Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dekouvèt akeyològ yo fè montre wa David te egziste toutbonvre

Dekouvèt akeyològ yo fè montre wa David te egziste toutbonvre

 Dapre sa Bib la di, David, wa peyi Izrayèl, te viv nan 11yèm syèk anvan epòk nou an e desandan li yo te dirije peyi a pandan plizyè syèk. Men, gen moun ki fè konnen istwa David ki te dirije antanke wa a, se yon lejann li ye, yon lejann yo te envante lontan apre epòk Bib la di David te viv la. Èske wa David te egziste toutbonvre?

 Nan ane 1993, akeyològ Avraham Biran ak ekip li a te dekouvri nan vil Tel Dan ki nan nò peyi Izrayèl, yon moso wòch ki gen yon ekriti sou li ki pale de “desandan David yo”. Enskripsyon sa a, ki ekri ak karaktè ansyen lang semitik yo, te fèt nan nevyèm syèk anvan epòk nou an. Sa klè, wòch sa a te fè pati yon moniman arameyen yo te bati pou moun kapab wè yo te pote laviktwa sou pèp Izrayèl.

 Nan yon atik sou sit Bible History Daily, nou li: “Gen moun ki pa kwè enskripsyon sa a bay prèv wa David te janm egziste [...]. Antouka, pifò espè ak akeyològ yo dakò moso wòch yo jwenn nan Tel Dan an bay premye prèv solid wa Izrayèl ki te pote non David Bib la pale de li a te egziste toutbonvre. Dekouvèt sa a se youn nan dekouvèt ki pi enpòtan sou akeyoloji biblik magazin BAR [Biblical Archaeology Review] bay rapò sou li.”