Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason w ka fè fas ak santiman ensekirite ou genyen

Fason w ka fè fas ak santiman ensekirite ou genyen

SANBLE pa ge anyen ki pi san defans pase yon ti bebe. Lè nou fèt, sekirite nou depann nèt de paran nou. Lè nou t ap aprann mache, nou te konn rankontre yon seri moun ki tankou jeyan devan nou. Nou te konn pè yo lè paran nou pa bò kote nou. Men, lè nou te kenbe men manman nou oswa men papa nou, nou te santi nou an sekirite.

Lè nou te piti, byennèt nou te depann de lanmou ak ankourajman paran nou ban nou. Lè nou te reyalize jan paran nou renmen nou, sa te fè nou santi n pi an sekirite toujou. Lè yo te felisite nou pou yon bagay nou fè, nou te santi n gen plis konfyans nan tèt nou e nou te fè pwogrè.

Lè n te vin pi gran, bon zanmi nou genyen yo tou te fè n santi nou pi an sekrite. Nou te santi nou alèz bò kote yo, e yo te ede nou gen mwens laperèz nan lekòl nou.

Natirèlman, sa nou dekri la a montre an jeneral ki jan timoun yo pase anfans yo. Men, gen kèk jèn ki pa jwenn anpil bon zanmi, e gen anpil timoun ki prèske pa t jwenn atansyon nan men paran yo. Men sa Melissa * di: “Lè m gade foto kote gen fanmi ki ini k ap travay ansanm, mwen panse ak tèt mwen. ‘Mwen t ap kontan si m te jwenn sa lè m te yon jèn fi’.” Petèt, se sa w santi tou.

PWOBLÈM MOUN KI GRANDI AK SANTIKMAN ENSEKIRITE GENYEN

Petèt, ou te manke konfyans pandan ane ou t ap grandi yo. Ou te ka resevwa yon tikras lanmou ak ankourajman. Li posib pou w sonje diskisyon paran w te toujou ap fè jiskaske sa te kraze maryaj yo. Separasyon sa a ka fè w ap blame tèt ou san rezon. Oubyen sa ki pi rèd, petèt youn nan paran w yo te di w vye pawòl oswa li te maltrete w.

Ki fason jèn ki pa santi yo an sekirite yo ka reyaji? Gen ladan yo ki lage kò yo nan dwòg oswa nan bwè alkòl pandan adolesans yo. Gen lòt ki antre nan gwoup gang pou yo ka santi yo fè pati yon gwoup. Adolesan ki pa santi yo an sekirite yo ka tonbe nan renmen san pare, paske y ap chèche lanmou ak afeksyon. Sepandan, renmen sa yo pa konn dire, e byen souvan, sa konn fè yo plis santi yo pa an sekirite.

Adolesan ki santi yo pa an sekirite ki evite gwo pwoblèm sa yo konn grandi kanmenm ak santiman kòmkwa yo pa vo anyen. Men sa Ana esplike: “Mwen te vin konprann mwen pa vo anyen, paske se toutan manman m t ap di m sa. Mwen pa sonje yon lè li te felisite m oswa li te ban m afeksyon.”

Fason nou grandi se pa sèl rezon ki konn fè nou santi nou pa an sekirite. Nou kapab santi n konsa akoz yon divòs ki fè nou soufri, akoz pwoblèm laj oswa menm, akoz pwoblèm nou genyen ak aparans nou. Kèlkeswa rezon ki fè n santi sa a, li ka retire jwa nou e l ka anpeche n gen bon relasyon ak lòt moun. Ki sa n ka fè pou n fè fas ak santiman sa yo?

BONDYE GEN SOUSI POU NOU

Nou bezwen konnen nou ka jwenn èd. Nou tout gen yon moun ki ka ede nou, yon moun ki vle ede nou: Se Bondye.

Men sa Bondye te di pa mwayen Ezayi, yon pwofèt li: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” (Ezayi 41:10, 13). Ala sa rekonfòtan dèske nou konnen Bondye vle kenben men nou! Nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm!

Bib la pale de plizyè sèvitè Bondye ki t ap bay tèt yo pwoblèm, men ki te aprann kenbe men Bondye. Ana, manman Samyèl, te santi se yon wont sa ye pou li dèske li pa t ka fè timoun. Souvan, yo te fawouche l poutèt sa. Konsa, Ana te vin pèdi apeti e souvan, li te konn kriye (1 Samyèl 1:6, 8). Men, apre li te fin vide kè l bay Bondye, li pa t santi l deprime ankò. — 1 Samyèl 1:18.

Pafwa, salmis David te santi l pa an sekirite tou. Pandan plizyè ane, wa Sayil te pousuiv li pou l touye l. David te rive chape plizyè fwa, men pafwa, li te konn santi pwoblèm li yo anvayi l (Sòm 55:3-5; 69:1). Malgre sa, men sa li te ekri: “M ap kouche e m ap dòmi ak kè poze, paske, se ou menm sèl Jewova ki fè m santi m an sekirite.” — Sòm 4:8.

Ni Ana, ni David te lage chay yo, sa vle di pwoblèm ki te fè yo soufri yo, sou Jewova, e Jewova te soutni yo (Sòm 55:22). Ki jan nou ka fè menm bagay la jodi a?

