Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO

Li te andire devan enjistis

Li te andire devan enjistis

ELIYA t ap mache nan vale Jouden an. Li gen plizyè semèn depi l ap vwayaje, li prale byen lwen sou mòn Orèb ki nan nò. Kounye a, piske li resi rive ann Izrayèl, li te ka wè chanjman ki gen nan peyi kote l te fèt la. Efè gwo sechrès la te kòmanse pase. Se te sezon otòn e ti lapli te kòmanse tonbe. Kiltivatè yo te deyò, yo t ap pase chari nan tè yo. Nan yon sans, sa te rekonfòte pwofèt la pou l wè tè a te kòmanse gen lavi, men, se pou moun yo li te gen plis sousi. Bagay yo pa t bon menm pou yo nan domèn espirityèl. Anpil moun te kontinye adore Baal, sa fè Eliya te gen anpil travay pou l fè *.

Toupre vil Abèl-Mewola, Eliya te wè kiltivatè yo k ap fè yon gwo konbit. Li te wè 24 bèf, yo te jouke yo de pa de. Konsa, te gen 12 ekip ki t ap pase chari anmenmtan. Yo te trase kèk siyon ki paralèl nan tè a ki te imid. Se mesye k ap mennen dènye ekip la Eliya t ap chèche. Mesye sa a rele Elicha, yon moun Jewova te chwazi pou ranplase Eliya. Yon lè, Eliya te panse se li menm sèl ki t ap sèvi Bondye fidèlman. Kidonk, pa gen dout nan sa, Eliya te anvi rankontre mesye sa a. — 1 Wa 18:22; 19:14-19.

Èske Eliya te yon jan ezite pou l te delege kèk responsablite ak kèk privilèj li te genyen oswa li te pè pou yo pa t ranplase l yon jou? Nou pa ka di sa, ni nou pa ka di yon ide konsa pa t pase nan lespri l. Anfèt, Eliya te “yon moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Kèlkeswa sa k te pase, Bib la fè konnen ‘Eliya te retire rad ofisyèl ki te sou li a, li mete l sou Elicha’. (1 Wa 19:19.) Petèt se yon rad yo te fè ak po mouton oswa ak po kabrit. Eliya te konn mete l kòm manto e sa te montre Jewova te chwazi l pou yon misyon espesyal. Lefètke Eliya te mete rad la sou zepòl Elicha, sa te vle di anpil bagay. Eliya te soumèt ak tout kè l devan lòd Jewova te ba l pou l chwazi Elicha pou ranplase l. Eliya te gen konfyans nan Bondye epi l te obeyi l.

Avèk imilite, Eliya te chwazi Elicha pou ranplase l.

Elicha, ki te pi jèn, te anvi ede pwofèt la ki te pi aje. Li pa t ap ranplase Eliya menm kote a. Okontrè, avèk imilite, li te akonpaye pwofèt la e li te ede l pandan anviwon sizan. Annapre, yo te vin konnen Elicha kòm moun “ki te konn vide dlo sou men Eliya”. (2 Wa 3:11, NW.) Se pa ti rekonfò Eliya te jwenn lefètke l te gen sèvitè sa a, yon moun ki konpetan e ki itil! Petèt de mesye sa yo pa t pran tan pou yo te vin bon zanmi. Se sèten, ankourajman youn te bay lòt te ede yo toule de andire malgre yo te konn wè gwo enjistis moun t ap fè toupatou nan peyi a. Anfèt, zak mechanste wa Ahab t ap fè yo te vin pi mal chak jou.

Èske w konn sibi enjistis? Sa deja rive pifò nan nou nan monn kòwonpi sa a. Men, si w jwenn yon zanmi ki renmen Bondye, sa kapab ede w andire. Anplis de sa, ou ka aprann anpil bagay sou lafwa Eliya te demontre lè l t ap fè fas ak enjistis.

‘AL JWENN AHAB’

Eliya ak Elicha te travay di anpil pou yo te ede pèp la gen bon relasyon ak Bondye. Se sèten yo te pran latèt pou yo bay lòt pwofèt fòmasyon, petèt, yo te òganize yo tankou yo te nan yon lekòl. Sepandan, rive yon lè, Jewova te bay Eliya yon lòt misyon. Jewova te ba l lòd pou l leve, pou l desann ‘al jwenn Ahab’, wa Izrayèl la (1 Wa 21:18). Ki sa Ahab te fè?

