pa t enterese okòmansman yo. — Matye 24:14.

 Byen souvan, nou konn jwenn moun ki enterese apre n fin retounen vizite yon kay kote moun yo pa t enterese anvan sa. Ann konsidere twa rezon:

  •   Moun yo konn deplase.

  •   Lòt moun nan kay la konn montre yo enterese nan mesaj nou an.

  •   Moun yo konn chanje. Evènman k ap rive nan monn nan oswa sitiyasyon pèsonèl konn fè kèk moun vin “pran konsyans yo bezwen Bondye” e konsa, yo konn vin enterese nan mesaj ki nan Bib la (Matye 5:3). Menm moun ki te opoze avè n yo ka vin fè chanjman nan kè yo, menm jan apot Pòl te fè sa. — 1 Timote 1:13.

 Sepandan, nou pa fòse pèsonn tande mesaj nou an (1 Pyè 3:15). Nou kwè se chak moun ki dwe pran pwòp desizyon yo nan kesyon adore Bondye. — Detewonòm 30:19, 20.