Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Bay pitit nou prensip moral

Bay pitit nou prensip moral

Loyda *, yon manman nan peyi Meksik: “Nan lekòl yo, yo bay jèn yo kapòt. Sa fè jèn yo konprann pa gen anyen mal pou yo fè sèks depi yo sèvi ak kapòt.”

Nobouko, yon manman nan peyi Japon: “Mwen te mande pitit gason m nan ki sa li t ap fè si li menm ak mennaj li ta poukont yo. Li te reponn: ‘M pa konnen.’”

LÈ PITIT ou te timoun, èske w te fè yon mwayen pou pa gen anyen nan kay la ki reprezante yon danje pou yo? Petèt ou te fè yon jan pou yo pa al nan priz kouran yo, ou te konn sere tout bagay ki ka blese yo e ou te konn bare eskalye yo yon fason pou w pwoteje yo.

Se pa ti kontan ou t ap kontan si l te fasil pou w pwoteje yo konsa lè yo kòmanse vin jèn tigason ak jèn demwazèl! Kounye a, gen lòt kesyon nan lespri w ki fè w pi enkyete pou yo, tankou: ‘Ou kwè pitit gason m nan pa nan gade pònografi?’ ‘Ou kwè pitit fi m nan pa tonbe nan voye foto l bay lòt moun nan telefòn selilè, yon seri foto ki endesan?’ Lòt kesyon ki bay paran yo plis enkyetid la se: ‘Ou kwè pitit mwen an pa deja nan fè sèks?’

Petèt nou pa gen kontwòl yo vre

Gen paran ki chèche gen kontwòl pitit yo 24 sou 24 lè yo pa lage yo yon may e lè yo veye tout sa y ap fè. Sepandan, pi devan, anpil nan yo rann yo kont lè yo fè sa, yo fè pitit yo kache sa y ap fè. Lè konsa, pitit yo vin maton nan kache konduit paran yo pa vle yo genyen an.

Pa gen dout nan sa, lè nou chèche gen kontwòl pitit nou, sa pa bay bon rezilta. Jewova pa sèvi ak metòd sa a pou l fè kreyati l yo obeyi l, e nou pa dwe fè sa nonplis (Detewonòm 30:19). Men, ki jan nou ka ede pitit nou ki jèn pran bon desizyon nan domèn moral? — Pwovèb 27:11.

Yon bagay byen senp nou kapab fè se toujou pale avèk yo. Li bon pou nou kòmanse fè sa depi yo toupiti * (Pwovèb 22:6). Annapre, lè yo kòmanse gran, n ap bezwen kontinye pale ak yo. Antanke paran, se nou menm an premye ki pou bay pitit nou bonjan enfòmasyon. Men sa Alisya, yon jèn fi ki gen 17 an, k ap viv nan peyi Angletè, di: “Anpil moun panse nou pi pito pale ak zanmi nou sou sèks, men se pa vre. Nou prefere lè se paran nou ki ban nou enfòmasyon sou sèks. Nou kwè nan sa yo di nou.”

Yo bezwen bon prensip

Pandan pitit nou yo ap grandi, yo bezwen konnen plis bagay sou sèks pase annik konnen ki jan timoun fèt. Yo bezwen “rive distenge sa ki byen ak sa ki mal [lè] yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann”. (Ebre 5:14.) An rezime, yo bezwen vin kwè toutbon nan prensip nou ba yo ki gen rapò ak sèks e yo bezwen suiv prensip sa yo. Men, ki jan nou ka bay pitit nou bonjan prensip?

Pou kòmanse, reflechi sou prensip nou genyen yo. Pa egzanp, nou kapab kwè ak tout kè nou fònikasyon, sa vle di relasyon seksyèl ant moun ki pa marye, pa bon (1 Tesalonisyen 4:3). E sandout, pitit nou yo konnen pwennvi nou sou kesyon sa a. Yo kapab menm site vèsè ki kore kwayans nou yo, e si moun poze yo kesyon sou sa, san reflechi, yo ka di sa pa bon.

