Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bib Bedell la — Yon ti pa ki te fèt pou pèmèt moun pi byen konprann Labib

Bib Bedell la — Yon ti pa ki te fèt pou pèmèt moun pi byen konprann Labib

LÈ William Bedell, yon chèf relijye anglè, te rive nan peyi Ilann nan ane 1627, li te tonbe sou yon sitiyasyon li pa t ka konprann. Se te peyi Grann Bretay, yon peyi potestan, ki t ap dirije Ilann, yon peyi kote pifò moun te Katolik. Refòmatè potestan yo te deja tradui Bib la nan lang yo pale nan divès peyi ann Ewòp. Poutan, pa gen moun ki te panse tradui l nan lang ilandè.

Bedell te santi “yo pa ta dwe neglije yo [moun peyi Ilann yo] toutpandan y ap tann yo aprann pale anglè”. Li te pran dispozisyon pou l tradui Labib nan lang ilandè. Sepandan, li te jwenn gwo opozisyon, sitou nan men Potestan yo. Poukisa?

YO FÈ OPOZISYON AK LANG ILANDÈ A

Bedell te deside aprann ilandè. Lè l te vin direktè yon lekòl (Trinity College) nan vil Diblen, li te ankouraje elèv yo pale ilandè, e li te kontinye fè sa lè l te vin evèk dyosèz Kilmò. Dayè, lè Rèn Elizabeth 1ye, rèn peyi Angletè, te fè lekòl sa a, li te vle pou lekòl la fòme predikatè ki t ap ka aprann moun li t ap dirije yo mesaj ki nan Bib la nan lang manman yo. Kidonk, Bedell te fè efò pou sa rive fèt.

Nan dyosèz Kilmò, pifò moun yo te pale ilandè. Se sa k fè Bedell te ensiste pou l gen predikatè ki pale lang sa a. Li te mande sa ann amoni ak sa apot Pòl te di nan 1 Korentyen 14:19. Apot Pòl te di, “nan yon kongregasyon, mwen ta prefere di senk mo avèk lespri m, pou m ka enstwi lòt moun yo tou, pase pou m ta di 10 000 mo nan yon lòt lang”, sa vle di yon lang moun pa fin konprann twò byen.

Men, te gen anpil otorite ki te fè tout sa yo kapab pou yo met baton nan wou Bedell. Dapre kèk istoryen, gen moun ki te fè konnen kesyon ankouraje moun sèvi ak lang ilandè a “se yon danje pou Leta”. Gen lòt ki te di sa “pa nan enterè gouvènman an”. E gen moun ki te panse li nan avantaj peyi Angletè pou moun peyi Ilann yo rete nan inyorans. Anfèt, gen yon seri lwa yo te vin fè pou fòse Ilandè yo sispann pale lang pa yo a, pou yo sispann suiv pwòp tradisyon yo, pou yo aprann pale anglè, pou yo ka vin wè bagay yo menm jan ak Anglè yo, e pou yo ka vin gen menm konpòtman ak yo.

PWOJÈ BIB BEDELL LA

Bedell pa t kite moun ki gen pwennvi sa yo anpeche l fè sa l te vle fè a. Nan kòmansman ane 1630 yo, li te kòmanse tradui yon Bib anglè nan lang ilandè, yon Bib ki pa t gen lontan depi l te parèt (Labib Wa Jak, vèsyon anglè, 1611). Li te vle fè yon bib ki t ap fasil pou pifò moun konprann. Li te gen konviksyon moun ki pòv yo pa t ap ka fouye nan Bib la pou yo jwenn wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an toutotan yo pa t ka konprann sa ki nan Bib la. — Jan 17:3.

Bedell pa t premye moun ki te wè sa. Anviwon 30 ane anvan sa, te gen yon lòt evèk, William Daniel, ki te wè jan l difisil pou yon moun aprann sa k nan Bib la lè Bib la “nan yon lang li pa konprann, ki tankou yon nyaj” pou li. Se konsa Daniel te pale de sa l te wè a. Daniel te tradui Liv ki te ekri an grèk yo nan lang ilandè, men kounye a se Bedell ki te pran desizyon tradui Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang ilandè. Bib moun konnen sou non Bib Bedell la gen tradiksyon Bedell te fè a ak pa William Daniel la ladan l. Bib Bedell la, ki se premye Bib konplè ki te vin genyen nan lang ilandè, se te sèl tradiksyon Labib ki te egziste nan lang ilandè pandan 300 an.

Bedell ki te yon espè nan lang ebre te konvenk de moun ki pale ilandè kòm lang natif natal yo pou yo ede l nan tradiksyon li t apral fè nan lang ilandè a. Pandan yo t ap avanse nan travay la, Bedell ansanm ak youn oswa de lòt moun li te fè konfyans e ki t ap ede l te pran san yo pou yo verifye chak vèsè. Kòm referans, yo te itilize yon tradiksyon Labib nan lang italyen yon teyolojyen suis ki te rele Giovanni Diodati te fè, tradiksyon grèk ki rele Septant lan ak yon ansyen maniskri ebre ki fyab.

Ekip ki t ap travay sou tradiksyon an te suiv sa tradiktè Labib Wa Jak yo te fè (sanble Bedell te konnen plizyè nan yo), yo te mete non Bondye plizyè kote nan tradiksyon Labib yo a. Pa egzanp, nan Egzòd 6:3, yo te mete “Iehovah”. Yo konsève maniskri orijinal Bib Bedell la nan yon bibliyotèk (Marsh’s Library) nan vil Diblen, ann Ilann. — Gade kare ki gen tit “Yo rekonèt travay Bedell te fè a”.

FINALMAN YO PIBLIYE L

Bedell te fini ak pwojè a nan zòn ane 1640, men li pa t ka pibliye l lè sa a. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo, se paske li te gen moun ki opoze avè l pi rèd toujou. Gen moun ki te lage vèni sou prensipal moun ki t ap fè tradiksyon an. Konsa, yo te espere moun pa t ap bay travay li te fè a valè. Moun ki te opoze avè l yo te menm fè arete l epi mete l nan prizon tèlman yo te mechan. Mete sou sa, nan epòk la, te gen yon rebelyon ki te eklate kont peyi Angletè. Bagay yo te rèd anpil, e anpil san te koule. Rebelyon sa a te eklate nan ane 1641. Malgre Bedell te yon Anglè, gen Ilandè nan zòn kote li te rete a ki te pwoteje l pandan yon tan paske yo te konnen li te vrèman gen sousi pou yo. Men, annapre, plizyè sòlda ki te nan rebelyon an te mete l nan prizon kote kondisyon yo pa t bon. Bedell te mouri nan ane 1642, e se sèten eksperyans li te fè nan prizon an te fè l mouri pi vit. Bedell pa t gentan wè yo pibliye travay li a.

Paj tit maniskri orijinal Bib Bedell la, zòn ane 1640, ak Bib ki te pibliye a, 1685.

Travay Bedell te fè a te manke pèdi paske gen kèk moun ki te antre lakay li, yo te met kay la tèt anba e yo te detwi l. Men, erezman te gen yon bon zanmi Bedell ki te gentan pran tout travay tradiksyon li te fè a. Rive yon lè, dokiman sa yo te vin tonbe nan men Narcissus Marsh, yon manm klèje ki te vin achevèk zòn Armagh e ki te vin moun ki gen plis otorite nan Legliz Ilann nan. Li te resevwa èd finansye nan men yon syantifik ki te rele Robert Boyle. Konsa, li te met kouraj sou li e li te pibliye Bib Bedell la nan ane 1685.

YON TI PA ANNAVAN KI GEN ANPIL ENPÒTANS

Bib Bedell la pa t resevwa anpil elòj lè l te parèt. Malgre sa, se te yon ti pa annavan ki gen anpil enpòtans nan ede moun pi byen konprann Bib la, sitou moun ki pale ilandè yo, nonsèlman nan peyi Ilann, men tou nan peyi Ekòs ak lòt kote ankò. Moun sa yo te vin kapab gen yon pi bon relasyon ak Bondye lefètke yo te vin kapab li Pawòl Bondye a nan lang manman yo. — Matye 5:3, 6.

“Lè nou te li Bib Bedell la, nou te tande pawòl ki nan Bib la nan lang manman nou. Bib sa a tankou yon kle ki ouvè pòt pou pèmèt mwen menm ak fanmi m aprann bèl verite ki gen nan Ekriti yo.”

Jis jounen jodi a, Bib Bedell la kontinye ap ede moun ki renmen laverite fè sa ki byen. Gen yon moun ki pale ilandè, ki pa gen lontan depi l te aprann sa Bib la anseye toutbonvre, ki te di: “Lè nou te li Bib Bedell la, nou te tande pawòl ki nan Bib la nan lang manman nou. Bib sa a tankou yon kle ki ouvè pòt pou pèmèt mwen menm ak fanmi m aprann bèl verite ki gen nan Ekriti yo.”