Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye, “ki tande lapriyè” a, pran plezi koute nou. — SÒM 65:2.

Kontinye priye Bondye pou n ka jwenn favè l

Kontinye priye Bondye pou n ka jwenn favè l

Bondye te bay lèzòm yon kado ki gen anpil valè, se kapasite pou yo pale avè l e pou yo di l sa yo santi pa mwayen lapriyè. David, ki te yon pwofèt, te priye l konsa: “O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w.” ​(Sòm 65:2). Ki jan nou kapab priye pou Bondye koute nou e pou n jwenn benediksyon l?

PRIYE L AK TOUT KÈ NOU E AVÈK IMILITE

Nan priyè pèsonèl n ap fè yo, nou kapab ‘ouvri kè nou bay Bondye’ pou n fè l konnen sa nou santi toutbon (Sòm 62:8). Bondye toupisan an renmen priyè sensè nou fè ki soti nan fon kè nou.

SÈVI AK NON BONDYE LÈ N AP PALE AVÈ L

Byenke Bondye gen anpil tit, se yon sèl non li genyen. Men sa l di: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” ​(Ezayi 42:8). Non Jewova parèt anviwon 7 000 fwa nan Pawòl li a. Anpil pwofèt te konn sèvi ak non Bondye lè yo te konn pale avè l. Abraram te di: “Jewova, tanpri, [...]. Kite m pale avè w toujou.” ​(Jenèz 18:30). Nou menm tou, nou dwe sèvi ak non Bondye, Jewova, lè n ap priye l.

PRIYE L NAN LANG NOU

Bondye konprann panse nou ak santiman nou, kèlkeswa lang nou pale. Men asirans nou jwenn nan Pawòl li a: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:34, 35.

Sepandan, pou n jwenn benediksyon Bondye, se pa priye nou dwe priye l sèlman. Nan atik ki vin apre yo, nou pral egzamine sa n dwe fè.