Sepandan, yo bezwen konn plis toujou. Gen yon liv ki fè konnen gen kèk jèn se nan bouch yo dakò ak kwayans paran yo genyen anrapò ak sèks. Liv la di: “Yo pa gen ase konviksyon pou yo pran desizyon pou tèt yo. Lè yo nan sitiyasyon yo pa t atann, yo pa konn ‘ki sa pou yo fè’, sa mete yo nan konfizyon e sa ba yo pwoblèm.” ​(Sex Smart.) Se pou rezon sa a menm ki fè yo bezwen prensip. Ki jan nou kapab ede yo vin gen prensip sa yo?

Fè yo konnen prensip nou yo byen klè.

Paran, si nou kwè se moun marye sèlman ki gen dwa fè sèks, fè pitit nou yo konn sa byen klè epi raple yo sa souvan. Gen yon lòt liv ki fè konnen, dapre rechèch ki fèt, “nan kay kote paran yo fè pitit yo konnen byen klè yo pa dakò pou jèn yo fè sèks, jèn sa yo gen tandans ret tann pi lontan anvan yo kòmanse fè sèks”. — Beyond the Big Talk.

Jan nou te mansyone sa, annik fè pitit nou yo konnen prensip nou genyen yo pa bay garanti y ap chwazi suiv yo. Sepandan, lè nou bay pitit nou bonjan prensip anndan fanmi an, sa ap ede yo pou yo vin gen pwòp prensip pa yo. Gen etid ki montre gen anpil moun ki vin adopte prensip paran yo te ba yo menmsi yo pa t montre yo te aksepte prensip sa yo lè yo te jèn.

MEN SA W KA FÈ: Sèvi ak yon enfòmasyon ou tande nan nouvèl pou w kòmanse yon konvèsasyon ak pitit ou pou w ka fè yo konnen prensip ou genyen yo. Pa egzanp, si gen yon nouvèl ki pale de yon gason ki vyole yon fi, ou kapab di: “Sa ban m degoutans lè m wè jan kèk gason ap fè abi sou fi. Dapre ou menm, ki sa k pouse gason sa yo fè sa?”

Di yo tout laverite sou sèks.

Pitit nou yo bezwen avètisman nan domèn sa a (1 Korentyen [Korent] 6:18; Jak 1:14, 15). Sepandan, Bib la plis pale de sèks kòm yon kado Bondye ban nou, olye l pale de li kòm yon pyèj Satan tann pou nou (Pwovèb 5:18, 19; Chan Salomon [Kantik] 1:2). Si nou avèti pitit nou sèlman kont danje ki genyen nan sèks, yo kapab vin gen yon move pwennvi sou sijè a, yon pwennvi ki pa biblik. Men sa yon jèn dam an Frans ki rele Korina di: “Paran m te toujou ap ensiste sou imoralite seksyèl, e sa te fè m mal wè sèks.”

Asire nou pitit nou konnen tout laverite sou sèks. Men sa yon manman ki rele Nadya k ap viv Meksik di: “Sa m toujou eseye fè pitit mwen yo ki jèn konnen sèke sèks se yon bagay ki bèl, ki nòmal, e Jewova bay lèzòm li pou yo pran plezi ladan l. Men, se sèlman lè yon moun marye li dwe fè sa. Anplis, mwen fè yo konnen selon fason nou sèvi avè l, li kapab ban nou kè kontan oswa li kapab fè nou soufri.”

MEN SA W KA FÈ: Pwochen fwa w ap pale ak pitit ou sou sèks, fini konvèsasyon an yon fason pozitif. Ou pa bezwen pè fè yo konnen sèks se yon bèl kado Bondye bay e lè yo marye y ap kapab jwi l. Fè yo santi ou gen konfyans y ap kontinye suiv prensip Bondye yo nan domèn sa a jiskaske yo marye.

Ede pitit nou konprann konsekans yo.

