Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Lik 2:14 — “Kè poze sou latè pou tout moun li renmen”

Lik 2:14 — “Kè poze sou latè pou tout moun li renmen”

 “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pami moun ki gen favè l yo.” — Lik 2:14, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.” — Lik 2:14, Bib la.

Sa Lik 2:14 vle di

 Pawòl louwanj sa yo se zanj ki te di yo lè Jezi te fèt e yo montre Bondye ap apwouve moun ki mete lafwa nan Jezi e moun sa yo ka gen lapè.

 “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la.” Ak pawòl sa yo, zanj yo t ap montre ki jan Bondye merite pou l resevwa tout glwa. Ekspresyon sa a montre tou nesans Jezi ak travay predikasyon li t apral fè a t ap jwe yon gwo wòl nan bay Jewova a Dye glwa. Pa egzanp, Jezi te toujou rekonèt se nan Bondye sa l t ap anseye yo soti, li te di: “Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl Sila a ki voye m nan.” (Jan 7:16-18). Byen souvan, lè Jezi te fin fè yon mirak, moun ki te la yo konn “bay Bondye glwa”. (Lik 5:18, 24-26; Jan 5:19.) Menm lanmò Jezi te fè Bondye jwenn glwa. Paske, lanmò Jezi te fè l posib pou Bondye reyalize bèl objektif li te genyen pou l fè tè a chaje ak moun ki jis e ki renmen lapè. — Jenèz 1:28.

 “Lapè sou tè a.” Lapè sa a se pa sèlman yon lapè ki genyen lè pa gen lagè. Lapè sa a se lapè, oswa kè kalm, ki posib sèlman lè yon moun gen apwobasyon Jewova. Grasa Jezi, li posib pou lèzòm gen relasyon pezib sa a ak Bondye (Jak 4:8). E antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral fè gen yon lapè total sou tout tè a pou toutan. — Sòm 37:11; Lik 1:32, 33.

 “Moun ki gen favè l yo.” Ekspresyon sa a fè referans ak moun Bondye apwouve, oswa ki gen favè l, paske yo gen bonjan lafwa nan li e nan Jezi, moun li te voye sou tè a. Li pa fè referans ak tout moun sou tè a, kèlkeswa jan yo panse oswa yo aji, nitou li pa fè referans ak favè lèzòm konn fè moun parèy yo. Gen kèk tradiksyon Labib, tankou tradiksyon Wa Jak la, ki mete “fè lèzòm favè” pou ekspresyon sa a. Men, gen maniskri grèk ki pi ansyen moun fè konfyans ki montre fason Tradiksyon monn nouvo a ansanm ak anpil lòt vèsyon Labib tradui ekspresyon sa a pi egzak lè yo bay ide lapè pami moun ki gen favè Bondye yo. — Gade “ Lik 2:14 nan lòt tradiksyon Labib.”

Kontèks Lik 2:14

 Lik chapit 2 pale de premye ane Jezi antanke moun sou tè a. Yon ti tan apre l fin fèt, gen yon zanj ki te parèt devan plizyè bèje “ki te pase nuit yo deyò ap veye twoupo yo”. b (Lik 2:4-8.) Zanj lan te anonse “yon bon nouvèl ki pral pote kè kontan pou tout moun”, li te di bèje yo: “Jodi a, nan vil David la, gen yon sovè ki fèt pou nou. Li se Kris, Seyè a.” ​(Lik 2:9-11). Apre li fin di bèje yo kote yo t ap jwenn tibebe ki fèk fèt la, yo te tande yon pakèt zanj k ap bay Bondye glwa. Lè bèje yo rive Bètleyèm, yo jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak Jezi ki te tibebe (Lik 2:12-16). Apre bèje yo te fin rakonte yo eksperyans estrawòdinè yo sot fè a, yo tounen al jwenn twoupo yo e yo t ap “bay Bondye glwa, yo t ap ba l louwanj pou tout sa yo te tande ak tout sa yo te wè. — Lik 2:17-20.

 Lik 2:14 nan lòt tradiksyon Labib

 “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pou moun ki gen favè l.” — Lik 2:14, New International Version.

 “Glwa pou Bondye ki byen wo nan syèl la, e lapè sou tè a pou moun ki fè l plezi yo!” — Lik 2:14, Good News Translation.

 “Glwa pou Bondye ki byen wo a, e lapè sou tè a pami moun ki fè l plezi yo!” — Lik 2:14, English Standard Version.

 Gade ti videyo tou kout sa a pou w ka gen yon apèsi sou sa k nan liv Lik la.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?

b Lefètke bèje yo t ap pase nuit deyò, sa montre evènman sa yo pa t pase nan sezon ivè. Pou w aprann plis, li atik “Ki lè Jezi te fèt?