Al gade sa k anndan l

ANNOU IMITE LAFWA YO | JONATAN

‘Anyen pa ka bloke Jewova’

‘Anyen pa ka bloke Jewova’

 Eseye imajine yon gwoup sòlda izole sou tèt yon ti mòn ki pèmèt yo veye sa k ap pase nan yon ravin ki sèch pa anba yo. Sòlda moun Filisti yo jwenn yon bagay enteresan pou distrè yo alòske yo byen raz: de Izrayelit ki kanpe anfas yo sou lòtbò ravin nan. Kòm sòlda yo pa wè sa ki ka menase yo, y ap pase de mesye yo nan rizib. Sa fè lontan moun Filisti yo ap domine sou Izrayelit yo. Izrayelit yo pa menm ka jwenn mwayen pou file zouti yo genyen pou yo travay jaden, san se pa kay moun Filisti yo ki ènmi yo, y al fè sa. Se sa k fè sòlda Izrayelit yo pa gen bon zam nan men yo pou yo batay. Anplis de sa, se sèlman de mesye ki devan yo! Menmsi de sòlda sa yo te gen bonjan zam nan men yo, ki dega yo te ka fè? Avèk awogans, sòlda Filisti yo di yo byen fò: “Monte vin jwenn nou, e nou pral ban nou yon leson!” — 1 Samyèl 13:19-23; 14:11, 12.

 Se vre, gen moun ki t apral jwenn yon leson nan moman sa a men se moun Filisti yo ki t apral jwenn leson an. De Izrayelit yo kòmanse kouri desann nan ravin nan, yo travèse li e yo kòmanse grenpe mòn nan. Pant lan tèlman rèd, yo oblije mete men yo atè pou yo grenpe ti mòn nan men, y ap vanse dirèk sou sòlda moun Filisti yo (1 Samyèl 14:13). Gen yon moman ki rive, moun Filisti yo vin konprann sòlda k ap mache sou yo a te gen zam sou li e sèvitè sòlda a k ap pote zam li yo t ap suiv li. Men, èske sòlda sa a te ka atake tout yon batayon sòlda avèk yon sèl moun avè l? Èske l te fou?

 Non, li pa t fou men li te gen yon gwo lafwa. Li rele Jonatan, e istwa li a chaje ak leson pou nou menm ki kretyen jodi a. Byenke nou pa angaje nan lagè ankò antanke sèvitè Bondye, nou ka aprann anpil nan kouraj Jonatan te genyen an, sou fidelite l ak fason li te montre li pa egoyis, e sa ka pèmèt nou bati lafwa nou. — Ezayi 2:4; Matye 26:51, 52.

Yon pitit gason ki brav e ki fidèl

 Pou n ka konprann rezon ki fè Jonatan te atake gwoup sòlda a, nou bezwen byen konn istwa l. Jonatan te pi gran pitit gason Sayil, premye wa pèp Izrayèl la. Lè Jewova te chwazi Sayil kòm wa, Jonatan te gentan yon gwo gason, petèt li te gen 20 an oubyen plis toujou. Sanble Jonatan te kenbe yon bon relasyon ak papa l, e papa l te souvan konn di pitit gason l sa k sou kè l. Nan epòk sa a, se vre Jonatan te konnen papa l kòm yon moun ki gen bèl wotè, ki bèl gason e ki se yon sòlda vanyan, men sa ki pi enpòtan an, li te konn papa l kòm yon moun ki gen lafwa ak imilite. Se sèten Jonatan te ka wè poukisa Jewova te chwazi Sayil kòm wa. Menm pwofèt Samyèl te di pa gen pèsonn tankou Sayil nan peyi a! — 1 Samyèl 9:1, 2, 21; 10:20-24; 20:2.

 Jonatan dwe te santi l fyè anpil pou l konbat ènmi pèp Jewova a anba direksyon papa l. Gè sa yo pa t fèt tankou gè nasyonal peyi yo ap fè jounen jodi a. Nan epòk sa a, Jewova te chwazi nasyon Izrayèl la pou reprezante l, e lòt nasyon ki t ap sèvi fo dye yo te souvan konn vin atake yo. Moun Filisti yo, ki te kòwonpi ak adorasyon fo dye yo tankou dye Dagon an, te souvan eseye detwi pèp Jewova te chwazi a oubyen fè yo soufri.

