Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 9

Èske m dwe kwè nan evolisyon?

Èske m dwe kwè nan evolisyon?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Si sa yo di sou evolisyon an se laverite, lavi pap gen okenn sans. Si sa yo di sou kreyasyon an se laverite, nou kapab jwenn bonjan repons pou kesyon moun poze sou lavi ak lavni.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Alex pa konn sa pou l kwè. Li te toujou kwè Bondye egziste, e se Bondye ki kreye tout bagay. Men, jodi a pwofesè byoloji a fè konnen avèk konviksyon evolisyon an se laverite, e li baze sou bonjan prèv syantifik yo jwenn. Etandone Alex pa vle yo pran l pou egare, li di tèt li: ‘Bon, si syantifik yo pwouve evolisyon an se laverite, ki moun mwen ye pou m ta gen dout sou sa yo di a?’

Si se ou ki te Alex, èske w t ap kwè nan evolisyon paske liv syantifik yo ekri yo fè konnen evolisyon an se laverite?

FÈ YON TI REFLECHI

Byen souvan, ni moun ki kwè nan evolisyon ni moun ki kwè nan kreyasyon an konn fè konnen nan ki sa yo kwè san yo pa vrèman di rezon ki fè yo kwè nan sa yo kwè a.

  • Gen kèk moun ki kwè nan kreyasyon an senpleman paske se sa yo anseye nan relijyon yo.

  • Gen kèk moun ki kwè nan evolisyon an senpleman paske se sa yo anseye yo lekòl.

SIS KESYON POU NOU REFLECHI SOU YO

Labib di: “Chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.” (Ebre 3:4). Èske li rezonab pou nou kwè sa?

Menm jan sa pa gen sans pou yon moun ta fè kwè kay sa a annik rete l fèt san se pa yon moun ki te bati l, se konsa tou sa pa gen sans pou yon moun ta kwè lavi egziste san se pa yon Moun ki kreye l.

SA YO DI: Se yon gwo eksplozyon ki fèt ki fè tout sa ki nan linivè vin egziste.

1. Kiyès oswa ki sa k te lakòz eksplozyon sa a?

2. Ki sa k fè plis sans: kwè tout bagay annik rete konsa yo egziste oswa kwè gen yon moun ki kreye tout bagay?

SA YO DI: Lèzòm soti nan bèt.

3. Si lèzòm soti nan bèt, tankou makak, poukisa lèzòm gen plis entèlijans pase makak?

4. Sa k fè menm fòm lavi ki parèt pi senp lan konplike konsa?

SA YO DI: Gen bonjan prèv ki kore evolisyon an.

5. Èske moun ki di pawòl sa a al verifye sa yo di a?

6. Èske se pa paske anpil moun annik tande yo di tout moun ki entèlijan ta dwe kwè nan evolisyon ki fè yo kwè ladan l?

“Si w t ap mache nan yon forè epi w wè yon bèl kay, èske w t ap di: ‘Waw, gade yon bèl kay! Se pyebwa yo ki annik sot tonbe ki bay kay sa a.’ Se sèten ou pa t ap janm panse yon bagay konsa paske sa pa gen sans. Donk, poukisa pou n ta kwè tout sa ki gen nan linivè a annik rete yo parèt konsa konsa?” — Julia.

“Si yon moun ta vin di w gen yon eksplozyon ki fèt nan yon enprimri, lank yo vole sou tout mi yo ak plafon yo epi yo vin fòme yon gwo diksyonè ki gen tout mo ki egziste. Èske w t ap kwè moun sa a?” — Gwen.

POUKISA NOU KWÈ NAN BONDYE?

Labib ankouraje nou pou nou sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a (Women 12:1). Sa vle di kwayans nou gen nan Bondye pa ta dwe jis baze sou

  • SA N SANTI (M jis santi gen yon fòs ki pi pisan pase nou ki egziste.)

  • ENFLIYANS LÒT MOUN (M ap viv nan yon zòn kote moun yo kwè nan Bondye.)

  • EDIKASYON (Paran m te leve m yon fason pou m kwè nan Bondye. M pa t gen chwa.)

Okontrè, nou dwe gen bonjan rezon ki fè n kwè nan Bondye.

“Nan lekòl mwen, lè m ap koute pwofesè a k ap esplike fason kò nou fonksyone, mwen pa gen okenn dout Bondye egziste. Chak pati nan kò a jwe yon wòl byen presi. Tout ti detay gen enpòtans yo. E byen souvan, yo tout ap fonksyone san nou pa menm remake sa. Vrèmanvre, kò nou se yon mèvèy!” — Teresa.

“Lè m wè yon gwo kay plizyè etaj, yon gwo bato ki pote touris oswa yon machin, mwen di tèt mwen: ‘Kiyès ki konstwi l?’ Pa egzanp, fòk gen moun entèlijan ki pou fè yon machin, paske tèlman gen yon bann ti pyès ki pou met ansanm pou tout bagay fonksyone. Si yon machin gen yon moun ki fè l, menm jan an tou, dwe gen yon moun ki kreye lèzòm.” — Richard.

“Plis mwen etidye lasyans, se plis mwen pa kwè nan evolisyon an. [...] Pou mwen menm, li pi difisil pou yon moun kwè nan evolisyon pase pou l kwè nan yon kreyatè.” — Anthony.

FÈ YON TI REFLECHI

Malgre syantifik yo gen plizyè dizèn ane depi y ap fè rechèch, yo poko janm vin ak yon esplikasyon sou evolisyon kote yo tout dakò avè l. Si syantifik yo pa ka antann yo sou evolisyon an, alòske yo se swadizan espè, èske se yon mal pou n gen dout sou evolisyon?