Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Telechaje epi jere tradiksyon Labib yo sou iOS

Telechaje epi jere tradiksyon Labib yo sou iOS

Youn nan prensipal opsyon JW Library genyen se posiblite pou nou li epi etidye Labib.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka telechaje epi jere tradiksyon Labib yo:

 Telechaje yon tradiksyon Labib

Ou ka telechaje plizyè tradiksyon Labib. Ou ka itilize yo pou w li epi etidye menmsi ou pa konekte sou Entènèt.

  • Ale nan meni prensipal la epi chwazi Bib pou w wè lis tout liv ki nan Bib la.

  • Chwazi Lang pou w wè lis tout tradiksyon Labib ki disponib yo. Tradiksyon Labib ou plis itilize yo parèt an premye nan lis la. Ou ka chèche tradiksyon w vle a tou lè w mete non tradiksyon an oswa non lang lan. Pa egzanp, ou ka tape “int” pou w jwenn tradiksyon Kingdom Interlinear la ann anglè oubyen ou ka tape “port” pou w jwenn tout tradiksyon Labib ki nan lang pòtigè.

  • Tradiksyon Labib ou poko telechaje yo gen ti desen nyaj la bò kote yo. Chwazi yon tradiksyon Labib pou w ka telechaje l. Kou w fin telechaje l ou pap wè ti desen nyaj la ankò. Chwazi tradiksyon Labib la ankò pou w li l.

Si w pa ta jwenn tradiksyon Labib w ap chèche a, ou ka chèche l yon lòt fwa. Gen tradiksyon Labib yo ajoute nan lis la kou yo disponib.

 Efase yon tradiksyon Labib

Ou ka efase yon tradiksyon Labib si w pa bezwen l ankò oubyen si w vle gen plis espas.

Chwazi Bib nan meni prensipal la, apre sa chwazi opsyon Lang lan pou w wè tout tradiksyon Labib ki disponib. Chwazi tradiksyon Labib ou vle efase a, epi chwazi Efase.

 Jwenn mizajou pou yon tradiksyon Labib

Detanzantan, ou ka jwenn mizajou pou yon tradiksyon Labib ou te telechaje.

Si gen mizajou pou yon tradiksyon Labib l ap gen desen de ti flèch toupre l. Lè w chwazi tradiksyon Labib la, w ap jwenn yon mesaj ki di gen yon mizajou. Chwazi Telechaje pou w ka fè mizajou a. Ou ka chwazi Yon lòt fwa pou w kontinye li tradiksyon an jan l ye a.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.4 la te soti nan mwa fevriye 2015. JW Library 1.4 la mache sou iOS 6.0 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou iOS” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.