Al gade sa k anndan l

Li mete kèk nòt anba machin a lave a pou pitit fi l yo li

Li mete kèk nòt anba machin a lave a pou pitit fi l yo li

 Apre Zarina te batize antanke Temwen Jewova, li te kite Larisi pou l retounen al viv nan peyi l, ann Azi santral, li te detèmine pou l te anseye de pitit fi l yo laverite. Kòm sitiyasyon ekonomik li pa t twò bon, li t al abite nan menm apatman ak paran l yo, frè l la ak madanm li. Men, paran l yo te ba l lòd pou l pa aprann pitit fi l yo verite ki nan Bib la. E yo te di timoun yo tou pou yo pa pale ak manman yo sou Bib la.

 Zarina te reflechi anpil sou fason li te ka ede pitit fi l yo konnen Jewova (Pwovèb 1:8). Sa l fè, li priye Jewova ak tout kè l pou l mande l sajès ak direksyon. Zarina te aji ann amoni ak priyè l lè li te kòmanse al fè ti mache ak pitit fi l yo e li te pwofite pale avèk yo sou mèvèy ki gen nan kreyasyon an. Se nan fè ti mache sa yo avèk pitit fi l yo ki fè yo te vin enterese konnen Kreyatè a.

 Apre sa, Zarina te itilize yon metòd ki t ap pèmèt li aprann pitit li yo plis bagay. Pou l te fè sa, li te itilize liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a a. Li te kopye paragraf ak kesyon nou jwenn nan liv la motamo sou kèk ti fèy papye. Li te konn ajoute kèk fraz ankò pou l pèmèt yo pi byen konprann sa y ap aprann nan. Apre sa, li te kache ti moso fèy papye yo ak yon kreyon nan saldeben an anba machin a lave a. Konsa, lè pitit fi l yo te nan saldeben an, yo te konn li paragraf yo epi reponn kesyon yo sou menm papye a.

 Grasa metòd sa a, Zarina te gentan etidye de chapit nan liv Ki sa Labib anseye a ak pitit fi l yo, anvan menm yo te jwenn yon lòt kote pou y al abite. Zarina te vin lib pou l etidye ak pitit li yo san pa gen moun ki ka opoze ak sa. Nan mwa oktòb 2016, de pitit fi l yo te batize. Yo kontan paske manman yo te sèvi ak sajès pou l te anseye yo laverite san moun pa t wè sa.

a Anpil moun kounye a sèvi ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.