Al gade sa k anndan l

Kiyès ki antikris la?

Kiyès ki antikris la?

Repons Bib la bay

 Antikris la se pa jis yon moun oswa yon enstitisyon, paske Bib la di gen “anpil antikris”. (1 Jan 2:18.) Men, ekspresyon “antikris” la, ki soti nan yon mo grèk ki vle di “kont (oswa nan plas) Kris”, fè referans ak kèlkeswa moun ki fè bagay ki vin apre yo:

 Bib la pale nonsèlman de chak moun k ap fè mòd bagay sa yo kòm “antikris”, men tou li pale de gwoup moun k ap fè yo kòm “antikris”. (2 Jan 7.) Antikris la te parèt pou premye fwa nan epòk apot yo e l aktif depi lè a. Labib te gentan fè konn sa. — 1 Jan 4:3.

Fason pou n rekonèt antikris yo

  •   Y ap gaye manti anrapò ak Jezi (Matye 24:9, 11). Pa egzanp, moun k ap anseye doktrin Trinite a oswa ki fè konnen Jezi se li menm ki Bondye Toupisan an, moun sa yo opoze ak ansèyman Jezi yo ki te di: “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m.” — Jan 14:28.

  •   Antikris yo rejte sa Jezi te di konsènan fason Wayòm Bondye a fonksyone. Pa egzanp, gen kèk chèf nan relijyon ki di Kris sèvi ak gouvènman lèzòm yo pou l aji. Alòske, se pa sa Jezi te anseye. Men sa l te di:. “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” — Jan 18:36.

  •   Yo di Jezi se Seyè yo, men yo pa obeyi kòmandman l yo, sa ki gen ladan yo kòmandman pou yo preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan. — Matye 28:19, 20; Lik 6:46; Travay 10:42.