 Pou Jonatan, goumen li te konn goumen yo te yon fason pou l montre l ap sèvi Jewova Dye fidèlman. E Jewova te beni efò Jonatan yo. Tousuit apre Sayil te vin wa, li te mete pitit gason l lan alatèt 1 000 sòlda, e se avèk sòlda sa yo Jonatan te atake kan moun Filisti yo ki te Geba. Malgre yo pa t gen anpil zam, Jonatan ak mesye l yo te ranpòte laviktwa grasa èd Jewova. Men, kòm rezilta, moun Filisti yo te vin rasanble yon gwo lame pou yo te konbat yo. Anpil nan sòlda Sayil yo te pè anpil. Genyen ki te kouri e ki t al kache, genyen ki te menm chanje kan! Men kouraj Jonatan pa t janm febli. — 1 Samyèl 13:2-7; 14:21.

 Nan jou yo te pale nan kòmansman atik la, Jonatan te deside deplase san moun pa remake sa ak sèvitè ki t ap pot zam li yo pou li sèlman avè l. Pandan yo t ap pwoche kot kan moun Filisti yo nan Mikmach, Jonatan te pataje plan l te genyen an ak sèvitè l la. Yo t ap parèt yon fason pou sòlda Filisti yo ka wè yo depi kote yo ye a. Si moun Filisti yo te ba yo de a defi pou yo vin jwenn yo, se t ap yon siy ki montre Jewova t ap ede sèvitè l yo. Sèvitè Jonatan an te dakò avè l, petèt se pawòl Jonatan yo ki te pouse l vin dakò tousuit, lè Jonatan te di: “Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova sove nou, kit nou anpil, kit nou pa anpil.” (1 Samyèl 14:6-10). Ki sa l te vle di menm?

 Jonatan te byen konnen Bondye l la. San mank, li te konnen nan epòk anvan sa, Jewova te ede moun li yo pou yo venk lòt moun ki te pi plis lontan pase yo. Pafwa li te konn menm itilize yon grenn moun pou ranpòte laviktwa (Jij 3:31; 4:1-23; 16:23-30). Donk Jonatan te konnen se pa t ni kantite a, ni fòs la, ni zam yo ki te enpòtan men se lafwa yo ki te enpòtan. Grasa lafwa Jonatan te gen nan Jewova, li te kite se Jewova ki deside si li menm ak sèvitè ki t ap pot zam li yo te dwe atake kan an. Li te chwazi yon siy ki t ap pèmèt Jewova montre si l dakò. Lè Jewova te montre li dakò, Jonatan te fonse sou kan an san l pa pè.

 Note de aspè nan lafwa Jonatan te genyen an. Premyèman, li te gen anpil respè pou Bondye li, Jewova. Li te konnen Dye Toupisan an pa depann de kapasite lèzòm genyen pou reyalize volonte l, epoutan Jewova kontan beni sèvitè fidèl li yo k ap sèvi l (2 Kwonik 16:9). Dezyèmman, Jonatan te tann pou l wè prèv ki montre Jewova te dakò anvan li te aji. Jodi a, nou pa chèche jwenn yon seri siy espesyal ki sot nan Jewova ki ta montre li dakò ak fason n ap aji a. Ak Pawòl Bondye enspire a ki disponib ann antye, nou gen tout sa n bezwen pou nou konn sa Bondye vle nou fè (2 Timote 3:16, 17). Èske nou chèche byen fouye nan Bib la anvan nou pran desizyon ki enpòtan? Si nou fè sa, nou montre nou bay volonte Jewova plis enpòtans pase pa nou, tankou Jonatan te fè sa.

 Donk, de mesye yo, sòlda a ak sèvitè k ap pot zam li yo kouri monte pou yo atake gwoup sòlda yo. Lè sòlda Filisti yo rann yo kont y ap atake yo, yo voye kèk sòlda pou al goumen ak de mesye yo. Moun Filisti yo te pi plis men yo te gen avantaj tou paske yo te sou tèt yon mòn, donk sa te dwe fasil pou yo fini byen vit ak de mesye sa yo ki t ap atake yo. Men Jonatan te met sòlda yo atè youn apre lòt. Pa dèyè l, sèvitè la te fin touye yo atè a. Nan yon distans tou kout, de mesye yo te gentan touye 20 nan sòlda yo! E Jewova te fè yon lòt bagay ankò. Men ki sa nou li: “Apre sa, te vin gen yon sèl laperèz nan kan moun Filisti yo ak nan mitan tout sòlda ki te nan ti gwoup la. Menm sòlda ki te devan pou atake yo te pè anpil. Tè a te pran tranble, epi Bondye te fè moun yo vin gen yon gwo laperèz.” — 1 Samyèl 14:15.