Wa Ahab te deja yon aposta. Se te pi move wa Izrayèl te genyen jiska epòk sa a. Li te marye ak Jezabèl, sa te lakòz adorasyon moun yo t ap bay Baal la te gaye toupatou nan peyi a, e menm wa a te ladan l tou (1 Wa 16:31-33). Adorasyon moun yo t ap bay Baal la te gen ladan l seremoni pou moun fè timoun, pwostitisyon, e yo te menm konn sakrifye timoun. Anplis de sa, pa t gen twò lontan depi Ahab te dezobeyi lòd Jewova te ba li pou l touye Bennadad, yon wa siryen ki mechan. Anfèt, rezon ki fè Ahab te refize fè sa se paske li t ap chèche jwenn lajan (1 Wa chapit 20). Kounye a, avidite, materyalis ak vyolans Ahab ak Jezabèl te gen lakay yo te vin pi mal toujou.

Ahab te gen yon palè nan Samari, e palè sa a te yon konstriksyon estrawòdinè! Ahab te gen yon palè tou nan Yizreyèl, nan yon distans anviwon 37 kilomèt. Bò kote dezyèm palè sa a te gen yon jaden rezen. Ahab te konvwate moso tè sa a ki te pou yon mesye ki rele Nabòt. Ahab te mande Nabòt jaden rezen an, li te menm ofri l lajan oswa yon lòt jaden nan plas li. Men sa Nabòt te reponn li: “Se tè eritaj li ye. Dapre lalwa Seyè a, mwen pa gen dwa vann ou li.” ​(1 Wa 21:3). Èske Nabòt te rebèl oswa l te ensousyan? Gen anpil moun ki panse sa. Anfèt, li t ap obeyi Lwa Jewova a ki pa t pèmèt Izrayelit yo vann pou toutan yon byen fanmi an te eritye (Levitik 25:23-28). Selon Nabòt, li te enposib pou l rejte Lwa Bondye a. Nabòt te gen lafwa ak kouraj paske l te byen konnen li te an danje lefètke l pa t dakò ak Ahab.

Sa klè, Ahab pa t bay Lwa Jewova a okenn enpòtans. Li te rantre lakay li tou “fache” paske l pa t rive jwenn sa l te vle a. Men sa nou li: “Li moute kabann, li kouche, li bay figi l nan panno, li derefize manje.” ​(1 Wa 21:4). Lè Jezabèl wè mari l byen boude tankou yon timoun piti, byen vit, li fè yon plan pou l te ka fè l jwenn sa l te vle a e pou l te ka tou detwi yon fanmi ki te jis.

Li difisil pou n ap li konplo Jezabèl te fè a pou n pa sezi devan mechanste ki te gen ladan l. Rèn Jezabèl te konnen Lwa Bondye a egzije pou gen de temwen pou yon akizasyon grav te ka kenbe (Detewonòm 19:15). Kidonk, li te ekri kèk lèt sou non Ahab pou l te bay mesye ki gen gwo pozisyon nan Yizreyèl yo lòd pou yo jwenn de moun ki aksepte fè yon fo akizasyon kont Nabòt, se dwe yon blasfèm k ap fè l jwenn lanmò kòm kondanasyon. Malerezman, Jezabèl te byen reyisi plan l lan. Gen “de vakabon” ki te fè yon fo akizasyon kont Nabòt, e kòm rezilta, yo te touye Nabòt ak kout wòch. Mete sou sa, yo te touye pitit gason Nabòt yo tou * (1 Wa 21:5-14; Levitik 24:16; 2 Wa 9:26). Anfèt, Ahab te sispann egzèse otorite l, sa te pèmèt madanm li fè kèlkeswa sa k te fè l plezi, konsa li te touye moun inosan sa yo.

Imajine jan Eliya te santi l lè Jewova te fè l konnen sa wa a ak rèn nan te fè a! Sa ka vrèman dekourajan pou n wè mechan yo sanble ap triyonfe sou inosan yo (Sòm 73:3-5, 12, 13). Jodi a, byen souvan, nou wè moun sibi enjistis yon fason ki terib. Pafwa, menm moun ki gen gwo pozisyon ki di y ap aji antanke reprezantan Bondye konn fè moun gwo enjistis. Sepandan, nou kapab jwenn rekonfò nan istwa sa a. Bib la fè n sonje nan istwa sa a pa gen anyen ki kache devan Jewova. Li wè tout bagay (Ebre 4:13). Men, ki sa Jewova fè lè l wè zak mechanste yo?

