Al gade sa k anndan l

Ki enpòtans yon Sal Wayòm genyen nan yon kominote?

Ki enpòtans yon Sal Wayòm genyen nan yon kominote?

Pandan plis pase yon syèk, Temwen Jewova yo te fè plan pou konstwi lokal kote pou yo fè reyinyon yo. Èske gen youn nan lokal sa yo yo fè pou adore Bondye, yo rele Sal Wayòm nan, nan zòn ou an? Ki bon bagay yon Sal Wayòm fè pou yon kominote?

Flowery Branch, Jòji, Ozetazini.

“Yon bèl kado pou kominote a”

Jan yo fè Sal Wayòm yo atire moun ki rete nan zòn nan. Men sa Jason, yon frè k ap kowòdone travay konstriksyon Sal Wayòm Ozetazini, di: “Objektif nou se fè chak Sal Wayòm vin youn nan lokal ki pi atiran e ki pi byen prezante nan zòn nan.” Yon frè ki achitèk, k ap travay ak ekip k ap fè plan an, ajoute: “Lè nou fin fè yon konstriksyon, nou vle pou l vin yon bèl kado pou kominote a e pou l gen yon bon efè sou zòn kote l ye a.”

Moun k ap konstwi Sal Wayòm yo se Temwen Jewova ki vrèman gen sousi pou yo fè bon konstriksyon. Byen souvan, lòt moun remake bèl travay y ap fè. Pa egzanp, sa pa gen lontan nou te fin travay sou yon pwojè, nan Richmond, nan Tegzas, Ozetazini, enspektè bilding ki te vin gade lokal la te di li pa t janm wè yon bon travay konsa anvan sa. Sou zile Jamayik, yon enspektè bilding te mennen yon gwoup enspektè ki nouvo vizite yon pwojè konstriksyon Sal Wayòm e li te di yo: “Nou pa bezwen janm enkyete nou pou moun sa yo. Temwen Jewova yo toujou byen suiv plan yo, yo menm fè plis pase sa kòd pou konstwi nan peyi a mande.” Yon enspektè bilding nan yon vil nan Florid, Ozetani, di konsa: “Mwen enspekte lopital ak gwo pwojè gouvènman, men pa gen youn ki byen òganize tankou pa nou yo. Nou se moun ki travay byen.”

Concession, Zimbabwe

Yon bon enfliyans pou kominote a

Reyinyon nou fè nan Sal Wayòm yo gen bon enfliyans sou moun ki vin asiste l yo. Moun ki asiste reyinyon yo jwenn èd pou yo vin pi bon papa, pi bon manman ak pi bon pitit. Men sa Rod, ki travay ak yon ekip ki prepare plan pou kontriksyon Sal Wayòm, fè konnen: “Chak Sal Wayòm se yon sant ki la pou anseye moun bon prensip moral pou yo suiv nan lavi yo, sa ki pwofitab pou tout moun nan kominote a.” Li ajoute: “ Se yon kote nou kapab jwenn èd lè n ap rankontre pwoblèm nan lavi a. Anndan Sal Wayòm yo, yo akeyi tout moun ki vin asiste yo avèk chalè e avèk jantiyès, sa ki pwofitab pou tout moun k ap chèche èd nan domèn espirityèl.”

Moun ki vini nan Sal Wayòm yo se moun ki gen sousi pou vwazen yo, e ki pote èd yo byen vit lè gen katastwòf ki frape. Pa egzanp, an 2016 aprè siklòn Matye te fin frape zile Bahamas yo, Temwen Jewova yo te repare 254 kay. Nan zòn sa a, te gen yon dam ki te gen kay li inonde ki rele Violet, li te gen 80 an. Li te al kot Temwen ki te nan ekip sekou yo pou l te di yo l ap peye yo pou nenpòt èd yo ka ba li. Yo pa t aksepte pran kòb nan men l, men yo te repare do kay dam nan pou anpeche do kay la koule. E yo te mete kèk plak an fè pou repare plafon salon dam nan. Apre sa Violet te bay chak manm nan ekip la akolad, li te remèsye yo plizyè fwa e li te di yo: “Nou se vrèman pèp Bondye a!”

Bad Oeynhausen, North Rhine-Westphalia, Almay.

‘Nou kontan genyen Sal Wayòm nan nan kominote nou’

Pou kenbe Sal Wayòm yo an bon eta, Temwen Jewova yo gen yon pwogram pou fòme manm kongregasyon yo sou fason pou yo pran swen Sal yo a. Sa bay bon rezilta. Pa egzanp, nan yon ti vil nan Arizona, gen yon dam ki te aksepte yon envitasyon pou l asiste reyinyon nan Sal Wayòm nou an. Li te esplike jan Sal la an bon eta e li te sezi tande pale de pwogram antretyen an, sa vle di, travay frè ak sè yo fè pou yo pran swen Sal la ki deja an bon eta. Se dam sa a ki te konn ekri pou jounal vil la. Apre sa te gen yon rapò ki te parèt nan jounal la sou jan yo byen pran swen Sal Wayòm nan. Atik la fini konsa: “Nou kontan [...] Sal Wayòm nan nan kominote nou.”

W ap jwenn Sal Wayòm toupatou sou tè a. Nou byen kontan envite w vin nan reyinyon nou yo. Ou mèt gen asirans n ap byen akeyi w.