Pou pitit nou yo ki jèn pran bon desizyon nan tout domèn nan lavi yo, yo bezwen konnen ki desizyon yo kapab pran e yo bezwen chèche wè bon kote ak move kote ki genyen nan chak desizyon. Pinga nou panse yo sèlman bezwen konnen sa ki byen ak sa ki mal. Men sa yon kretyèn ki rele Ema k ap viv Ostrali di: “Lè m reflechi sou erè m te fè lè m te jèn, mwen kapab di lefètke yon moun konnen prensip Bondye yo, sa pa vle di li dakò ak yo. Li enpòtan anpil pou yon moun konnen avantaj l ap jwenn lè l suiv prensip Bondye yo ak konsekans l ap jwenn si l pa suiv yo.”

Nan sans sa a, Labib kapab ede nou paske li gen pawòl ki montre konsekans yon moun ap jwenn lè l fè yon peche. Pa egzanp, Pwovèb 5:8, 9 (NW) ankouraje jèn gason yo pou yo kouri pou fònikasyon yon fason “pou [yo] pa bay lòt moun diyite [yo]”. Jan vèsè sa yo montre sa, yon moun ki gen prensip moral e ki fè sèks anvan li marye vyole pwòp prensip li, li pa sèvi Bondye ak tout kè l e li pa respekte tèt li. Lè li aji konsa, li pap fasil pou yon moun ki gen prensip moral e ki respekte prensip sa yo anvi marye avè l. Lè pitit nou yo ki jèn reflechi sou maladi yo ka pran, sou jan yo ka soufri nan domèn afektif, e sou jan yo ka gate relasyon yo ak Bondye, sa kapab ba yo plis detèminasyon pou yo viv selon prensip Bondye yo *.

MEN SA W KA FÈ: Sèvi ak egzanp pou w ede pitit ou wè sajès ki genyen nan prensip Bondye yo. Pa egzanp ou ka di: “Yon boukan dife se yon bon bagay, men lè yon forè pran dife, sa pa bon. Ki diferans ki genyen ant yon boukan dife ak yon dife ki pran nan yon forè? Ki rapò repons ou bay la genyen ak limit Bondye bay sou sèks?” Sèvi ak konsèy ou jwenn nan Pwovèb 5:3-14 la pou w ede pitit ou konprann konsekans fònikasyon genyen.

Men sa Takawo, yon jèn ki gen 18 an, k ap viv nan peyi Japon, di: “Mwen konnen mwen dwe fè sa ki byen, men, mwen kontinye ap lite ak dezi mwen gen nan chè m.” Lè jèn ki nan sitiyasyon sa yo konnen yo pa poukont yo, sa ka rekonfòte yo. Men sa apot Pòl te admèt byenke li te yon kretyen ki gen matirite: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal la ki prezan lakay mwen.” — Women 7:21.

Li bon pou jèn yo konnen se pa yon bagay ki mal pou yo lite ak tèt yo. Sa kapab ede yo konnen ki kalite moun yo vle ye. Sa kapab ede yo wè tou ki jan pou yo reponn kesyon ki vin annapre yo: ‘Kiyès mwen vle ki pou dirije lavi m, mwen menm oubyen lòt moun? Èske m vle pou moun konnen m kòm yon moun ki gen prensip moral, ki gen entegrite, oubyen, èske m vle pou yo konnen m kòm yon moun k ap kopye sou lòt moun e ki kite dezi l dirije l?’ Si pitit ou gen bon prensip moral, sa ap ede yo byen reponn kesyon sa yo.

^ § 3 Gen non moun yo chanje nan atik sa a.

^ § 10 Pou plis enfòmasyon sou fason pou nou kòmanse konvèsasyon ak pitit nou sou sèks e sou fason pou nou ba yo enfòmasyon ki apwopriye ak laj yo, gade Toudegad janvye-mas 2011, paj 10-12.

^ § 22 Pou nou jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Les jeunes s’interrogent — Faut-il qu’on couche ensemble?” ki nan Réveillez-vous! avril 2010 la. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

MANDE TÈT OU...

  • Ki prèv mwen genyen pitit mwen gen bonjan prensip moral e yo respekte prensip sa yo?

  • Lè m ap pale de sèks ak pitit mwen, èske m plis fè yo konprann se yon kado Bondye bay, oswa, èske m fè yo konprann se yon pyèj Satan tann pou yo?