“LÈNMI MWEN, OU JWENN MWEN!”

Jewova te voye Eliya al rankontre Ahab. Yon fason byen klè, Bondye te di Eliya: “W’ap jwenn li koulye a nan jaden rezen Nabòt la.” ​(1 Wa 21:18). Lè Jezabèl te fè Ahab konnen jaden rezen an te pou li kounye a, san pèdi tan, Ahab te leve pou l al jwi byen li fèk genyen an. Li pa t janm panse Jewova t ap gade sa k ap pase a. Imajine jan Ahab te kontan anpil pandan l te nan jaden rezen sa a, tèt li te chaje ak rèv konsènan bèl bagay li pral fè ak jaden sa a. Men, sanzatann, Eliya vin parèt! Kè kontan Ahab te genyen an te chanje, li te mare figi l, e avèk raj ak lahèn li te di: “Lènmi mwen, ou jwenn mwen!” — 1 Wa 21:20.

“Lènmi mwen, ou jwenn mwen!”

Pawòl Ahab te di yo montre Ahab te ensanse nan de sans. Premyèman, lè Ahab te di Eliya “ou jwenn mwen” an, sa montre Ahab te avèg nan domèn espirityèl. Jewova te gentan “jwenn” li. Jewova te wè Ahab ki t ap mal sèvi ak libète l genyen pou l deside a, e ki t ap pwofite bagay Jezabèl te jwenn akoz vye konplo li te fè a. Bondye te wè kè Ahab, yon kè kote lanmou pou byen materyèl te anpeche l demontre mizèrikòd, jistis oswa konpasyon. Dezyèmman, lè Ahab te di Eliya “lènmi mwen”, Ahab te montre li rayi yon moun ki zanmi Jewova Dye e ki te ka ede l evite chemen malè li te pran an.

Nou ka aprann kèk leson enpòtan sou fason ensanse Ahab te aji a. Nou pa dwe janm bliye Jewova wè tout bagay. Antanke yon Papa ki plen lanmou, li konnen lè n kite chemen ki dwat la, e li ta renmen wè nou chanje fason n aji. Pou Jewova ede nou, byen souvan, li sèvi ak zanmi l yo, sètadi moun enpafè ki menm jan ak Eliya k ap pote pawòl li bay lòt moun. Se pa ti erè nou t ap fè si n ta konsidere zanmi Bondye yo kòm ènmi nou! — Sòm 141:5.

Imajine Eliya ki reponn Ahab: “Mwen jwenn ou.” Anfèt, li te jwenn Ahab nan sans li te vin konnen ki jan de moun Ahab te ye, sètadi yon vòlè, yon kriminèl e yon moun ki rebele kont Jewova Dye. Se pa ti kouraj sa te mande pou Eliya te kanpe devan mesye sa a ki te mechan anpil! Eliya te kontinye fè Ahab konnen jijman Bondye te pwononse kont li. Jewova te wè tout sa k t ap pase. Li te wè jan mechanste te gaye nan fanmi Ahab e jan sa te gen move efè sou pèp la. Kidonk, Eliya te fè Ahab konnen Bondye ‘pral disparèt li’, sa vle di l ap detwi tout fanmi Ahab nèt. Bondye t ap jije Jezabèl tou. — 1 Wa 21:20-26.

Eliya pa t fè konnen yon moun ka fè mechanste san pwoblèm oswa l ka gen move konduit san l pa jwenn okenn pinisyon pou sa. Jodi a, li fasil pou n tande moun di sa nan monn nan. Istwa sa a, nou jwenn nan Bib la, fè n sonje Jewova pa wè sa k ap pase yo sèlman, men tou, l ap bay jistis nan moman li chwazi. Pawòl li a ban nou asirans, yon jou, li pral mete fen nan tout kalite enjistis e l ap fè sa pou toutan (Sòm 37:10, 11)! Sepandan, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Èske se pinisyon sèlman ki gen nan jijman Bondye yo? Èske yo pa gen mizèrikòd ladan yo tou?’

