Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Lè pitit ou ki adolesan kòmanse gen dout sou relijyon w lan

Lè pitit ou ki adolesan kòmanse gen dout sou relijyon w lan

Gen anpil jèn ki chwazi menm relijyon ak paran yo lè yo vin gran (2 Timote 3:14). Men, gen kèk lòt ki pa fè sa. Ki sa w ka fè si pitit ou k ap grandi kòmanse gen dout sou relijyon w lan? Nan atik sa a, nou pral pale sou fason Temwen Jewova yo fè fas ak pwoblèm sa a.

“Mwen pa vle ret nan relijyon paran m yo ankò. Mwen jis anvi bay vag.” — Kawòl, 18 an *.

OU GEN konviksyon relijyon w lan anseye laverite sou Bondye. Ou kwè Bib la bay pi bon fason pou moun viv. Kidonk, li toutafè nòmal pou w eseye transmèt pitit ou prensip ou genyen yo (Detewonòm 6:6, 7). Men, e si pandan pitit ou ap grandi, li vin pa enterese ankò nan bagay ki gen rapò ak Bondye? E si l kòmanse gen dout sou relijyon w lan alòske li te twò kontan aksepte l lè l te piti? — Galat 5:7.

Si sa rive, pa kouri panse ou echwe antanke paran ki kretyen. Jan nou pral wè sa, gen lòt bagay ki ka lakòz sa. Men, pa bliye: Fason w pral fè fas ak dout pitit ou ki adolesan genyen sou relijyon w lan kapab detèmine si l ap chwazi rete nan relijyon w lan oswa si l ap rale kò l ladan l. Si w deklare timoun nan lagè sou kesyon sa a, ou mèt konnen se yon batay k ap fatigan, e se yon batay ou sanlè pèdi. — Kolosyen 3:21.

Li pi bon lontan pou w obeyi konsèy apot Pòl te bay la. Men sa l te ekri: “Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun, li dwe gen kapasite pou l anseye, li dwe metrize tèt li.” ​(2 Timote 2:24). Si pitit ou ki adolesan gen dout sou relijyon w lan, ki jan w ka demontre ou “gen kapasite pou [w] anseye”?

Chèche konprann

Premyèman, eseye konprann ki sa ki lakòz pitit ou ki adolesan vin gen pwennvi sa a. Pa egzanp:

  • Èske se paske li santi l poukont li e li pa gen zanmi nan kongregasyon an? “Etandone mwen te bezwen gen zanmi, mwen te vin pwòch ak plizyè elèv nan lekòl mwen, e sa te anpeche m vin pwòch ak Bondye pandan plizyè ane. Se sitou akoz move zanmi mwen te genyen yo mwen te vin pa enterese ankò nan bagay ki gen rapò ak relijyon m nan. Kounye a, mwen regrèt anpil.” — Elèn, 19 an.

  • Èske se asirans li manke ki fè li difisil pou l pale konsènan lafwa li? “Lè m te lekòl, mwen te renka pou m pale sou kwayans mwen ak lòt elèv. Mwen te pè pou yo pa t twouve m dwòl oswa pou yo pa t rele m ‘pastè’. Depi yon timoun te diferan, yo pa t fè zanmi avè l, e mwen pa t vle sa rive m.” — Jan, 23 an.

  • Èske se paske l santi responsablite pou l viv selon prensip kretyen yo se yon bagay ki twòp pou li? Mwen te gen enpresyon pwomès Bib la fè konsènan lavi ki pap janm fini an se yon pwomès ki te anlè yon eskalye byen wo, e mwen potko menm sou premye mach la. Mwen te byen lwen mach yo. Mwen te tèlman pè monte eskalye sa a, sa te fè m panse bay relijyon m nan vag.” — Natali, 16 an.

Pale ak pitit ou

Ak ki pwoblèm anba anba petèt pitit pa w ki adolesan ap fè fas? Pi bon fason pou w konn repons lan se pou w poze l kesyon. Men, fè atansyon pou konvèsasyon an pa dejenere pou l vin yon diskisyon. Okontrè, suiv konsèy nou jwenn nan Jak 1:19 la ki ankouraje moun pou yo “prese koute, pa prese pale, ni prese fè kòlè”. Pran pasyans ak pitit ou. Se pou w demontre “anpil pasyans” e se pou w gen “ladrès nan fason w ap anseye”, menm jan w t ap fè pou yon moun ki pa fanmi w. — 2 Timote 4:2.

