Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ÈD POU FANMI | JÈN YO

Lè manman w oswa papa w mouri

Lè manman w oswa papa w mouri

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

Dami te gen sizan lè yon maladi nan sèvo ki rele anevris (yon venn ki dilate jis li tounen yon pòch san ki ka pete e ki ka fatal pou moun nan) te lakòz li pèdi papa l. Derrick te gen nevan lè yon maladi kè te touye papa l. E Jeannie li menm te gen setan lè manman l te mouri apre l te fin fè ennan ap goumen ak yon kansè nan ovè *.

Chak jèn sa yo te pèdi yon moun yo te renmen byen bonè nan lavi yo. Èske w te deja viv sa? Si w te deja viv sa, atik sa a kapab ede w fè fas ak sitiyasyon an *. Men, anvan sa, ann konsidere kèk aspè konsènan lè yon moun nan lapenn.

KI SA NOU TA DWE KONNEN?

Gen plizyè fason yon moun ka montre li nan lapenn. Sa vle di fason w montre w ap soufri gendwa diferan ak fason lòt moun montre y ap soufri. Men sa yon liv pou adolesan fè konnen: “Pa gen yon senp chema oswa yon seri règ pou moun suiv pou yo rive fè fas ak sitiyasyon kote yon moun pa yo mouri.” (Ede jèn yo fè fas ak lanmò, anglè). Sa k pi enpòtan se pa kache sa w santi a san rezon. Poukisa? Se paske...

Lè yon moun kache lapenn li genyen, sa kapab gen efè sou li. Jeannie nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Mwen te panse mwen te dwe rete djanm pou m te ka ede ti sè m nan. Se poutèt sa mwen pa t montre sa m santi. E menm jodi a, mwen gen tandans kache bagay ki fè m mal anpil, men sa pa bon.”

Moun ki espesyalis nan domèn nan ap dakò ak sa. Paske, men sa yon liv fè konnen: “Lè yon moun pa vle admèt sa l santi oswa l ap kache santiman l, santiman sa yo pap ret kache pou toutan. Y ap tounen nan moman ou pa atann nan e y ap fè w annik rete konsa ou tonbe kriye oswa y ap aji sou sante w.” (Jèn ki nan lapenn, anglè). Lè yon moun kache lapenn li genyen, sa kapab pouse l bwè alkòl depase limit, pran dwòg, yon fason pou l ka pa santi soufrans lan.

Lè yon moun nan lapenn, sa ka fè l pa konn sa pou l panse. Pa egzanp, gen moun ki konn santi yo an kòlè kont moun ki mouri a paske yo santi moun nan swadizan abandone yo. Gen lòt moun yo menm ki akize Bondye, yo panse Bondye te dwe fè yon bagay pou l anpeche moun nan mouri. Anpil moun ki nan lapenn santi yo koupab poutèt yo te fè oswa yo te di moun ki mouri a yon bagay, e yo pa ka fè anyen pou yo chanje sa.

Vrèmanvre, lè yon moun nan lapenn, sa konplike anpil. Ki sa w ka fè pou w jwenn soulajman e ki jan lòt moun ka ede w kontinye avanse?

MEN SA W KA FÈ

Pale ak yon moun. Nan moman difisil sa a, ou ka gen tandans mete w apa. Men, si w ouvri kè w pou w di yon moun nan fanmi w oswa yon zanmi w sa w santi, sa ka ede w kontwole santiman w e sa ka ede w pou w pa kite yo vin twòp pou ou. — Prensip Bib la bay: Pwovèb 18:24.

Chèche gen yon kanè sekrè. Ekri konsènan paran w genyen ki mouri a. Pa egzanp, ki pi bèl bagay ki fè w sonje l? Ekri sou bèl kalite li te gen lakay li. Kiyès nan kalite sa yo ou ta renmen genyen lakay ou?

Si w pa ka sispann panse ak bagay ki negatif, pa egzanp, si w pa ka sispann panse ak yon pawòl ou te di paran w lan anvan l mouri ki te blese l, ekri sa w santi a ak rezon ki fè w santi w konsa. Ou kapab ekri: “Mwen santi m koupab paske mwen te fè kont ak papa m lavèy jou l te mouri a.”

Apre sa, chèche konprann rezon ki fè w santi w koupab la. Men sa liv Jèn ki nan lapenn nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Ou pa kapab ap blame tèt ou paske ou pa ka konnen si w t ap janm jwenn okazyon pou w mande padon. Sa vrèman pa fè sans pou yon moun pa janm di oswa fè yon bagay ki gendwa mande pou l eskize l annapre.” — Prensip Bib la bay: Jòb 10:1.

Pran swen tèt ou. Pran ase repo, fè egzèsis epi manje byen. Si sa ta rive w pa santi w anvi manje, menmsi w pa pran repa nòmal yo, chèche gen kèk bon ti bagay ki bon pou sante w ou ka pase nan bouch ou pandan jounen an, omwen jiskaske w vin santi w gen apeti ankò. Pa plede ap manje fridòdòy epi bwè anpil alkòl pou w ka bliye sa w santi, paske, an reyalite, sa ap fè sitiyasyon w vin pi mal.

Priye Bondye. Men sa Labib fè konnen: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Lapriyè pa yon senp bagay yon moun fè pou soulaje tèt li. Se pale moun nan ap pale toutbon ak Bondye “tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”. — 2 Korentyen 1:3, 4.

Labib, Pawòl Bondye a, se youn nan mwayen Bondye itilize pou l konsole moun k ap soufri yo. Sa w panse si w ta egzamine sa l anseye sou sa k rive moun ki mouri yo ak espwa ki genyen pou moun sa yo retounen viv ankò *? — Prensip Bib la bay: Sòm 94:19.

^ § 4 Nou ka aprann lòt bagay ankò sou eksperyans Dami, Derrick ak Jeannie te viv yo nan atik ki vin apre a.

^ § 5 Byenke atik sa a pale konsènan lè yon moun pèdi paran l, nou kapab aplike prensip ki ladan l yo si nou ta pèdi yon frè nou, yon sè nou oswa yon zanmi nou.

^ § 19 Gade chapit 16 nan liv Les jeunes s’interrogent. Réponses pratiques, volim 1 an. Ou ka telechaje l gratis sou www.pr418.com/fr la anba ribrik PUBLICATIONS.