Al gade sa k anndan l

Ki jan Temwen Jewova yo konsidere antèman?

Ki jan Temwen Jewova yo konsidere antèman?

 Pwennvi nou sou antèman baze sou ansèyman ki nan Bib la, e men kèk nan bagay nou kwè:

  •   Li nòmal pou yon moun nan lapenn lè yon moun li renmen mouri. Disip Jezi yo te nan lapenn lè yo te gen moun yo renmen ki mouri (Jan 11:33-35, 38; Travay 8:2; 9:39). Se sa k fè, nou pa konsidere antèman kòm yon moman pou n fè banbòch (Eklezyas 3:1, 4; 7:1-4). Olye de sa, nou konsidere l kòm yon moman pou n demontre konpasyon. — Women 12:15.

  •   Moun ki mouri yo pa konn anyen. Kèlkeswa kote n soti oswa kilti nou, nou evite koutim ak pratik ki chita sou kwayans ki pa nan Bib la kòmkwa moun ki mouri yo gen konesans e yo ka enfliyanse lavi nou (Eklezyas 9:5, 6, 10). Sa gen ladan l koutim tankou: fè vèy, fèt nan antèman ak anivèsè mò, sakrifis pou mò, antre an kontak ak mò ansanm ak koutim dèy pou mari oswa madanm. Nou evite tout koutim ak pratik sa yo paske n obeyi prensip nou jwenn nan Bib la ki di: “Mete nou apa, [...] e sispann manyen bagay ki pa pwòp la.” — 2 Korentyen 6:17.

  •   Gen espwa pou moun ki mouri yo. Bib la fè konnen pral gen yon rezirèksyon e l montre gen yon lè k ap vini kote lanmò pap la ankò (Travay 24:15; Revelasyon 21:4). Esperans sa a ede n pou n pa kite lapenn anvayi n nèt menm jan l te ede premye kretyen yo. — 1 Tesalonisyen 4:13.

  •   Bib la konseye n pou n aji ak modesti. (Pwovèb 11:2.) Nou pa panse yon antèman ta dwe yon moman pou n ap fè “egzibisyon” pou nivo sosyal oswa nivo ekonomik nou (1 Jan 2:16). Nou pa òganize gwo antèman nan entansyon pou n amize n, nou pa achte sèkèy ki koute chè ni nou pa met rad chè pou n enpresyone moun k ap gade.

  •   Nou pa eseye fòse lòt moun aksepte kwayans nou sou antèman. Nan sans sa, nou suiv prensip sa a ki di: “Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.” (Women 14:12). Sepandan, si gen posiblite pou sa, nou eseye esplike kwayans nou “avèk dousè e avèk gwo respè”. — 1 Pyè 3:15.

Ki jan Temwen Jewova yo fè antèman?

 Lokal: Si yon fanmi deside fè yon antèman, antèman an ka fèt nenpòt kote fanmi an chwazi, tankou nan yon Sal Wayòm, yon ponp finèb, yon mezon prive oswa yon simityè.

 Pwogram: Pou rekonfòte fanmi moun ki mouri a, yo bay yon diskou ki esplike sa Bib la di sou lanmò ansanm ak esperans rezirèksyon an (Jan 11:25; Women 5:12; 2 Pyè 3:13). Nan pwogram nan, yo ka pale sou bèl kalite moun ki mouri an te genyen, petèt lè yo atire atansyon sou leson ankourajan nou jwenn nan egzanp li kite antanke moun ki te fidèl. — 2 Samyèl 1:17-27.

 Yo ka chante yon chante ki baze sou Ekriti yo (Kolosyen 3:16). Y ap fè yon priyè ankourajan pou fini pwogram nan. — Filipyen 4:6, 7.

 Lakòlèt: Nou pa mande kwayan parèy nou yo peye anyen pou kèlkeswa sèvis relijye a, san wete antèman, ni nou pa fè lakòlèt nan reyinyon nou yo. — Matye 10:8.

 Asistans: Nou kontan akeyi moun ki pa Temwen ki vin asiste antèman nan Sal Wayòm yo. Menm jan ak reyinyon nou yo, tout moun ka asiste pwogram antèman yo.

Èske Temwen yo konn asiste antèman ki fèt nan lòt relijyon?

 Se chak Temwen Jewova k ap deside gras ak konsyans li ki fòme nan Bib la (1 Timote 1:19). Sepandan, nou pa patisipe nan seremoni relijye nou santi ki pa ann amoni ak sa Bib la di. — 2 Korentyen 6:14-17.