Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Fason w ka jwenn dènye sa k te ouvri yo sou iOS

Fason w ka jwenn dènye sa k te ouvri yo sou iOS

Gen yon opsyon nan JW Library ki pèmèt ou wè tout dènye atik oswa chapit nan Bib la ou te li yo. Se yon opsyon ki vrèman itil paske li pèmèt ou retounen nan yon vèsè ou t ap gade anvan sa.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka jwenn dènye sa k te ouvri yo:

 Gade tout sa ki nan Dènye sa k te ouvri

Fè yon ti kite dwèt ou sou Bib pou w ka wè lis tout dènye vèsè ou te li yo. Chwazi yon vèsè pou w ka gade l ankò.

Fè yon ti kite dwèt ou sou Piblikasyon pou w ka wè lis tout dènye atik ou te li yo. Chwazi yon atik pou w ka gade l ankò.

 Efase tout sa ki nan Dènye sa k te ouvri

Fè yon ti kite dwèt ou sou Bib oswa Piblikasyon pou w ka wè lis tout dènye vèsè oswa atik ou te li yo. Chwazi Efase pou w ka efase lis la.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.2 a te soti nan mwa me 2014. JW Library 1.2 a mache sou iOS 6.0 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou iOS yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.