Al gade sa k anndan l

Li te sezi wè rezilta li jwenn

Li te sezi wè rezilta li jwenn

 Desicar se yon manman k ap leve pitit li poukont li. Li te anvi pran sèvis pyonye pèmanan yon fason pou l ka fè plis nan sèvis Jewova a. L ap viv nan yon peyi ki gen kriz ekonomik: N ap pale de Venezyela. Poutan, li te detèmine pou l antre nan sèvis la, e l te vin pyonye pèmanan vre. Se pa ti kontan l te kontan antre nan sèvis la, men COVID 19 te vin met pye.

 Lè pandemi COVID 19 la te fèk kòmanse, li te difisil pou Desicar itilize lòt metòd li pa t konn itilize anvan sa a pou l preche. Li pa t fasil pou l ekri lèt. Epitou, li pa t ka preche sou videyo konferans paske nan zòn kote l ap viv la, Entènèt chè anpil. Li di: “Mwen te santi m dekouraje. Predikasyon m te vin redui yon sèl kou. Mwen te panse mwen pa t efikas nan sèvis la kòm pyonye pèmanan.”

 Sanzatann, an janvye 2021, filyal Temwen Jewova yo nan peyi Venezyela a te dakò pou gen yon kanpay predikasyon espesyal. Yo te pran dispozisyon pou 60 estasyon radyo ak 7 estasyon televizyon pase diskou piblik pandan tout 5 wikenn ki te gen nan mwa kanpay la. Filyal la te ankouraje Temwen yo pou yo envite moun ki enterese yo pou yo branche sou estasyon sa yo. Filyal la te bay kesyon ak vèsè biblik pou chak diskou. Frè ak sè yo t ap ka itilize yo nan lèt y ap ekri ak lè y ap preche nan telefòn. Anplis de sa, filyal la te ankouraje frè ak sè yo pou yo preche pa mwayen tèks (SMS), sa ki te yon metòd ki te nouvo pou anpil frè ak sè ki Venezyela yo.

 Se pa ti kontan Desicar te kontan pou l patisipe nan kanpay sa a. Se vre, li pa t janm preche pa mwayen tèks anvan sa, men li te deside eseye pou l wè. Nan ka sa a li te bezwen èd. Li di: “Mwen pa fò nan itilize telefòn pou voye tèks.” Desicar te mande pitit fi l pou l ede l. Nan yon ti moman, Desicar te gentan anfòm. Li te santi l prè pou l patisipe nan kanpay la.

Desicar

 Desicar te sèvi ak telefòn li pou l voye tèks bay anpil moun li konnen pou l envite yo tande diskou yo. Li te sezi wè rezilta sa te bay. Gen anpil moun nan kontak li yo ki te tande diskou yo e ki te poze l kesyon. Gen moun ki pa t ka branche, men ki te mande Desicar ki sa k te di nan diskou yo. Men sa Desicar di: “Mwen te sèvi ak nòt mwen te pran pou m te fè yon ti rezime pou yo. Anvan sa, mwen pa t janm rive fè plis pase 5 vizit nan yon mwa. Men nan fen kanpay la, mwen te fè 112 vizit.” a

 Desicar te envite yon sè l ki pa Temwen e k ap viv sou kote l pou l tande diskou yo nan radyo. Desicar di: “Mwen te sezi wè l dakò. Chak dimanch a 8è dimaten, mwen te al jwenn li nan apatman l lan pou n tande diskou yo ansanm. Li te gen anpil kesyon ni pandan, ni apre pwogram nan.” Sè li a te asiste Memoryal lanmò Jezi a pa mwayen videyo konferans e li te kite l sèvi ak Entènèt li pou l preche.

 Men ki sa Desicar di: “Mwen di Jewova mèsi anpil. Mwen remèsye ansyen nan kongregasyon m yo tou pou ankourajman yo te ban mwen. Yo te ede m rejwenn kè kontan m te gen anvan an nan travay predikasyon an.” (Jeremi 15:16). Desicar toujou pyonye e li kontinye anseye moun li kontakte pa mwayen tèks yo.

a Nan travay predikasyon Temwen Jewova yo fè a, yo suiv sa lalwa di sou pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl moun.