Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou maryaj ant de moun ki pa menm ras?

Ki sa Bib la di sou maryaj ant de moun ki pa menm ras?

Repons Bib la bay

 Bondye aksepte maryaj ant yon gason ak yon fi ki pa soti nan menm ras paske pou li pa gen yon ras ki pi enpòtan pase yon lòt. Men sa Bib la di: “Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li.” — Travay 10:34, 35, Bib la.

 Ann wè kèk lòt prensip nan Bib la ki montre fason Bondye wè diferan ras ak fason l wè maryaj.

Se nan yon sèl moun tout ras soti

 Tout moun soti nan Adan ak madanm li, Èv. Bib la di Èv se “manman tout moun”. (Jenèz 3:20.) Se sa k fè, Bib la di: “[Bondye] sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon.” ​(Travay 17:26). Donk, tout moun, kèlkeswa ras yo, se nan yon sèl fanmi an yo soti. Bon, e si kote w ap viv la gen gwo prejije sou ras oswa prejije nan domèn sosyal?

Moun ki saj la “chèche konsèy”

 Jewova pa gen okenn pwoblèm ak de moun ki marye ki soti nan diferan ras, men se pa tout moun ki panse menm jan avè l (Ezayi 55:8, 9). Si w panse marye ak yon moun ki pa soti nan menm ras avè w, pale sou kesyon sa yo avè l:

  •   Si fanmi nou oswa moun kote n ap viv la ta fè presyon sou nou, ki jan n ap jere sa?

  •   Ki jan n ap ede pitit nou fè fas ak prejije?

 Lè nou toule de pale sou sa, sa ka ede n reyisi maryaj nou. — Pwovèb 13:10; 21:5.