Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon y ap bay Bondye a?

Poukisa Temwen Jewova yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon y ap bay Bondye a?

 Gen anpil moun ki panse kwa se yon senbòl ki reprezante Krisyanis lan. Se vre, Temwen Jewova yo se kretyen, men, nou pa sèvi ak kwa nan adorasyon n ap bay Bondye. Poukisa nou pa sèvi ak kwa?

 Youn nan rezon yo se paske, Bib la fè konnen Jezi pa t mouri sou yon kwa, men pito li te mouri sou yon poto. Anplis de sa, Bib la ban nou bonjan direksyon pou nou “pa mele nan sèvis zidòl”, sa vle di nou pa dwe sèvi ak kwa nan adorasyon n ap bay Bondye. — 1 Korentyen 10:14, Bib la; 1 Jan 5:21.

 Li enpòtan pou n reflechi sou yon pawòl Jezi te di. Men sa l te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:34, 35). Nan pawòl sa yo, Jezi te fè konnen, se lanmoun ki pouse nou fè sakrifis youn pou lòt la, ki t ap idantifye nou antanke disip li, men se pa t ap kwa oubyen nenpòt lòt imaj.