Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche fè lòt zanmi

Chèche fè lòt zanmi

Pwoblèm nan

Si n evite moun nou gen panse negatif sou yo, nou ka vin gen plis prejije. Epi, si nou fè zanmi sèlman ak moun ki menm jan avè n, nou ka gen tandans panse fason nou ye a se sèl fason ki bon pou moun panse, pou yo santi yo e pou yo aji.

Prensib Bib la bay

“Ouvri kè nou.” — 2 KORENTYEN 6:13.

Sa sa vle di? Mo “kè” a ka fè referans ak santiman nou ak panse nou. Si se pou moun ki gen menm ras avè n sèlman nou gen afeksyon, kè nou ap vin fèmen oubyen piti. Pou n evite pwoblèm sa, nou dwe dispoze fè zanmi ak moun ki pa menm avè n.

Poukisa l itil pou n chèche fè lòt zanmi?

Lè n chèche konnen lòt moun, nou kòmanse konprann poukisa yo fè kèk bagay ki pa menm ak nou. Epi, tank n ap vin pi pwòch yo, se tank n ap wè nou se menm moun. N ap kòmanse ba yo plis valè, epi n ap gen kè kontan lè yo gen kè kontan e n ap soufri lè y ap soufri.

Ann pran egzanp yon fi ki rele Nazaré. Yon lè, li te gen prejije pou moun ki soti nan lòt peyi pou vin viv nan peyi l. Li esplike sa k te ede l, li di: “Mwen te pase tan ak yo e m te travay ak yo. Mwen te wè yo diferan nèt parapò ak sa moun nan peyi a te di sou yo. Yonfwa ou fè zanmi ak moun ki pa gen menm kilti avè w, w ap aprann pa mete yo nan yon sèl pànye, w ap vin pi renmen yo, epi w ap ba yo chak valè.”

Men sa w ka fè

Chèche okazyon pou w pale ak moun ki pa soti nan menm peyi avè w, ki pa menm ras oubyen ki pa pale menm lang avè w. Ou ka:

  • Mande yo esplike w kèk bagay sou yo.

  • Envite yo manje avè w.

  • Koute yo lè y ap rakonte w istwa yo, epi chèche wè sa k enpòtan pou yo.

Si w eseye konprann ki jan sa yo te viv fè yo vin moun yo ye a, ou ka vin gen yon bon pwennvi sou moun ki soti nan gwoup sa a.