Jonatan te fè yon atak ak sèvitè l la kont yon batayon sòlda ènmi.

 Yon ti jan pi lwen, Sayil ak sòlda l yo ap gade pandan kan moun Filisti yo ap vire tèt anba ak panik, sòlda Filisti yo te menm kòmanse touye youn lòt (1 Samyèl 14:16, 20). Izrayelit yo te met kouraj sou yo pou yo atake moun Filisti yo, petèt yo te menm sèvi ak zam moun Filisti yo. Jewova te fè sèvitè l yo jwenn yon gwo viktwa nan jou sa a. E li pa chanje depi lè sa a. Si nou gen lafwa nan li jodi a, menm jan li te fè sa pou Jonatan ak sèvitè ki t ap pot zam li yo Bib la pa di ki jan l rele a, nou pap janm jwenn rezon pou nou regrèt chwa nou te fè a. — Malaki 3:6; Women 10:11.

“Se Bondye ki te ede l gen viktwa sa a”

 Bagay yo pa t fini bèl pou Sayil menm jan sa te pase pou Jonatan. Sayil te fè anpil gwo erè. Li te dezobeyi Samyèl, pwofèt Jewova te chwazi a, lè l te ofri yon sakrifis, se pwofèt la sèlman ki te yon Levit tou, ki te gen dwa fè l. Lè Samyèl te rive, li te di Sayil poutèt dezobeyisans sa a, li pa t ap kontinye dirije pou lontan. Apre sa, Sayil te fè yon sèman ki pa fè sans sou tèt sòlda l yo, lè l te voye yo nan lagè. Men ki sèman li te fè: “Malediksyon pou nenpòt moun ki manje kèlkeswa manje a anvan nuit lan rive, jiskaske mwen fin vanje sou ènmi m yo!” — 1 Samyèl 13:10-14; 14:24.

 Pawòl sa yo te montre Sayil te kòmanse vin ap aji pi mal. Èske gason ki te gen imilite e ki te gen bon relasyon ak Bondye a te kòmanse vin gen anbisyon, e li vin wè tèt li sèlman? Epi, Jewova pa t janm bay lòd pou yo met yon pinga san sans konsa sou sòlda yo ki t ap travay di e ki te brav. E ki sa nou ka di sou pawòl sa yo: “Jiskaske mwen fin vanje sou ènmi m yo”? Èske pawòl sa yo pa montre Sayil te sanble kwè se pou li lagè a t ap fèt? Èske l te bliye se jistis Jewova ki pi enpòtan men se pa dezi l te genyen pou l vanje tèt li, pou l jwenn glwa oswa laviktwa?

 Jonatan pa t konnen si papa l te fè yon sèman konsa. Akoz fatig li te jwenn apre batay la, li te tranpe baton l lan nan yon siwo myèl epi li te manje yon tikras ladan l, menm kote a sa te ba l fòs. Apre sa youn nan sòlda l yo di l ki pinga papa l te bay sou manje a. Men ki sa Jonatan te reponn: “Papa m fè moun yo yon gwo mal. Gade ki jan je m ret klere paske m goute yon ti siwo myèl. Ala bon sa t ap bon si sòlda yo te gen dwa manje manje yo te pran nan men ènmi yo jodi a! Konsa, yo t ap ka touye plis moun Filisti.” (1 Samyèl 14:25-30). Li te gen rezon. Jonatan te fidèl ak papa l, men sa pa vle di li t ap suiv nenpòt sa l t ap fè. Li pa t annik dakò ak tout sa papa l te di oswa te fè, e ekilib sa a li te genyen an te fè lòt moun respekte l.

 Lè Sayil tande Jonatan pa t respekte sa l te di a, li te refize rekonèt sèman l lan pa t gen sans. Olye de sa, li te deside pou l fè touye pwòp pitit gason l! Jonatan pa t ni diskite ni mande pou yo fè l gras. Gade ki bèl repons li te bay. Men ki sa l te di: “Men mwen! Mwen pare pou m mouri!” Men Izrayelit yo te pale pou li: “Èske Jonatan ta dwe mouri, li menm ki fè pèp Izrayèl la gen gwo viktwa sa a? Sa pa posib! Menm jan li klè Jewova vivan, nou fè sèman pa gen yon branch cheve nan tèt Jonatan k ap tonbe atè, paske se Bondye ki te ede l gen viktwa sa a jodi a.” Ki sa k te vin pase? Sayil te vin wè li te antò. Men ki sa nou li nan istwa a: “Se konsa, sòlda yo te sove Jonatan e li pa t mouri.” — 1 Samyèl 14:43-45.

