Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jeremi 33:3 — “Rele m e m ap reponn ou”

Jeremi 33:3 — “Rele m e m ap reponn ou”

 “Rele m e m ap reponn ou. M ap kontan fè w konnen bagay ki estrawòdinè, bagay ou pa ka konprann, bagay ou pa t konnen.” — Jeremi 33:3, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

 “Rele m’, m’a reponn ou. M’a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t’ janm konnen.” — Jeremi 33:3, Bib la.

Sa Jeremi 33:3 vle di

 Pawòl sa yo se yon envitasyon Bondye fè pèp la pou yo rele l, pou yo priye l. Si moun ki tande envitasyon an aksepte envitasyon an epi yo priye Bondye, Bondye ap fè yo konnen sa ki gen pou rive.

 “Rele m e m ap reponn ou.” Ekspresyon “rele m” nan pa vle di rele byen fò oswa site non Bondye byen fò. Men pito, rele Bondye vle di priye l pou n mande l ede nou, pou l ban nou direksyon. — Sòm 4:1; Jeremi 29:12.

 Sanble se nasyon Izrayèl tan lontan an Bondye te fè envitasyon sa a. Nasyon sa a te vire do bay Bondye, epi lame Babilónyen an te vin atake l (Jeremi 32:1, 2). Jewova a te mande Izrayelit yo pou yo tounen vin jwenn li e yo t ap fè sa lè yo rele l nan lapriyè.

 “M ap [...] fè w konnen bagay ki estrawòdinè, bagay ou pa ka konprann, bagay ou pa t konnen.” Sa Bondye pwomèt pou l fè nou konnen yo se yon seri “bagay [nou] pa ka konprann”, sa vle di bagay lèzòm pa t ap janm ka rive konprann yo poukont yo. Ekspresyon “bagay ou pa ka konprann” nan ka vle di tou “bagay ki kache”.

 Ki “bagay ki kache” Bondye t ap fè konnen? Se bagay ki te gen pou rive, anpalan de vil Jerizalèm ki t ap gen pou l detwi, ki pa t ap gen moun ki abite ladan l e annapre ki t ap gen moun abite ladan l ankò (Jeremi 30:1-3; 33:4, 7, 8). Sepandan, Bondye te fè konnen tou se pa tout pèp la ki t ap peri. — Jeremi 32:36-38.

Kontèks Jeremi 33:3

 Se an 608 anvan epòk nou an, sou dizyèm ane rèy Sedesyas la, Jewova te bay Jeremi mesaj sa a. Jeremi te fè konnen vil Jerizalèm ap tonbe e yo t ap pran wa Sedesyas kòm prizonye. Piske wa Sedesyas pa t renmen mesaj la, li te fè mete Jeremi nan prizon. — Jeremi 32:1-5; 33:1; 37:21.

 Se pandan evènman sa yo t ap pase, Jewova te fè envitasyon nou jwenn nan Jeremi 33:3 a. Malerezman, wa Sedesyas ansanm ak pifò moun nan nasyon an te kontinye fè rebèl (Jeremi 7:26; 25:4). Yo pa t rele Bondye pou yo mande l direksyon. Yon ane annapre, Sedesyas te pèdi pouvwa a, yo te detwi Jerizalèm, epi yo te pran pifò nan moun ki te chape yo mennen yo Babilòn. — Jeremi 39:1-7.

 Pawòl nou jwenn nan Jeremi 33:3 a fè moun k ap li l jounen jodi a sonje Bondye kapab bay moun ki etidye Pawòl li a e ki priye L yon “konesans egzak sou volonte l” e li kapab fè yo konnen ‘bagay ki pwofon’. (Kolosyen 1:9; 1 Korentyen 2:10.) Bagay ki pwofon sa yo gen ladan yo sa Bondye pwomèt pou l fè talè konsa. — Revelasyon 21:3, 4.

 Gade ti videyo tou kout sa a pou w jwenn yon apèsi sou liv Jeremi an.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?