Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èd pou fi yo fè vyolans sou yo

Èd pou fi yo fè vyolans sou yo

 Selon Òganizasyon mondyal lasante: “Vyolans kont medam yo se yon gwo pwoblèm sante piblik toupatou nan monn nan e ki mande pou nou aji san pèdi tan.” Òganizasyon sa a fè konnen tou: “Sou chak twa fi, gen youn ki viktim akoz vyolans fizik oubyen akoz abi seksyèl yon moun li avè l fè sou li nan yon moman kèlkonk nan lavi l.” Epitou, Nasyonzini rapòte, chak jou nan yon ane, 137 medam te mouri akoz moun yo nan relasyon avè l la oswa yon lòt manm fanmi yo. a

 Rapò yo ede n konprann jan vyolans yo fè sou fi se yon gwo pwoblèm, men rapò sa yo pa di n anyen sou jan viktim sa yo soufri ni nan domèn afektif, ni nan domèn fizik.

 Èske w se yon moun yo fè vyolans sou li? Oswa, èske w konn yon lòt moun ki viktim? Si repons ou se wi, ann egzamine sa Bib la di sou pwen ki vin annapre yo:

  Si moun ou nan relasyon avè l la fè vyolans sou ou, se pa fòt ou

  Ou ka jwenn èd

  Ou pa poukont ou

  Vyolans sou fi gen pou l fini

  Fason w ka ede yon moun ki viktim

 Si moun ou nan relasyon avè l la fè vyolans sou ou, se pa fòt ou

 Men sa Bib la di: “Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.” — Women 14:12.

 Sonje sa: Se moun k ap fè vyolans sou ou a ki responsab sa l fè a.

 Si moun ou nan relasyon avè l la di se ou menm ki responsab vyolans li fè sou ou, se manti. Medam yo merite pou moun yo ansanm avè l la renmen yo olye yo fè vyolans sou yo. — Kolosyen 3:19.

 Gendelè, moun k ap fè vyolans lan ka gen pwoblèm ki soti nan pèsonalite l, nan fanmi l oswa nan bwè twòp bwason ki gen alkòl. Kèlkeswa rezon an, li responsab devan Bondye pou fason li trete w. Epitou, se li ki responsab pou l fè chanjman ki nesesè yo.

 Ou ka jwenn èd

 Men sa Bib la di: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.

 Sonje sa: Si w pa santi w an sekirite oswa ou pa konn sa pou w fè, gen lòt moun ki kapab ede w.

 Sa k fè w ka bezwen èd nan men lòt moun? Se yon sitiyasyon ki konplike anpil lè yon fi nan yon relasyon kote yo fè vyolans sou li. Li ka difisil pou l deside sa pou l fè paske l pa konnen sa l ta dwe bay priyorite:

  •   Sekirite pèsonèl li

  •   Sa k ap pi bon pou pitit li

  •   Sitiyasyon ekonomik li

  •   Lanmou l genyen pou moun li nan relasyon avè l la

  •   Anvi l genyen pou l sove relasyon an si lòt moun nan chanje

 Li nòmal pou w santi w pa konn sa pou w fè oswa pou w santi sitiyasyon an twòp pou ou. Kiyès ki ka ede w?

 Yon zanmi oswa yon fanmi w ou fè konfyans kapab ede w yon fason pratik e li ka soutni w nan domèn afektif. Lè w pale ak yon moun ki gen sousi pou ou, sa ka ede w anpil.

 Souvan Leta met disponib kèk nimewo telefòn pou viktim vyolans yo rele lè yo gen ijans. Moun ki reponn apèl sa yo ka ede w pi byen konprann fason pou w pwoteje tèt ou. Si moun ou nan relasyon avè l la admèt li gen yon pwoblèm e l vle chanje, yon nimewo ijans konsa kapab ede l jwen èd li bezwen pou l chanje.

 Gen lòt sèvis ki disponib si w bezwen èd san pèdi tan. Souvan gen doktè, enfimyè, oswa lòt pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon pou yo ede w.

 Ou pa poukont ou

 Men sa Bib la di: “Jewova b toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — Sòm 34:18.

 Sonje sa: Bondye pwomèt l ap ede w.

 Jewova gen anpil sousi pou ou (1 Pyè 5:7). Li konprann jan w santi w e l konnen panse ki pi pwofon ou genyen. Li kapab sèvi ak Pawòl li a, Labib, pou l rekonfòte w. Epitou, li vle w pale avè l nan lapriyè. Lè w priye l, ou ka mande l pou l ba w fòs ak sajès pou w fè fas ak sitiyasyon w lan. — Ezayi 41:10.

 Vyolans sou fi gen pou l fini

 Men sa Bib la di: “Chak moun ap abite anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.” — Miche 4:4, nòt.

 Sonje sa: Bib la pwomèt nou, talè konsa tout moun pral santi yo anpè lakay yo.

 Se sèlman Jewova Dye ki gen bonjan solisyon pou tout pwoblèm nou yo. Men ki pwomès nou jwenn nan Bib la: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” ​(Revelasyon 21:4). Lè sa a, menm move souvni nou te genyen yo ap disparèt e se bon souvni k ap ranplase yo (Ezayi 65:17). Se konsa Bib la di nou pral viv anpè alavni.

a Atik sa a pale de viktim nan kòm yon fi, men anpil nan pwen nou mansyone yo aplike pou gason ki viktim tou.

b Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa.