Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Je Jairo ede l sèvi Bondye

Je Jairo ede l sèvi Bondye

Èske w ka imajine ou pa gen okenn kontwòl sou kò w eksepte sou je w? Jairo, frè m nan, gen yon pwoblèm konsa. Poutan lavi li gen anpil sans. Anvan m esplike nou rezon ki fè li apresye lavi, kite m rakonte nou istwa l.

Jairo fèt ak yon maladi yo rele enfimite motris serebral, fòm li genyen an se sa yo rele kwadripleji spastik la *. Maladi a fè l pa gen okenn kontwòl sou pifò pati nan kò l. Sèvo l pa ka voye enfòmasyon ki klè bay mis li yo, konsa, pye l ak men l tòde oubyen yo vire san kontwòl. Pafwa, Jairo konn fè yon seri vye mouvman sanzatann, e sa konn menm lakòz li fè tèt li ditò. Moun ki toupre l yo konn viktim tou si yo pa vijilan. Malerezman, byen souvan, yo oblije mare men l ak pye l nan chèz woulant li an pou evite aksidan sa yo.

YON WOUT PENIB KI MENNEN NAN LAJ ADILT

Jairo soufri anpil pandan l ap grandi. Lè l te gen twa mwa, li te kòmanse tonbe malkadi, e sa te konn fè l pèdi konesans. Byen souvan, manman m te pote l byen di nan bra l epi li kouri lopital avè l, li te konn panse l mouri.

Akoz yo te konn kenbe Jairo di e kò l te konn ap kontrakte, rive yon lè, zo Jairo te vin defòme. Lè l te gen 16 an, zo basen li te debwate e li te dwe fè yon gwo operasyon nan kuis, nan hanch ak nan basen. M toujou sonje jan Jairo te konn ap kriye chak swa tèlman li t ap soufri nan peryòd li t ap geri apre operasyon an.

Gwo enfimite Jairo te genyen an te fè li depann totalman de lòt moun pou l fè aktivite li ta dwe fè chak jou tankou manje, mete rad, epi al nan kabann li. An jeneral, se manman m ak papa m ki te konn fè travay sa yo pou li. Byenke Jairo toujou bezwen èd, paran nou yo toujou fè l sonje lavi l pa depann de moun sèlman, men tou, li depann de Bondye.

NOU JWENN YON FASON POU N KOMINIKE AVÈ L

Paran nou se Temwen Jewova, e yo toujou li istwa biblik pou Jairo depi lè l te tibebe. Yo toujou konnen lavi yon moun gen plis sans lè moun sa a gen relasyon ak Bondye. Jairo te oblije viv ak yon kò ki frajil ki toujou ap fè vye mouvman, men li te gen yon bèl espwa, yon espwa ki solid pou lavni. Sepandan, byen souvan, yo te konn mande si Jairo konprann konesans ki nan Bib la.

Yon jou, pandan Jairo te timoun, papa m te mande l: “Tanpri Jairo, èske w ka pale avè m?” Apre sa, papa m te di l: “Si w renmen m toutbon, w ap pale avè m!” Pandan papa m t ap sipliye l pou l di omwen yon mo, dlo te koule nan je Jairo. Byenke li te fè efò pou l eksprime santiman l, se sèlman kèk son li te gazouye. Sa te fè papa m lapenn paske l te fè Jairo kriye. Men reyaksyon sa a te montre Jairo te konprann sa papa m te di l la. Pwoblèm li te genyen sèke li pa t ka pale.

Sa pa t pran tan pou paran nou te remake pafwa Jairo konn fè kèk mouvman rapid ak je l, sanble li t ap fè efò pou l eksprime panse l ak santiman l. Jairo te konn fache paske li pa t toujou ka fè moun konprann li. Men, lè paran m te aprann entèprete siy Jairo te konn fè ak je l yo e yo te ba l sa l te bezwen an, te gen yon gwo souri sou vizaj li. Se te fason pa l pou l di mèsi.

Yon dam ki fè terapi pou aprann moun pale te konseye nou pou n leve de men nou anlè lè n ap poze l yon kesyon kote repons lan se wi oubyen non yon fason pou n ka pi byen kominike avè l. Men dwat la vle di wi, e men goch la vle di non. Konsa, li ka di sa l ta renmen lè l fikse je l sou men ki apwopriye a.

YON EVÈNMAN ENPÒTAN NAN LAVI JAIRO

Twa fwa nan ane a, Temwen Jewova yo konn fè kongrè kote yo bay plizyè diskou ki baze sou Bib la devan yon gwo oditwa. Jairo te toujou kontan lè y ap bay diskou pou moun ki kandida batèm yo. Yon jou, lè Jairo te gen 16 an, papa m te mande l: “Jairo, èske w ta renmen batize?” Menm kote a, li gade men dwat papa m pou l montre anvi li genyen pou l franchi etap sa a. Apre sa, papa m te di l: “Èske w te fè yon priyè kote ou te pwomèt Bondye w ap sèvi l pou toutan?” Yon lòt fwa ankò, Jairo te gade men dwat papa m fiks. Sa te klè, Jairo te deja vwe lavi l bay Jewova.

Anplis de sa, apre plizyè konvèsasyon biblik, li te klè, Jairo te konprann siyifikasyon batèm kretyen an genyen. Konsa, nan ane 2004, li te reponn kesyon ki pi enpòtan yo te poze l: “Èske w vwe tèt ou bay Bondye pou w fè volonte l?” Jairo te leve je l anlè pou l reponn kesyon sa a. Se te fason sa a yo te planifye avè l pou l reponn wi. Konsa, lè l te gen 17 an, li te batize antanke Temwen Jewova.

LI FIKSE JE L SOU BAGAY BONDYE YO

Nan ane 2011, Jairo te vin gen yon nouvo fason pou l kominike ak moun, li te gen yon òdinatè li ka kontwole ak je l. Aparèy sa a suiv tout mouvman je Jairo fè yon fason pou l aktive ikòn ki sou ekran an. Lè Jairo bat je l sou yon ikòn oubyen li gade l fiks, se tankou li te klike ak yon souri sou yon òdinatè. Aparèy la gen yon tablo ki gen foto ki reprezante yon seri mo oubyen yon seri ekspresyon pou ede Jairo kominike ak moun. Lè Jairo bat je l sou youn nan foto sa yo, pwogram enfòmatik la konvèti mesaj ki ekri a pou l vin yon vwa elektwonik.

Tank konpreyansyon Jairo gen sou Bib la ap ogmante se tank li vin gen plis anvi pou l ede lòt moun nan domèn espirityèl. Pandan etid biblik nou fè an fanmi chak semèn nan, byen souvan, li gade m e li gade òdinatè a. Se yon fason pou l fè m sonje pou m ekri kòmantè li ka fè nan patisipasyon ki gen kesyon ak repons y ap fè nan reyinyon kongregasyon an.

Nan reyinyon an, avèk pasyans, li gade toupatou sou ekran an pou l ka klike sou ikòn ki apwopriye a, apre sa, tout moun tande vwa elektwonik la. Li fè yon gwo souri chak fwa li fè yon kòmantè pou l ankouraje moun nan kongregasyon an. Alex, se youn nan zanmi Jairo genyen ki jèn. Men sa l di: “Mwen toujou enpresyone lè m tande kòmantè Jairo fè sou yon sijè biblik.”

Jairo sèvi ak òdinatè li kontwole ak je l la e ki gen yon vwa elektwonik sou li pou l fè kòmantè nan reyinyon e pou l pataje kwayans li ak lòt moun.

Anplis de sa, Jairo sèvi ak je l pou l pale ak lòt moun sou kwayans li. Yon fason li fè sa se lè l klike sou yon foto ki montre yon jaden kote bèt ak moun ki soti nan tout ras ap viv nan lapè. Lè l aktive ikòn sa a, vwa ki sou òdinatè a di: “Espwa Bib la bay sèke tè a ap vin yon paradi kote pap gen ni maladi ni lanmò ankò, Revelasyon 21:4.” Si moun nan enterese, Jairo klike sou yon lòt ikòn, epi vwa ki sou òdinatè a di: “Èske w ta renmen m etidye Labib avè w?” Nou te sezi lè granpè nou te aksepte envitasyon sa a. Sa bay anpil kè kontan pou n wè Jairo k ap etidye Labib ak granpè nou tikras pa tikras e gen yon Temwen parèy li k ap ede l! Nou kontan anpil lefètke granpè nou te batize nan kongrè rejyonal ki te fèt nan vil Madrid nan mwa out 2014 la.

Atachman Jairo gen pou Bondye pa t pase inapèsi nan je pwofesè lekòl li yo. Men sa Rosario, youn nan pwofesè l yo ki fè terapi pou aprann moun pale, te fè konnen: “Si yon jou mwen ta anvi antre nan yon relijyon, mwen t ap vin Temwen Jewova. Mwen wè jan lafwa Jairo ba l yon vrè objektif nan lavi a malgre l nan yon sitiyasyon ki difisil.”

Je Jairo toujou klere lè m li pou li pwomès Bib la fè ki di: “Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage.” (Ezayi 35:6). Malgre pafwa li konn dekouraje, an jeneral, li gen yon bon etadespri. Sa posib paske lavi l santre sou Bondye ak sou zanmi l yo ki kretyen. Bonjan esperans ak lafwa solid li genyen se prèv ki montre sèvi Jewova fè yon moun k ap viv ak anpil difikilte vin apresye lavi.

^ § 5 Enfimite motris serebral se yon tèm jeneral yo itilize pou yo dekri pwoblèm yon moun gen nan sèvo l ki fè l pa ka fè mouvman. Mete sou sa, li ka fè moun nan fè malkadi, li ka fè l manje twòp oubyen li fè l pa vle manje, e li ka fè l pa ka pale. Kwadripleji spastik la se fòm ki pi grav nan enfimite motris serebral yo. Li ka fè toule kat manm moun nan vin rèd e li ka fè kou moun nan vin mòl.