Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te soti nan fanmi Kayif

Li te soti nan fanmi Kayif

Pafwa, akeyològ yo konn fè yon dekouvèt ki bay prèv, swa dirèk oswa endirèk, ki montre yon moun Bib la pale de li te egziste toutbonvre. Pa egzanp, nan ane 2011, gen kèk pwofesè nan peyi Izrayèl, ki konn fè rechèch, ki te pibliye kèk enfòmasyon konsènan yon bagay yo te jwenn ki montre sa. Se te yon kòf ki fèt an kalkè ki te byen dekore kote yo te mete zo yon moun ki mouri apre kò moun sa a te fin dekonpoze. Kòf sa a te gen 2 000 an depi l anba tè.

Men ki sa ki te ekri sou kòf espesyal sa a: “Miriam pitit fi Yechwa ki se pitit Kayif, yon prèt Maazya ki soti Bèt Imri.” Se Kayif ki te gran prèt juif ki te patisipe nan jijman ak nan egzekisyon Jezi a (Jan 11:48-50). Gen yon istoryen ki rele Flaviyis Jozèf ki pale de gran prèt sa a antanke “Jozèf yo te rele Kayif la”. San dout, kòf sa a se te kòf youn nan moun ki te soti nan fanmi gran prèt sa a. Etandone sou yon kòf yo te jwenn anvan sa, yon kòf moun konsidere ki se kòf gran prèt la menm, yo te ekri Jozèf pitit Kayif *, donk, Miriam dwe te soti nan fanmi Kayif.

Selon kèk enfòmasyon ki soti nan IAA (Israel Antiquities Authority), yon sèvis ki okipe bagay ansyen tan nan peyi sa a, se nan men kèk vòlè ki te fin piye yon ansyen tonm yo te sezi kòf ki gen zo Miriam yo. Analiz yo te fè sou kòf sa a ansanm ak sa ki te ekri sou li yo montre li te egziste toutbonvre.

Kòf ki te gen zo Miriam nan aprann nou yon nouvo bagay tou. Li fè referans ak “Maazya” ki se dènye pami 24 branch fanmi ki t ap sèvi nan tanp Jerizalèm la e ki te konn fè sa pa woulman (1 Kwo. 24:18). Se sa k fè sèvis ki rele IAA a te fè konnen: “Fanmi ki te pote non Kayif la te gen rapò ak branch fanmi Maazya a.”

Sa k te ekri sou kòf la te pale konsènan Bèt Imri tou. Nou kapab entèprete non sa a ki te ekri sou kòf la de fason posib. Menm sèvis la fè konnen: “Premye posiblite a sèke Bèt Imri se te non yon fanmi kote moun yo te prèt, sa vle di pitit Imè yo ki te gen desandan ki soti nan branch fanmi Maazya a.” (Ezra 2:36-37; Neyemya 7:39-42.) “Dezyèm posiblite a sèke [Bèt Imri] se non kote Miriam oswa tout moun nan fanmi l te fèt la.” Nan kèlkeswa ka a, kòf ki gen zo Miriam yo bay prèv ki montre Bib la pale konsènan moun ki t ap viv toutbon e ki te soti nan vrè fanmi.

^ § 3 Konsènan Kòf yo te mete zo Kayif yo, gade atik ki gen tit “Gran prèt ki te kondane Jezi a” ki te parèt nan Toudegad 15 janvye 2006, paj 10-13 an fransè.