Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON 2

Se pou nou fidèl youn ak lòt

Se pou nou fidèl youn ak lòt

“Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Mak 10:9.

Jewova mande pou nou “renmen fidelite”. (Mika 6:8.) Sa sitou enpòtan nan maryaj ou, paske si pa gen fidelite, pap gen konfyans. E li enpòtan anpil pou n fè youn lòt konfyans pou n ka vin gen plis lanmou youn pou lòt.

Jodi a, li difisil anpil pou yon moun rete fidèl nan maryaj li. Pou w pwoteje maryaj ou, ou dwe detèmine pou w fè de bagay.

1 BAY MARYAJ OU PRIYORITE

MEN SA BIB LA DI: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” (Filipyen 1:10). Maryaj ou se youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi w. Li merite pou w ba l priyorite.

Jewova vle w bay moun ou marye avè l la atansyon e l vle pou ou menm avè l “jwi lavi” a ansanm (Eklezyas 9:9). Li fè konnen aklè ou pa dwe janm neglije moun ou marye avè l la, okontrè, youn dwe chèche fason pou l fè lòt plezi (1 Korentyen 10:24). Fè moun ou marye avè l la santi ou bezwen l nan lavi w e fè l santi w apresye l tou.

SA W KA FÈ:

  • Asire w ou pase tan ansanm avè l regilyèman epi w ba l yon atansyon total.

  • Panse ak nou de a, pa panse ak tèt ou sèlman.

2 PWOTEJE KÈ W

MEN SA BIB LA DI: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” (Matye 5:28). Si yon moun toujou ap panse ak bagay ki imoral, nan yon sans, li pa fidèl ak moun li marye avè l la.

Jewova mande w pou w “pwoteje kè w”. (Pwovèb 4:23; Jeremi 17:9.) Pou w rive fè sa, ou dwe veye sou sa w ap gade (Matye 5:29, 30). Suiv egzanp patriyach Jòb, ki te fè yon alyans ak je l pou l pa ret ap gade yon fi jiskaske l vin anvi l (Jòb 31:1). Se pou w detèmine pou w pa janm gade pònografi e pou w pa janm vin gen atachman pou yon lòt moun apa de moun ou marye avè l la.

SA W KA FÈ:

  • Yon fason klè, montre lòt moun se sèlman ak moun ou marye avè l la ou atache.

  • Pran santiman moun ou marye avè l la an konsiderasyon, epi, san pèdi tan, kanpe nenpòt relasyon ki ta ka met moun ou marye avè l la malalèz.