Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete Nwèl?

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete Nwèl?

Sa anpil moun panse men ki pa sa vre

 Sa moun yo di: Rezon ki fè Temwen Jewova yo pa fete Nwèl se paske yo pa kwè nan Jezi.

 Sa ki verite: Temwen Jewova yo se kretyen. Donk, yo kwè se sèlman grasa Jezi yo ka jwenn lavi. — Travay 4:12.

 Sa moun yo di: Lefètke nou anseye moun yo pou yo pa fete Nwèl, nou lakòz fanmi yo divize.

 Sa ki verite: Temwen Jewova yo enterese anpil nan fanmi. Se sa k fè, yo sèvi ak Bib la pou yo ede fanmi yo vin pi pwòch youn ak lòt.

 Sa moun yo di: Nou pèdi bèl bagay ki genyen nan epòk Nwèl, tankou bay kado, fè lapè ak lòt moun epi fè byen pou lòt moun.

 Sa ki verite: Nou fè efò chak jou nan lavi nou pou n aprann bay e pou nou viv anpè ak lòt moun (Pwovèb 11:25; Women 12:18). Pa egzanp, fason nou òganize reyinyon nou yo ak fason nou òganize travay predikasyon an, ann amoni ak yon enstriksyon Jezi te bay ki di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” (Matye 10:8). Anplis de sa, nou atire atansyon moun yo sou Wayòm Bondye a ki se bonjan espwa pou lapè rive tabli sou tè a. — Matye 10:7.

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete Nwèl?

  •   Jezi te ban nou lòd pou n komemore lanmò l, li pa t ban nou lòd pou n fete anivèsè nesans li. — Lik 22:19, 20.

  •   Apot Jezi yo ak premye kretyen yo pa t konn fete Nwèl. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Se apati ane 243 [epòk nou an], yo te kòmanse fete anivèsè nesans Jezi.” (New Catholic Encyclopedia.) Sa vle di, yo te kòmanse fete fèt sa a plis pase yon syèk apre dènye apot la te fin mouri.

  •   Bib la pa di ki lè Jezi te fèt e pa gen okenn prèv ki montre Jezi te fèt 25 desanm.

  •   Nou kwè Bondye pa dakò ak fèt Nwèl paske fèt sa a soti nan koutim ak pratik payen. — 2 Korentyen 6:17.

Poukisa nou chwazi pa fete Nwèl alòske tout moun fete l?

 Anpil moun toujou kontinye fete Nwèl malgre yo byen konnen li soti nan pratik payen, e malgre yo konnen tou Bib la pa ankouraje nou fete l. Moun sa yo gendwa ap di: Poukisa pou m chwazi pa fè sa pifò moun ap fè? Poukisa pou m pa ta fete l?

 Bib la ankouraje nou sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a (Women 12:1, 2). Bib la anseye nou laverite (Jan 4:23, 24). Konsa, olye nou bay tèt nou pwoblèm sou fason lòt moun wè nou, nou suiv prensip ki nan Bib la nan lavi nou menmsi sa ta fè nou pa popilè.

 Menmsi nou chwazi pa fete Nwèl, nou respekte dwa chak moun genyen pou yo pran desizyon pa yo nan ka sa a. Nou pa anpeche lòt moun fete Nwèl.