Al gade sa k anndan l

Èske kretyen yo dwe obsève saba?

Èske kretyen yo dwe obsève saba?

Repons Bib la bay

 Kretyen yo pa gen obligasyon pou yo obsève yon saba chak semèn. Kretyen yo anba “lalwa Kris la” e lwa sa a pa mande pou yo obsève saba (Galat 6:2; Kolosyen 2:16, 17). Ki sa ki fè nou di sa? Premyèman, annou pale sou orijin saba.

Ki sa saba ye?

 Mo “saba” a soti non yon mo ebre ki vle di “repoze; sispann”. Li te parèt pou premye fwa nan Bib la nan lwa yo te bay nasyon Izrayèl nan tan lontan an (Egzòd 16:23). Pa egzanp, men sa katriyèm nan dis kòmandman yo di: “Se pou nou sonje jou saba a, se pou nou konsidere l kòm yon jou ki sakre. Nou dwe fè tout travay nou gen pou n fè nan sis jou. Men, setyèm jou a, se yon jou saba pou Jewova, Bondye nou an. Nou pa dwe fè okenn travay.” ​(Egzòd 20:8-10). Jou saba a kòmanse vandredi lè solèy la pral kouche rive samdi lè solèy la pral kouche. Pandan tan sa a, Izrayelit yo pa t dwe kite zòn yo te ye a, yo pa t dwe ni limen dife, ni ranmase bwa ni pote chay (Egzòd 16:29; 35:3; Nonb 15:32-36; Jeremi 17:21). Lè yon moun te vyole saba se te yon krim ki te merite lanmò. — Egzòd 31:15.

 Gen kèk lòt jou nan kalandriye juif la yo te rele saba tou, pa egzanp yo te rele setyèm ak senkantyèm ane yo saba. Nan ane saba yo, Izrayelit yo pa t dwe travay okenn tè nan peyi a, e yo pa t dwe fè presyon sou okenn Izrayelit parèy yo pou fè yo peye dèt yo. — Levitik 16:29-31; 23:6, 7, 32; 25:4, 11-14; Detewonòm 15:1-3.

Sakrifis Jezi a fè lwa saba a pa alamòd ankò.

Sa k fè kretyen yo pa oblije obsève saba?

 Lwa sou saba a te aplikab sèlman pou moun ki te anba lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la (Detewonòm 5:2, 3; Ezekyèl 20:10-12). Bondye pa t janm mande lòt pèp pou yo obsève repo saba. Mete sou sa, grasa sakrifis Jezi Kris la, menm Juif yo te “libere anba Lalwa” Moyiz la, sa ki gen ladan l dis kòmandman yo (Women 7:6, 7; 10:4; Galat 3:24, 25; Efezyen 2:15). Kretyen yo pa rete kole sou Lwa Moyiz la, men pito yo suiv lwa lanmou an ki pi bon lontan. — Women 13:9, 10; Ebre 8:13.

Sa moun yo panse konsènan saba

 Sa moun yo panse: Bondye te vin ak saba a lè li t ap repoze nan setyèm jou a.

 Sa ki verite: Men sa Bib la di: “Li beni setyèm jou a, li mete l’ apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l’ t’ap kreye a.” ​(Jenèz 2:3, Bib la). Sa vèsè sa a di a se pa yon lwa pou lèzòm, li pale sou sa Bondye te fè nan setyèm jou kreyasyon an. Bib la pa pale de pèsonn ki te konn obsève repo saba anvan epòk Moyiz la.

 Sa moun yo panse: Izrayelit yo te anba lwa saba a anvan yo te resevwa lwa Moyiz la.