Pa egzanp, si pitit ou ki adolesan pa vle al nan reyinyon ankò, eseye konprann si pa gen yon lòt bagay k ap trakase l. Men, fè sa avèk pasyans. Si w aji menm jan ak paran ki nan sèn ki annapre a, ou pap reyisi touche kè pitit ou a.

Adolesan an: Mwen jis pa renmen al nan reyinyon ankò.

Paran an: [avèk yon ton vwa ki montre l pa kontan] Ki sa w vle di lè w di ou pa renmen al nan reyinyon?

Adolesan an: Mwen twouve yo raz.

Paran an: Se sa w panse de Bondye? Ou twouve l raz? Ebyen, mwen regrèt sa pou ou! Toutotan w ap viv nan kay la, vle pa vle ou pral nan reyinyon avèk nou!

Bondye mande paran yo pou yo aprann timoun yo konnen l e li mande timoun yo pou yo obeyi paran yo (Efezyen 6:1). Men, ou pa ta renmen pou pitit ou annik suiv ou nan relijyon w lan san reflechi epi pou se ak de kè l al nan reyinyon avè w. Sa w ta renmen, se pou pitit ou a dispoze vin avè w ak tout kè l.

Ap gen plis chans pou sa fèt si w rive konprann lòt bagay pa anba ki lakòz li vin gen atitid sa a. Pa bliye pwen sa a pandan nou pral egzamine jan konvèsasyon nou sot pale de li pi wo a te ka fèt yon fason ki t ap pi efikas.

Adolesan an: Mwen jis pa renmen al nan reyinyon ankò.

Paran an: [avèk yon ton vwa ki kalm] Sa k fè w santi w konsa?

Adolesan an: Mwen twouve yo raz.

Paran an: Ret chita pandan inèdtan oswa dezèdtan kapab raz vre. Ki sa w twouve ki ba w plis pwoblèm?

Adolesan an: Mwen pa konnen. Mwen santi mwen t ap pi byen si m ta yon lòt kote.

Paran an: Èske se konsa zanmi w yo santi yo?

Adolesan an: Se pwoblèm sa a menm mwen genyen. Mwen pa gen okenn zanmi, antouka mwen pa gen zanmi ankò. Depi lè bon zanmi m nan fin bwote al ret yon lòt kote, mwen santi se kòmsi m pa gen pèsonn pou m pale. Tout lòt moun ap amize yo. Mwen santi yo ban m vag.

Lè paran ki nan sèn sa a fè adolesan an santi l alèz pou l pale konsa, l ap rive konprann lòt bagay pa anba ki lakòz pwoblèm nan e nan ka adolesan sa a pwoblèm nan se paske li santi l poukont li. Epitou, paran an ap rive fè pitit la vin gen konfyans nan li, sa k ap ba yo posiblite pou yo gen lòt konvèsasyon pi devan. — Gade kare ki gen tit:  “Se pou w demontre pasyans.”

Rive yon lè, anpil jèn rann yo kont si yo reyisi fè fas ak pwoblèm ki ta ka anpeche yo pwoche bò kote Bondye, an jeneral, sa fè yo vin gen plis konfyans nan tèt yo ak nan relijyon yo a. Ann pran egzanp Jan, jèn gason nou te pale de li pi wo a, ki te renka pou l fè elèv lekòl li yo konnen li se kretyen. Finalman, Jan te vin rann li kont se pa t yon bagay ki difisil jan l te panse a pou l pale konsènan lafwa l, menm lè yo te pase l nan rizib. Men sa l di:

“Yon lè, gen yon tigason nan lekòl la ki t ap bat plezi sou mwen akoz relijyon m nan. Mwen te vrèman strese, e mwen te gen enpresyon tout klas la t ap koute. Lè m wè sa, mwen te deside pale e mwen te kòmanse poze l kesyon sou lafwa pa l. Mwen te sezi wè misye te pi strese pase m toujou! Se lè sa a mwen rann mwen kont gen anpil jèn ki gen kwayans pa yo, men yo pa konprann anyen nan sa yo kwè a. Omwen, mwen ka esplike kwayans mwen. An reyalite, nan kesyon pale konsènan lafwa, se kondisip mwen yo ki ta dwe santi yo jennen, se pa mwen.”

MEN SA W KA FÈ: Poze pitit ou ki adolesan kesyon pou w fè l di w ki jan l santi l lefètke li se kretyen. Mande l selon li menm ki byenfè li jwenn? Ki pwoblèm li rankontre? Èske byenfè li jwenn yo plis pase pwoblèm yo? Si byenfè yo plis, mande l pou l esplike sa k fè sa (Mak 10:29, 30). Adolesan an ka ekri sa l panse sou yon papye kote l trase yon liy nan mitan. Sou bò goch la, l ap mete pwoblèm yo e sou bò dwat la, l ap mete byenfè yo. Lè l wè sa l ekri sou papye a, sa ka ede l idantifye pwoblèm li e sa ka ede l chèche jwenn yon solisyon.

