Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jenèz 1:26 — “Annou fè lòm pòtre ak nou”

Jenèz 1:26 — “Annou fè lòm pòtre ak nou”

 “Annapre, Bondye di: ‘Annou fè lòm pòtre ak nou, pou l ka sanble ak nou. Se pou l gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou bèt k ap vole nan syèl la, sou bèt ki viv bò kote moun sou tout tè a e sou tout zannimo k ap rale sou vant e k ap deplase sou tè a.’” — Jenèz 1:26, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Bondye di ankò. Ann fè moun. N’ap fè l’ pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.” — Jenèz 1:26, Bib la.

Sa Jenèz 1:26 vle di

 Lèzòm kreye pòtre ak Bondye, sa vle di yo gen kapasite pou yo demontre menm kalite Bondye genyen yo tankou lanmou, kè sansib ak jistis. An reyalite, se pou rezon sa a ki fè lèzòm kapab imite pèsonalite Bondye.

 “Bondye di: ‘Annou fè lòm pòtre ak nou.’” Anvan Jewova Dye a te kreye nenpòt moun oswa nenpòt lòt bagay, li te kreye yon zanj ki pisan anpil, ki te vin rele Jezi. Bondye te sèvi ak Jezi “pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a” (Kolosyen 1:16). Jezi reflete pèsonalite Jewova, “li se pòtre Bondye envizib la” (Kolosyen 1:15). Se pou rezon sa a, Bondye te ka di Jezi: “Annou fè lòm pòtre ak nou.”

 ‘Se pou l gen pouvwa sou tout zannimo sou tè a.’ Bèt yo pa t kreye pòtre ak Bondye. Yo pa t kreye avèk kapasite pou yo gen kalite moun genyen yo tankou lanmou oswa yon konsyans. Aktout sa, Bondye gen sousi pou bèt li kreye yo. Se sa k fè Bondye te di lèzòm dwe “gen pouvwa” sou bèt yo, ekspresyon sa a ka vle di tou “domine sou” (New International Version) oswa “pran swen” (Common English Bible). Donk, Jewova te bay lèzòm responsablite pou yo pran swen bèt yo (Sòm 8:6-8; Pwovèb 12:10). Jewova vle pou lèzòm byen pran swen tè a ak tout sa ki vivan sou li.

Kontèks Jenèz 1:26

 De premye chapit liv Jenèz la bay yon rezime sou kreyasyon linivè a, planèt nou an ak lavi sou tè a. Tout sa Jewova fè bon, men se lèzòm ki pi estrawòdinè pami tout sa li te kreye sou tè a. Lè Bondye te fin kreye, li te “gade tout sa l fè yo e li wè yo bon anpil.” — Jenèz 1:31.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w aprann plis sou istwa kreyasyon an ki nan liv Jenèz la.

Fason kèk moun konprann Jenèz 1:26

 Sa moun yo panse: Se sèlman gason, se pa fi, ki gen kapasite pou yo imite oswa reflete kalite Bondye genyen yo.

 Sa ki verite: Lefètke yo itilize mo “lòm” nan nan plizyè tradiksyon Labib nan lang kreyòl, sa ka fè kèk moun panse vèsè sa a fè referans ak gason sèlman. Men, nan kontèks vèsè sa a, mo ebre yo itilize a fè referans ak tout moun, ni gason ni fi. Donk, ni gason ni fi gen kapasite pou yo reflete kalite Bondye yo. Yo toule de gen posiblite pou yo ka jwenn favè l e pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 3:16.

 Sa moun yo panse: Bondye gen yon kò fizik menm jan avèk nou.

 Sa ki verite: “Bondye se yon Espri”, sa vle di, li pa viv nan linivè fizik la (Jan 4:24). Se vre gendelè Bib la fè referans ak figi l, men l, kè l, elatriye, imaj sa yo la sèlman pou yo pale de Bondye yon fason lèzòm ka konprann. — Egzòd 15:6; 1 Pyè 3:12.

 Sa moun yo panse: Jenèz 1:26 bay prèv Jezi se Bondye.

 Sa ki verite: Bondye ak Jezi gen yon relasyon sere antanke papa ak pitit, men yo pa menm moun nan. Jezi te anseye disip li yo Bondye nan pi gwo pozisyon pase l (Jan 14:28). Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade videyo Èske Jezi Kris se Bondye? oswa gade atik ki gen tit: “Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye” a.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Jenèz la.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?” a.