Al gade sa k anndan l

Yo kontinye sèvi Jewova malgre moman difisil ki genyen nan peyi Venezyela

Yo kontinye sèvi Jewova malgre moman difisil ki genyen nan peyi Venezyela

 Nan ane ki sot pase yo, peyi Venezyela te fè fas ak yon kriz ekonomik ak yon kriz sosyal yo potko janm wè anvan sa. Men sa yon Temwen ki rele Edgar di: “Nan kèk ane sèlman, nivo lavi moun yo te tonbe tèlman ba, sa te fè n santi se kòmsi nou te deplase al nan yon lòt peyi san nou pa kite lakay nou!”

 Ki sa k te ede Edgar? Men sa l di: “Mwen menm ak Carmen, madanm mwen, nou te pran egzanp sou misyonè ki deplase al nan peyi pòv yo, ki aprann viv avèk sa yo genyen, menm lè yo pa jwenn tout sa yo gen bezwen. Sa te ankouraje n pou n senplifye lavi nou, pou n fè yon seri nouvo bagay nou pa t abitye fè, tankou fè pwòp jaden nou pou n jwenn manje pou n manje.”

Carmen ak Edgar

 Men, Edgar ak Carmen te fè plis pase sa. Yo te chèche rekonfòte frè ak sè yo, e pami yo genyen ki te dekouraje anpil (1 Tesalonisyen 5:11). Men sa Edgar di: “Nou pa t jis konsole yo, men nou te eseye ankouraje yo goute lajwa ki genyen nan ede moun ki nan bezwen.” — Travay 20:35.

Yo jwenn bon rezilta pou efò yo fè

 Lè pandemi kowonaviris la te kòmanse, Argenis te deside bay fanmi l yo temwayaj. Gen pami yo ki te dakò etidye Labib avè l nan telefòn.

Argenis

 Argenis te vle pou fanmi l yo ki pa t gen Entènèt gade pwogram kongrè rejyonal 2020 an. Yon Temwen ki te rete nan yon vil toupre te ba yo anrejistreman pwogram nan. Fanmi Argenis te prete yon televizyon gwo ekran ak opalè. Argenis te rele yo anvan pwogram nan te kòmanse pou l priye avèk yo. Tout efò Argenis te fè yo te pèmèt kat moun nan fanmi l ak 15 lòt moun asiste pwogram nan.

Se lafwa ak lanmou ki te motive yo

 Gen yon mari ak madanm ki rele Jairo ak Johana, se yo menm sèl ki gen machin nan kongregasyon yo a. Yo te itilize l pou ede lòt moun. Youn nan defi yo te jwenn, se difikilte pou yo jwenn gaz pou yo achte. Men sa Jairo di: “Nou konn pase plizyè èdtan nan liy ap tann pou n achte gaz, e pafwa nou konn pase tout nuit lan tou.”

Johana ak Jairo

 Jairo te santi tout efò l te fè pou bay lòt moun èd ak machin li an te vo lapenn. Men sa l di: “Lè n al pote pwovizyon pou frè ak sè yo, sa fè nou kontan pou nou wè tout rekonesans yo genyen, pa pou nou menm, men pou Jewova, li menm ki bay pèp li a tout sa l gen bezwen.” — 2 Korentyen 9:11, 14.

Nenpòt moun kapab ede

 Gen yon sè ki nan fen ventèn li ki rele Norianni, li te santi lòt moun te ka wè l twò jèn pou l patisipe nan bay lòt moun èd. Men, li te li 1 Timote 4:12, ki di: “Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo.”

Norianni

 Vèsè sa a te pouse Norianni pou l pase plis tan avèk moun ki granmoun nan kongregasyon an. Li konn ede yo lè y ap ekri lèt pou yo preche e li konn envite yo asiste etid biblik l ap fè. Mete sou sa, li konn rele yo e li konn voye ti mesaj pou l ankouraje yo. Men sa Norianni di: “Jewova te montre m gen anpil bagay m ka fè.”

 Frè ak sè nou yo nan peyi Venezyela ap fè fas ak anpil pwoblèm nan moman difisil sa yo. Men, yo rete chofe nan travay predikasyon an e yo se “yon gwo rekonfò” youn pou lòt. — Kolosyen 4:11; 2 Timote 4:2.