‘OU WÈ JAN AHAB VIN DOU NAN PYE M’

Petèt, Eliya te sezi lè l te wè fason Ahab te reyaji devan jijman Bondye a. Men sa nou li nan istwa a: “[Ahab] pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t’ap mache kagou.” ​(1 Wa 21:27). Èske se repanti Ahab te repanti pou sa l te fè yo?

Nou konnen Ahab te fè kèk bon chanjman nan konduit li. Li te imilye tèt li, e se sèten, se yon bagay ki difisil pou yon moun ki ògeye e ki awogan fè. Men, èske se te vrè repantans sa te ye? Pou n reponn kesyon sa a, ann konpare Ahab ak yon lòt wa ki te vin apre l ki te rele Manase, e petèt, ki te fè plis mechanste pase l. Lè Jewova te pini Manase, Manase te imilye tèt li, li te mande Jewova èd. Men, li te fè plis pase sa. Apre sa, li te chanje fason l t ap viv, li te detwi zidòl li te fè yo, li te fè efò pou l sèvi Jewova, e li te menm ankouraje lòt moun fè menm bagay la tou (2 Kwonik 33:1-17). Èske se menm aksyon sa yo Ahab te fè? Malerezman, non.

Èske Jewova te remake jan Ahab te tris? Men sa Jewova te di Eliya: “Ou wè jan [Ahab] vin dou nan pye m! Paske li fè sa, m’ap tann li mouri anvan m voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l lan m’a voye malè sou fanmi l.” ​(1 Wa 21:29). Èske Jewova te padone Ahab? Non, se sèlman si l te repanti toutbon Bondye t ap fè l yon mizèrikòd konsa (Ezekyèl 33:14-16). Men, piske Ahab te montre l regrèt nan yon sèten degre, Jewova te fè l mizèrikòd nan yon sèten degre tou. Ahab pa t wè yo detwi tout fanmi l devan je l, yon bagay ki t ap terib pou li.

Jijman Jewova te pwononse kont Ahab la pa t chanje. Annapre, Jewova te mande zanj yo ki pi bon fason pou l twonpe Ahab pou l ka fè l antre nan yon gè k ap mete fen nan lavi l. Tousuit apre, Jewova te egzekite jijman l sou Ahab. Pandan batay la, Ahab te blese grav e li te mouri sou cha l te ye a. Men yon lòt detay enpòtan yo rapòte nan istwa sa a: Lè yo t ap lave cha wa a, gen kèk chen ki te vin niche san wa a. Yon fason klè, pawòl Jewova te voye Eliya al di Ahab la te reyalize. Men sa nou li: “Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.” — 1 Wa 21:19; 22:19-22, 34-38.

Pou Eliya ansanm ak Elicha ak tout lòt moun ki fidèl pami pèp Bondye a, fason Ahab te fini an te fè yo sonje Jewova pa t bliye kouraj ak lafwa Nabòt te genyen an. Bondye jistis la pap manke pa pini moun k ap fè mechanste, kit se menm kote a, kit se alavni. Mete sou sa, li pap bliye demontre mizèrikòd nan jijman l depi l gen rezon pou sa (Nonb 14:18). Se pa ti leson enpòtan Eliya te aprann, li menm ki te andire anba dominasyon wa mechan sa a pandan plizyè dizèn ane! Èske w te sibi yon enjistis? Èske w ta renmen pou Bondye fè w jwenn jistis? L ap bon pou w imite lafwa Eliya te genyen an. Eliya te kontinye pwoklame mesaj Bondye te ba li e li te kontinye andire devan enjistis, li te fè sa ansanm ak Elicha, konpayon fidèl li a.

^ § 3 Jewova te sèvi ak yon sechrès ki te dire twazan edmi pou l te montre jan Baal pa gen pisans, yon fo dye moun yo t ap adore paske yo te panse li te ka fè lapli tonbe e li te ka fè tè a pwodui (1 Wa, chapit 18). Gade seri atik ki gen tit “Annou imite lafwa yo” ki nan Toudegad 1ye janvye 2008 ak La Tour de Garde 1ye avril 2008.

^ § 13 Si Jezabèl te pè pou eritye Nabòt yo pa vin pwopriyetè jaden rezen an, petèt, li te aranje l pou l fè touye pitit gason Nabòt yo. Pou n ka jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè Bondye kite zak mechanste sa yo rive, gade atik ki gen tit “Lektè nou yo ta renmen konnen” ki nan Toudegad sa a.