Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk prensip biblik ki kapab ede w si w pèdi travay ou

Kèk prensip biblik ki kapab ede w si w pèdi travay ou

 Lè w pèdi travay ou sa kapab difisil anpil pou ou, nonsèlman paske ou gen mwens lajan, men tou sa kapab gen efè sou lavi fanmi w e sa kapab gen efè sou ou nan domèn afektif. Si w egzamine konsèy sa yo ki nan prensip ki soti nan Bib la, sa ka ede w fè fas ak pwoblèm sa a.

  •   Fè lòt moun konnen jan w santi w.

     Men sa Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan.” — Pwovèb 17:17.

     Lè w pèdi travay ou, ou ka santi w tris, ou ka santi w an kòlè oubyen w gendwa santi w pa konn sa pou w fè oswa tou, ou ka santi ou pa vo anyen. Lè w fè fanmi w ak bon zanmi w konnen jan w santi w, yo ka ede w santi w pi byen. Mete sou sa, yo ka ba w bonjan konsèy ki ka ede w jwenn yon lòt travay.

  •   Evite bay tèt ou twòp pwoblèm.

     Men sa Bib la di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l.” — Matye 6:34.

     Bib la ankouraje nou pou nou planifye sa nou pral fè (Pwovèb 21:5). Men, li ankouraje nou tou pou nou evite bay tèt nou twòp pwoblèm pou demen. Byen souvan nou bay tèt nou pwoblèm pou yon seri bagay ki gendwa pa janm rive. Donk, li pi bon pou nou konsantre sou sa nou ka fè yon jou alafwa.

     Bib la bay bonjan konsèy tou sou fason w ka jere strès ou genyen pandan w pèdi travay ou a. Gade atik ki gen tit “Ki sa w ka fè lè w anba strès?” la pou w aprann plis sou sa.

  •   Fè ajisteman ki nesesè yo nan fason w depanse lajan w.

     Men sa Bib la di: “Mwen aprann sekrè ki genyen […], ni nan gen anpil ni nan pa gen anyen.” — Filipyen 4:12.

     Chanje fason w ap viv pou w adapte w ak nouvo sitiyasyon w lan. Sa ka mande pou w chanje fason w depanse lajan yon fason pou w pa depanse plis pase sa w genyen. Veye pou w pa fè dèt lè sa pa nesesè. — Pwovèb 22:7.

     Pou w jwenn plis konsèy sou fason pou w viv ak kantite lajan w gen kounye a, gade atik “Fason w ka aprann viv ak mwens lajan”.

  •   Byen sèvi ak tan w.

     Men sa Bib la di: “Kontinye mache avèk sajès [...] epi byen sèvi ak tan nou.” — Kolosyen 4:5.

     Menmsi w pa gen pou w al travay chak jou, eseye kenbe bon abitid nan fason w sèvi ak tan w. Lè w fè sa, sa ap ede w kenbe ekilib ou nan lavi a e sa ap ede w santi w pi byen.

  •   Se pou w fleksib.

     Men sa Bib la di: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” — Pwovèb 14:23.

     Se pou w dispoze fè travay ki diferan ak sa w te genyen anvan an. Ou ka bezwen pran yon travay moun panse ki pa enpòtan oubyen ki peye mwens pase travay ou te gen anvan an.

  •   Pa dekouraje.

     Men sa Bib la di: “Simen semans ou nan maten, e pinga w bay men w repo pou jis li aswè, paske w pa konnen kiyès ladan yo k ap leve.” — Eklezyas 11:6.

     Kontinye chèche travay. Fè lòt moun konnen w ap chèche travay. Pale ak fanmi w, zanmi w, ansyen kòlèg travay ou ak vwazen w. Tcheke antrepriz k ap ofri moun travay, gade nan jounal, tcheke pou w wè si gen antrepriz ki bezwen moun, pale ak moun ki konn bay travay, gade sou Entènèt, prepare w pou w ale nan anpil entèvyou e bay kantite CV ou ka bay jiskaske w jwenn travay.