Al gade sa k anndan l

Vil ki se yon trezò a fè moun wè yon “kado Bondye bay lèzòm”

Vil ki se yon trezò a fè moun wè yon “kado Bondye bay lèzòm”

Youn nan pi gwo vil nan peyi Woumani rele Kloutch-Napoka. Anpil moun rele l Vil ki gen trezò a. Pandan yon fèt liv ki rele Gaudeamus yo te fè nan vil la soti 20 avril pou rive 24 avril 2016, Temwen Jewova yo te montre enpòtans prensip moral ak prensip espirityèl ki nan Bib la. Yo te gen yon stann nan fèt liv la e yo te pale ak plizyè milye moun ki te enterese nan videyo, piblikasyon ki baze sou Bib la ak nan Bib ki te nan stann nan.

Gen plizyè lekòl ki te mennen elèv yo nan fèt liv la, e pwofesè yo te fè elèv yo vizite stann Temwen yo. Elèv yo te sitou renmen videyo ki nan seri Fè zanmi ak Jewova a, e anpil ladan yo te mande liv Liv istwa biblik mwen an ak bwochi Anseye pitit ou a. Gen yon dam ki travay nan yon gadri ki te wè videyo yo ki te di youn nan kòlèg li yo: “Fò nou make adrès sit sa a [anpalan de jw.org] pou nou ka montre timoun yo tout ti komik yo.”

Elèv ki adolesan yo te sezi lè yo te wè desen anime ki t ap pase sou tablèt yo. Pami videyo yo t ap pase yo, te gen Èske se lanmou oswa yon senp santiman?, Byen sèvi ak rezo sosyal ansanm ak Venk yon moun k ap ba w brimad san batay!

Gen yon prèt òtodòks ansanm ak madanm li ki te vin nan stann nan plizyè fwa pou yo pran Labib — Tradiksyon monn nouvo a ak kèk bwochi. Prèt la di “Endèks mo biblik” ki nan Bib la ansanm ak sous moun ka fè konfyans tradiktè yo te sèvi pou fè travay la te enpresyone l. Li bay Temwen yo nimewo telefòn li e li mande yo pou yo kontakte l yon fason pou yo pale plis sou Bib la avè l.

Madanm prèt la te mande ki kote l ka jwenn enfòmasyon pou timoun sou sit jw.org la e yo te voye l nan seksyon “Timoun” ki sou sit la. Apre sa, li te gade videyo Se pou nou toujou di laverite a, li te renmen l anpil. Apre yo te fin gade ni seksyon sa a ni lòt bagay ki gen sou sit la, mari l te rele sit la yon “kado Bondye fè lèzòm”.