Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Sa paran yo dwe konnen sou kesyon gadri a

Sa paran yo dwe konnen sou kesyon gadri a

 Gen kèk paran k ap travay ki deside mete pitit yo ki poko gen laj pou yo ale lekòl nan gadri, yon anviwònman ki fonksyone tankou yon lekòl. Èske ou menm ou ta dwe mete pitit ou nan gadri?

 Kèk kesyon ou ta dwe poze tèt ou

 Si m mete piti mwen nan gadri, èske sa ap gen yon efè sou relasyon m avè l? Sa ka rive. Lè timoun yo piti, sèvo yo devlope vit e sa gen yon efè sou relasyon yo genyen ak lòt moun. Toutotan sa posib, pase plis tan ou kapab avèk pitit ou pandan peryòd enpòtan sa a nan lavi l. — Detewonòm 6:6, 7.

  •    Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe reflechi tou sou fason y ap ka kontinye gen yon relasyon sere avèk pitit yo.

 Èske w ap toujou gen menm enfliyans lan sou pitit ou si w mete l nan gadri? Pa fòseman. Men sa liv ki gen tit Pa lage timoun ou yo (anglè) fè konnen: “Toutotan timoun ki poko gen laj pou ale lekòl yo pase tan avèk lòt timoun parèy yo, se plis enfliyans timoun sa yo ap genyen sou yo.”

  •    Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe reflechi tou si se yo menm k ap kontinye gen plis enfliyans sou pitit yo pase nenpòt lòt moun.

 Si w mete pitit ou nan gadri, èske sa ap ede l pi byen aprann lè l kòmanse lekòl? Gen moun ki di wi. Gen lòt moun ki di gadri pa fè yon gwo diferans oswa li pa fè okenn diferans nan kapasite pou pitit ou aprann. Kèlkeswa opinyon ki kòrèk la, men sa yon sikològ pou timoun ki rele Penelope Leach ekri: “Pa panse se sa yon timoun aprann lekòl k ap ede l plis nan lavi. Epitou, pa panse se lè yon timoun kòmanse lekòl pi bonè se sa k ap pi bon pou li. Si se konsa w panse, w ap minimize valè bonjan fòmasyon w ap bay pitit ou depi lè l fèt la.”

  •    Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe reflechi tou sou si sa ap bon pou timoun nan oswa menm si sa nesesè.

 Èske l posib pou swa ou menm swa moun ou marye avè l la rete lakay ou ak timoun nan olye pou nou toude al travay? Nan kèk ka, toule de paran yo travay sèlman paske yo vle gen plis nan domèn materyèl. Men, èske bagay materyèl sa yo vo lapenn?

  •    Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe egzamine si yo ka mennen yon vi ki pi senp konsa youn nan paran yo ap ka rete lakay.

 Ou ta dwe deside si wi ou non w ap mete pitit ou nan gadri sèlman apre w fin byen reflechi sou tout avantaj ak defi sa ka pote. E si apre w fin byen reflechi, ou panse gadri t ap yon bon chwa pou fanmi w?

 Sa w ka fè

 Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” ​(Pwovèb 14:15). Toutpandan w ap reflechi sou prensip sa a, byen egzamine ki fòm gadri ou ta renmen pou pitit ou.

 Chèche konnen opsyon ou genyen

  •    Gen kèk paran ki chwazi yon gadri ki lakay yon moun kote ki gen youn oswa kèk moun ki pran swen yon ti gwoup timoun.

  •    Gen kèk lòt paran ki gen yon fanmi, yon moun ki viv avèk yo, oswa yon moun ki vini chak jou pou pran swen pitit yo lakay yo.

 Nenpòt nan opsyon ou ta deside pran ap gen avantaj e l ap gen defi. Li t ap bon pou w pale ak kèk lòt paran ki deja itilize yon fòm gadri oswa yon lòt. Men sa Bib la di: “Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” — Pwovèb 13:10.

 E si w chwazi mete pitit ou nan yon gwo gadri ki gen anpil timoun? Nan ka sa a:

 Chèche konnen tout sa w kapab sou gadri a

  •    Èske gadri a fonksyone selon lalwa? Èske staf la gen lisans ak fòmasyon nan domèn nan? Èske gadri a gen yon bon repitasyon?

  •    Èske lokal la pwòp? Èske yo suiv règ sekirite yo?

  •    Ki aktivite ki genyen pou timoun yo fè? a

 Chèche konnen kèk enfòmasyon sou moun yo ki pral pran swen pitit ou a

  •    Ki kalite fòmasyon yo te resevwa? Sa ki gen ladan l fòmasyon sou fason pou yo anseye timoun piti ak fòmasyon nan premye sekou.

  •    Èske gen posiblite pou w fè ankèt pou w konnen si gen nan moun ki pral pran swen pitit ou a ki deja patisipe nan zak malonèt?

  •    Èske staf ki pran swen timoun yo stab nan travay la oswa èske se nouvo moun yo toujou ap pran pou travay? Si yo chanje staf souvan sa vle di pitit ou ap toujou bezwen abitye ak nouvo moun k ap pran swen l yo.

  •    Pou chak timoun nan gadri a, konbyen staf ki genyen? Si chak staf genyen anpil timoun sou kont li, sa ka vle di pitit ou a pap jwenn tout atansyon l bezwen. Sandout, kantite atansyon yon timoun ap bezwen depann de laj li ak kapasite l.

  •    Èske moun yo k ap pran swen pitit ou a dispoze pale avè w sou enkyetid ou genyen oswa enkyetid yo menm yo genyen?

a Pa egzanp, èske pitit ou ap pase anpil tan ap gade televizyon oubyen èske gen opòtinite pou l aprann ak lòt aktivite fizik pou l fè?