Al gade sa k anndan l

Èske Bondye egziste?

Èske Bondye egziste?

Repons Bib la bay

 Wi, Labib bay bonjan prèv ki montre Bondye egziste. Li ankouraje n pou nou bati lafwa nou nan Bondye. Se pa lè n kwè sa relijyon yo di san poze kesyon, men lè n sèvi “avèk kapasite nou genyen pou nou rezone” a e avèk “kapasite entèlektyèl” nou yo (Women 12:1; 1 Jan 5:20, nòt). Annou analize rezònman ki vin annapre yo ki baze sou Bib la.

  •   Egzistans linivè ki gen lòd ak lavi ladan l montre n gen yon Kreyatè. Labib di: “Natirèlman, chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.” (Ebre 3:4). Menmsi lojik sa parèt senp, anpil moun ki byen enstwi twouve li konvenkan a.

  •   Antanke moun, nou gen yon anvi nou fèt avè l, se anvi pou n konprann sans lavi a ak bi lavi a. Anvi sa a ka rete la menm lè nou satisfè bezwen fizik nou genyen yo. Labib pale de sa lè l di nou “bezwen Bondye”, sa gen ladan l anvi pou n konnen Bondye epi pou n adore l (Matye 5:3; Revelasyon 4:11). Bezwen espirityèl sa a nou genyen an se pa sèlman prèv ki montre Bondye egziste, men li montre nou tou li se yon Kreyatè ki gen lanmou, ki vle nou satisfè bezwen sa a. — Matye 4:4.

  •   Yo te ekri yon seri pwofesi detaye ki nan Bib la plizyè syèk anvan yo te reyalize, e yo te rive egzakteman jan yo te anonse yo a. Presizyon ak detay pwofesi sa yo te genyen montre aklè gen yon fòs sinatirèl ki te bay pwofesi sa yo. — 2 Pyè 1:21.

  •   Moun ki te ekri nan Bib la te gen konesans nan domèn lasyans ki te depase konpreyansyon moun ki t ap viv nan epòk yo a. Pa egzanp, nan tan lontan, anpil pèp te panse se te yon bèt ki te kenbe tè a, tankou yon elefan, yon mal kochon oswa yon towo bèf. Men, Bib la di Bondye “fè tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l”. (Jòb 26:7.) Menm jan an tou, Bib la di fòm tè a san l pa fè erè. Li fè konnen se yon “wonn” oubyen yon “boul” li ye (Ezayi 40:22). Gen anpil moun ki santi sa pi rezonab pou nou kwè se Bondye ki te ba yo enfòmasyon sa yo. Paske, pa gen lòt rezon ki ka esplike sa k fè moun ki te ekri nan Bib la te rive gen konpreyansyon sa a ki te depase sa lòt pèp yo te kwè.

  •   Bib la reponn anpil kesyon ki difisil, yon seri kesyon, lè moun pa jwenn repons ki satisfè yo pou yo, yo konn vin pa kwè nan Bondye. Pa egzanp, si Bondye gen lanmou e li toupisan, poukisa gen tout soufrans ak mechanste sa yo nan monn nan? Poukisa byen souvan relijyon gen move enfliyans sou moun yo? — Tit 1:16.

a Pa egzanp, men sa yon astwonòm ki rele Allan Sandage te di konsènan linivè: “M wè sa parèt enposib pou tout kalite lòd sa a ta soti nan yon dezòd. Dwe te gen yon prensip ki pou òganize bagay yo. Pou mwen, Bondye se yon mistè, men se li ki esplikasyon sa ki egziste yo, ki se yon mirak, e se li ki rezon k fè gen yon bagay ki egziste olye pa gen anyen.”