Al gade sa k anndan l

Èske nan relijyon Temwen Jewova a fi yo preche?

Èske nan relijyon Temwen Jewova a fi yo preche?

 Wi. Tout Temwen Jewova yo preche oubyen yo evanjelize. Gen plizyè milyon fi ki Temwen Jewova k ap preche tou. Tankou Bib la fè konn sa: “medam k ap anonse bon nouvèl la se yon gwo lame.” — Sòm 68:11.

 Fi ki Temwen Jewova yo suiv egzanp fi yo pale de yo nan Bib la (Pwovèb 31:10-31). Menmsi yo pa pran latèt nan asanble yo ye a, yo patisipe ak tout kè yo nan travay predikasyon an. Anplis de sa yo anseye pitit yo prensip biblik yo (Pwovèb 1:8). Ni nan pawòl yo ni aksyon yo, fi ki Temwen Jewova yo fè anpil efò pou yo gen bon enfliyans sou lòt moun. — Tit 2:3-5.