“Men mwen! Mwen pare pou m mouri!”

 Lefètke Jonatan te gen kouraj, li te travay di e l pa t panse a tèt li sèlman, li te vin gen yon bon repitasyon. Lè lavi l te menase, repitasyon l te ede l soti nan sitiyasyon an. Nou dwe veye ki non oswa ki repitasyon n ap bati pou tèt nou chak jou ki pase. Bib la di nou yon bon repitasyon gen anpil valè (Eklezyas 7:1). Si nou fè efò pou nou gen yon bèl repitasyon devan Jewova, menm jan ak Jonatan, repitasyon sa a ap vin tankou yon trezò pou nou.

Yon fènwa ki t ap gaye

 Malgre erè Sayil yo, Jonatan te kontinye goumen bò kote papa l fidèlman pandan plizyè ane. Nou ka imajine desepsyon li te jwenn lè l te wè papa l kòmanse vin fyè de tèt li epi l te kòmanse dezobeyi Jewova. Te gen yon move tandans ki t ap grandi lakay papa l, e Jonatan pa t ka fè anyen pou sa.

 Pwoblèm nan te vin pi mal lè Jewova te mande Sayil pou l al goumen kont moun Amalèk yo, se te yon pèp ki tèlman mechan, depi nan epòk Moyiz la Jewova te gentan anonse li t ap detwi yo tout antanke nasyon (Egzòd 17:14). Jewova te mande Sayil pou l detwi tout twoupo yo te genyen yo e pou l te touye wa Agag. Sayil te ranpòte viktwa a, pa gen dout Jonatan te konbat avèk kouraj anba lòd papa l jan l te konn fè sa. Men Sayil te dezobeyi Jewova aklè lè l te kite Agag vivan e lè li te kenbe richès nasyon an ak twoupo yo. Pwofèt Samyèl te pwononse jijman final Jewova a kont Sayil: “Piske w te rejte pawòl Jewova, ebyen li rejte w pou w pa wa ankò.” — 1 Samyèl 15:2, 3, 9, 10, 23.

 Jewova pa t pran tan pou l retire lespri sen l sou Sayil. San èd Jewova, konpòtman Sayil t ap plede chanje toutan, tanperaman l t ap vin pi mal epi li te vin gen anpil dout. Se kòmsi vye mantalite li te vin genyen an te ranplase lespri Bondye (1 Samyèl 16:14; 18:10-12). Sa dwe te fè Jonatan mal anpil pou l wè papa l ki te yon bon moun vin mal konsa! Malgre sa, Jonatan pa t janm abandone sèvis sakre li t ap bay Jewova a. Li te soutni papa l otan l te kapab, li te menm konn pale klè avè l pafwa, men li te ret konsantre sou Bondye l ki pa chanje a, Jewova ki se Papa l tou. — 1 Samyèl 19:4, 5.

 Èske w te janm wè yon moun ou renmen, petèt yon fanmi pwòch ou, vin chanje yon sèl kou pou fè sa k pa bon? Eksperyans sa a ka difisil anpil. Egzanp Jonatan an ede n sonje sa youn nan moun ki te ekri liv Sòm nan te di pi devan: “Menmsi papa m ak manman m ta abandone m, Jewova li menm t ap ranmase m.” (Sòm 27:10). Jewova fidèl. L ap konsole w e l ap vin pi bon papa a pou ou, kèlkeswa sa lèzòm enpafè ka fè pou fè w tris oubyen abandone w.

 Jonatan te vin konprann Jewova t ap retire Sayil kòm wa. Ki jan l te reyaji? Èske li te janm reflechi sou ki kalite wa li te kapab ye? Èske l te swete li t ap kapab korije kèk nan erè papa l te fè yo, pou l bay yon bon egzanp antanke yon wa ki fidèl e ki obeyisan? Nou pa konnen ki sa ki t ap pase nan lespri l; nou konnen sèlman pa gen youn nan bagay sa yo ki t ap reyalize. Èske sa vle di Jewova te abandone sèvitè fidèl li a? Non, li sèvi ak egzanp Jonatan an pou l bay youn nan pi bèl egzanp nou jwenn nan Bib la sou zanmi ki fidèl! Se sou sa nou pral pale nan yon lòt atik sou Jonatan.