 Sa ki verite: Men sa Moyiz te di Izrayelit yo: “Jewova, Bondye nou an, te fè yon alyans avèk nou nan Orèb”, yon zòn ki ozalantou Mòn Sinayi. Lwa saba a te fè pati alyans sa a (Detewonòm 5:2, 12). Eksperyans Izrayelit yo te fè nan kesyon saba  a montre se te yon bagay ki te nouvo pou yo. Si Izrayelit yo te gen yon lwa konsènan saba lè yo te ann Ejip, ki jan saba ki te nan lwa Moyiz la t ap ka raple yo yo te delivre soti nan peyi Ejip, jan Bondye te di sa ta dwe fèt la (Detewonòm 5:15)? Si se te sa, poukisa Bondye te di yo pou yo pa pran lamàn nan setyèm jou a (Egzòd 16:25-30)? Epitou, premye fwa Bib la fè konnen yon moun te vyole saba a, ki jan fè yo pa t konn ki jan pou yo jere ka a? — Nonb 15:32-36.

 Sa moun yo panse: Saba se yon alyans ki la pou toutan se sa k fè nou dwe kontinye obsève l.

 Sa ki verite: Gen kèk tradiksyon Labib ki pale de saba kòm yon “kontra ki la pou toutan”. (Egzòd 31:16, Bib La). Sepandan, mo ebre lè yo tradui l yo mete “ki la pou toutan” an ka vle di tou “k ap dire nan yon avni ki endefini”, men li pa oblije la pou toutan. Pa egzanp, Bib la itilize menm mo sa a pou l pale de kesyon prèt ki te gen ann Izrayèl yo, e Bondye te sispann sèvi avèk yo sa gen anviwon 2 000 an. — Egzòd 40:15; Ebre 7:11, 12.

 Sa moun yo panse: Kretyen yo dwe obsève saba, paske Jezi te obsève l.

 Sa ki verite: Jezi te obsève saba paske li te yon Juif, donk depi lè li fèt li te oblije obeyi lwa Moyiz la (Galat 4:4). Apre lanmò Jezi, alyans lalwa a, sa ki gen ladan l saba a, pa t alamòd ankò. — Kolosyen 2:13, 14.

 Sa moun yo panse: Antanke kretyen apot Pòl te obsève saba.

 Sa ki verite: Pòl te konn antre nan sinagòg yo nan jou Saba, men se pa t pou l patisipe ak Juif yo nan kesyon obsève saba (Travay 13:14; 17:1-3; 18:4). Selon koutim ki te genyen nan epòk la, Pòl te preche bon nouvèl la nan sinagòg yo, menm jan yo te ka envite oratè vin bay moun ki rasanble yo diskou (Travay 13:15, 32). Pòl te konn preche “chak jou”, li pa t fè sa nan jou saba sèlman. — Travay 17:17.

 Sa moun yo panse: Saba kretyen yo obsève a se dimanch.

 Sa ki verite: Bib la pa mande kretyen yo pou yo konsakre jou dimanch, premye jou nan semèn nan, pou yo repoze e pou yo adore Bondye. Pou kretyen premye syèk yo, jou dimanch se te yon jou travay menm jan ak lòt jou yo. Men sa yon ansiklopedi (The International Standard Bible Encyclopedia) fè konnen: “Se apati 4yèm syèk la [moun kòmanse konsidere] dimanch kòm yon jou saba, lè [chèf women payen ki rele] Konstanten an te dekrete gen kèk travay ki pa dwe fèt jou dimanch.” a

 Men, ak ki vèsè yo sèvi pou yo fè konprann dimanch se yon jou espesyal? Bib la di apot Pòl te manje ak kretyen parèy li yo “nan premye jou nan semèn nan”, sa vle di dimanch, men sa lojik piske Pòl t ap kite yo nan demen (Travay 20:7). Menm jan an tou, yo te mande kèk kongregasyon pou yo mete yon ti bagay apa nan “premye jou chak semèn”, sa vle di nan dimanch, pou travay pote sekou a, men se te jis yon konsèy pratik pou ankouraje frè yo fè pwòp bidjè yo. Yo pa t pote kontribisyon sa a kote yo te konn reyini an, men yo te kenbe l lakay yo. — 1 Korentyen 16:1, 2.

 Sa moun yo panse: Li pa bon pou nou rezève yon jou chak semèn pou nou repoze e pou nou adore.

 Sa ki verite: Bib la kite pou se chak kretyen ki pran desizyon sa a pèsonèlman. — Women 14:5.

a Gade the New Catholic Encyclopedia, dezyèm edisyon, volim 13, paj 608.