Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?

Èske Temwen Jewova yo kwè nan Jezi?

 Wi. Nou kwè nan Jezi ki te di: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 14:6). Nou kwè Jezi te soti nan syèl la vin sou tè a e l te sakrifye lavi l antanke yon moun pafè kòm ranson (Matye 20:28). Lanmò li ak rezirèksyon l rann li posib pou moun ki demontre lafwa nan li jwenn lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16). Nou kwè tou Jezi ap gouvène nan Wayòm selès Bondye a antanke Wa e Wayòm sa a pral pote lapè sou tout tè a (Revelasyon 11:15). Men, nou pran sa Jezi te di yo pou laverite lè l te di: “Papa a gen pi gwo pozisyon pase m.” (Jan 14:28). Se sa k fè nou pa adore Jezi, piske nou pa kwè se li ki Bondye Toupisan an.