TWA BAGAY POU NOU FÈ POU N SANTI N PI AN SEKIRITE

1. Aprann gen konfyans nan Jewova antanke yon Papa.

Jezi te ankouraje nou pou nou aprann konnen Papa l, “sèl vrè Dye a”. (Jan 17:3.) Men asirans apot Pòl ban nou: “Li pa lwen okenn nan nou.” (Travay 17:27). Men sa Jak te ekri: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

Lefètke nou konnen nou gen yon Papa nan syèl la ki renmen nou e ki gen sousi pou nou, sa se yon gwo bagay ki ede nou fè fas ak santiman enkyetid nou yo. Se vre, sa ka pran tan pou n vin gen yon konfyans konsa, men anpil moun remake sa vrèman ede yo. Men sa Caroline di: “Lè Jewova te vin Papa m, finalman, mwen te jwenn yon moun mwen ka di santiman ki pi fon m gen nan kè m. Sa te soulaje m anpil!”

Men sa Rachel sonje: “Se sèlman Jewova ki te fè m santi mwen an sekirite lè m te vin ap viv poukont mwen, san paran. Mwen te ka pale avè l e mwen te ka mande l ede m ak pwoblèm mwen yo. E li te ede m toutbonvre.” *

2. Jwenn yon fanmi espirityèl.

Jezi te anseye disip li yo pou youn konsidere lòt kòm frè ak sè. Li te di yo: “Nou tout se frè.” (Matye 23:8). Li te vle pou vrè disip li yo renmen youn lòt, e pou yo vin sa nou ka rele yon gwo fanmi espirityèl. — Matye 12:48-50; Jan 13:35.

Nan kongregasyon Temwen Jewova yo, antanke yon fanmi espirityèl toutbon, moun yo chèche gen yon bèl relasyon e yo chèche bay rekonfò. Yo fè sa avèk senserite (Ebre 10:24, 25). Anpil moun santi reyinyon yo tankou yon luil ki kalme yo e ki ede yo geri blese ak maleng yo te genyen nan domèn afektif.

“Men sa Eva di: “Mwen te gen yon bon zanmi nan kongregasyon m nan, li te konprann sa m santi lè m t ap soufri. Li te koute m, li te fè lekti pou mwen e li te priye avè m. Li te veye pou m pa poukont mwen. Li te ede m pou m pale de sa m genyen e pou m dechaje m. Grasa èd li, mwen te kòmanse santi m pi an sekirite.” Men sa Rachel ajoute: “Mwen te jwenn ‘manman ak papa’ nan kongregasyon an. Yo te fè m santi yo vrèman renmen m e yo te fè m santi m vrèman an sekirite.”

3. Demontre lanmou ak bonte pou lòt moun.

Lè n demontre lanmou ak bonte pou lòt moun, nou ka vin mare zanmi avèk yo pou lavi. Men sa Jezi te di : “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). Epi, sandout, n ap remake plis nou demontre nou renmen lòt moun, se plis y ap renmen n tou. Men sa Jezi te di disip li yo: “Pran abitid bay, e moun ap ban nou.” — Lik 6:38.

Lè nou renmen moun e moun renmen nou, sa fè nou santi nou pi an sekirite. Jan Bib la montre sa, “lanmou pa janm fayi”. (1 Korentyen 13:8.) Men sa María di: “Mwen konnen yon seri panse negatif mwen gen sou mwen pa t sa ditou. Mwen te sove anba panse negatif sa yo lè m te ede lòt moun e m te bliye tèt mwen. Mwen toujou santi m gen satisfaksyon lè m fè yon bagay pou lòt moun.”

SEKIRITE POU TOUT MOUN

Etap sa yo nou sot egzamine pi wo a pa tankou yon remèd depi nou pran l k ap fè n jwenn yon soulajman tousuit e k ap dire nètale. Sepandan, yo enpòtan anpil. Caroline fè konnen: “Mwen toujou gen santiman m pa an sekirite, men, kounye a, mwen bay tèt mwen plis valè. Mwen konnen Bondye gen sousi pou mwen, epi m gen anpil bon zanmi ki fè m santi m byen.” Rachel santi l menm jan an. Men sa l di: “Detanzantan, tristès anvayi m. Men, mwen gen frè ak sè espirityèl mwen yo mwen ka pale avèk yo pou m jwenn konsèy. Yo ede m wè bagay yo yon fason pozitif. Anplis de sa, mwen gen yon Papa nan syèl la pou m pale chak jou. Sa vrèman enpòtan!”

Labib pale de yon monn nouvo k ap vini. Ladan l, nou tout pral santi n an sekirite.

Anplis de sa, gen yon solisyon k ap vini k ap la pou toutan. Labib pale de yon monn nouvo k ap vini. Ladan l, nou tout pral santi n an sekirite. Men sa Bondye pwomèt: “Chak moun ap chita anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.” (Miche 4:4). Lè sa a, pap gen moun k ap fè nou santi n san pwoteksyon, ni pap gen moun k ap fè nou mal. Menm bagay ki te bay laperèz yo, santiman ki te byen fon nan moun lontan yo, “pap vin nan lespri” yo (Ezayi 65:17, 25). Bondye ak Pitit li a, Kris Jezi, pral fè moun yo fè “bagay ki dwat toutbon”. Konsa, “ap gen kè poze ak sekirite nètale”. — Ezayi 32:17.

^ § 5 Yo chanje non moun yo.

^ § 21 Temwen Jewova yo ofri moun ki ta renmen pwoche bò kote Bondye etid biblik gratis.