Kapasite pitit ou ki adolesan genyen pou l rezone

Paran yo ak espè yo remake gen yon gwo diferans ant fason timoun panse ak fason adolesan panse (1 Korentyen 13:11). Lè timoun yo piti, yo reflechi sou sa yo wè ak sa yo tande, pou yo menm se sa oubyen se pa sa. Adolesan yo menm, yo gen tandans al pi fon nan refleksyon yo. Pa egzanp, yon paran ka fè yon timoun piti konnen se Bondye ki kreye tout bagay (Jenèz 1:1). Men, yon adolesan kapab gen yon seri kesyon k ap trakase l, tankou: ‘Kòman m fè konnen Bondye egziste vre? Poukisa yon Bondye ki gen lanmou pèmèt mechanste? Kòman fè Bondye te toujou egziste?’ — Sòm 90:2.

Ou ka gen enpresyon lefètke pitit ou ki adolesan ap poze kesyon sa yo sa vle di lafwa l ap diminye. Anfèt, se kapab yon pa annavan lafwa l fè. Dayè, lefètke li gen dout, sa kapab yon aspè enpòtan nan pwogrè l ap fè antanke kretyen. — Travay 17:2, 3.

Epitou, se aprann adolesan an ap aprann sèvi ak “kapasite [li] genyen pou [li] rezone”. (Women 12:1, 2.) Kòm rezilta, l ap kapab konprann “lajè, longè, wotè ak pwofondè” lafwa kretyen yo genyen yon fason li pa t ap ka konprann lè l te piti (Efezyen 3:18). Kounye a se pi bon moman pou w ede pitit ou ki adolesan pou l rezone sou kwayans li yon fason pou l ka vin gen konviksyon fèm anrapò ak kwayans li. — Pwovèb 14:15; Travay 17:11.

MEN SA W KA FÈ: Pale sou ansèyman fondamantal yo ankò ak pitit ou ki adolesan, pale sou sijè ou menm avè l te ka panse ki te klè pou nou toule de. Pa egzanp, fè l reflechi sou yon seri kesyon tankou: ‘Ki sa k fè mwen gen konviksyon Bondye egziste? Ki prèv mwen genyen Bondye gen sousi pou mwen? Poukisa mwen sèten l ap toujou pi bon pou m obeyi lwa Bondye yo?’ Fè atansyon pou w pa fòse pitit ou a vin gen menm pwennvi avè w. Okontrè, se pou w ede l vin gen pwòp konviksyon pa l. Konsa, l ap pi fasil pou l vin gen konfyans nan relijyon l lan.

‘Konvenk li pou l kwè’

Labib pale de Timote ki te jèn kòm yon moun ki te konnen sa ki nan liv sakre yo “depi [l] toupiti”. Poutan, apot Pòl te ankouraje Timote pou l “rete nan sa [l] te aprann yo, nan sa yo te konvenk [li] pou [li] kwè yo”. (2 Timote 3:14, 15.) Menm jan ak Timote, ou kapab te bay pitit ou ki adolesan yon bon fòmasyon ki soti nan Bib la depi lè l te toupiti. Men, kounye a, ou bezwen konvenk li yon fason pou l ka gen pwòp konviksyon pa l.

Men sa liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 1 an fè konnen: “Toutotan pitit ou ki adolesan ap viv lakay ou, ou gen dwa pou w mande l fè yon seri bagay ki gen rapò ak relijyon w. Men, objektif ou se fè l renmen Bondye, ou pa vle pou l annik fè yon seri bagay san reflechi.” Lè w kenbe objektif sa a nan lespri w, w ap kapab ede adolesan an “rete fèm nan lafwa” yon fason pou lafwa sa a vin lafwa pa l, pou se pa jis lafwa pa w *. — 1 Pyè 5:9.

^ § 4 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

^ § 40 Pou plis enfòmasyon, gade Toudegad 1ye jiyè me 2009, paj 10-12 ak liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 1, paj 315-318.

MANDE TÈT OU...

  • Ki jan m dwe reyaji si pitit mwen gen dout sou relijyon mwen anseye l la?

  • Ki jan m ka sèvi ak enfòmasyon ki nan atik sa a pou m amelyore fason m reyaji?