Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bib la ka ede w sispann esklav dwòg?

Èske Bib la ka ede w sispann esklav dwòg?

 Chak ane plizyè milyon moun mouri yon fason oswa yon lòt, akoz yo esklav dwòg oswa yo sèvi ak medikaman kòm dwòg. Pandan pandemi kowonaviris la, gen plis moun toujou ki tonbe nan pwoblèm sa a. Sajès ki nan Bib la deja ede anpil moun sispann esklav dwòg. Si w ap fè fas ak pwoblèm sa a, sajès ki nan Bib la kapab ede w tou. a

Nan atik sa a

 Poukisa pou w chèche èd nan Bib la pou ede w sispann esklav dwòg?

 Moun k ap fè rechèch twouve lè yon moun esklav yon bagay souvan se paske l ap fè fas ak yon seri lòt pwoblèm. Pa egzanp, li ka santi l poukò l, li strese, li gen gwo tètchaje oswa li fè depresyon. Bib la ka ede w gen ase lafwa pou w lite ak santiman ki fè w vin esklav. L ap aprann ou fason w ka gen yon relasyon sere ak Bondye (Sòm 25:14). E Bondye ka ede w fè fas ak pwoblèm ki ka parèt enposib pou w rezoud poukont ou. — Mak 11:22-24.

 Kat bagay Bib la di w ka fè pou w sispann esklav dwòg

  1.  1. Aprann konnen Jewova Dye b (Jan 17:3). Se li menm ki Kreyatè a e se nan li tout pisans soti. Anplis de sa, li se Papa w ki nan syèl la e li renmen w anpil. Li vle gen yon relasyon sere avè w e li vle sèvi ak pisans li pou l ede w (Ezayi 40:29-31; Jak 4:8). Li pwomèt ou yon bèl avni pi devan si w chwazi aksepte lanmou li demontre pou ou a. — Jeremi 29:11; Jan 3:16.

  2.  2. Mande Jewova ede w. Priye Bondye epi mande l pou l ede w sispann esklav, konsa ou kapab “sen [oswa, pwòp] e w ka fè Bondye plezi” ​(Women 12:1). L ap ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” grasa lespri sen l oswa fòs li (2 Korentyen 4:7; Lik 11:13). Pisans l ap ba w la ap ede w sispann esklav dwòg e l ap ede w devlope yon “nouvo pèsonalite” ki fè Bondye plezi. — Kolosyen 3:9, 10.

  3.  3. Aprann fason Jewova panse (Ezayi 55:9). L ap ede w “kontinye renouvle mantalite k ap domine nan [ou a],” sa vle di l ap ede w chanje fason w panse, sa k ap ede w sispann esklav dwòg (Efezyen 4:23). Nou jwenn panse Bondye nan Bib la, donk li enpòtan pou n li l regilyèman (Sòm 1:1-3). Gen anpil moun ki jwenn byenfè lè yo chèche èd pou yo aprann konnen sa Bib la anseye (Travay 8:30, 31). Temwen Jewova yo ofri moun pou yo etidye Labib avèk yo gratis. Epitou, nou envite yo asiste reyinyon nou yo kote nou egzamine sa Bib la anseye ak fason nou kapab aplike prensip li yo nan lavi nou.

  4.  4. Chwazi bon zanmi. Zanmi w genyen yo gen yon gwo enfliyans sou ou, yo ka fè l swa pi fasil swa pi difisil pou w sispann esklav dwòg (Pwovèb 13:20). Bondye ban nou opòtinite pou n jwenn bon zanmi pami moun k ap adore l yo, e li vle pou zanmi sa yo ede w (Sòm 119:63; Women 1:12). Byen chwazi detant ou pran paske nan yon sans se kòmsi w ap pase tan ak moun ki nan sa w ap gade yo, nan sa w ap koute yo ak nan sa w li yo. Evite nenpòt bagay ki ka fè l pi difisil pou ou pou w fè sa ki dwat. — Sòm 101:3; Amòs 5:14.

 Kèk vèsè nan Bib la ki ka ede w sispann esklav

 Sòm 27:10: Menmsi papa m ak manman m ta abandone m, Jewova li menm t ap ranmase m.

 “M pa t janm konnen vrè papa m, sa ki te fè m santi m te toujou manke yon bagay. Lè m te vin aprann konnen Jewova Dye se yon moun reyèl ki renmen m toutbon, se lè sa a lavi m te vin gen yon sans e se lè sa a m te sispann esklav dwòg.” — Wilby, Ayiti.

 Sòm 50:15: “Se pou nou rele m lè nou nan pwoblèm. M ap sove nou.”

 “Se pa ni youn ni de fwa vèsè sa a te ede m menm apre m te retonbe nan tantasyon plizyè fwa. Jewova te kenbe pwomès li.” — Serhiy, Ikrèn.

 Pwovèb 3:5, 6: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.”

 “Vèsè sa yo te ede m pou m pa konte sou tèt mwen, men pou m konte sou Jewova. Grasa fòs li, m te rive chanje lavi m nèt.” — Michele, Itali.

 Ezayi 41:10: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.”

 “M te santi m strese anpil lè m pa t ka jwenn dwòg pou m pran. Vèsè sa a te ban m asirans Bondye te kapab ede m fè fas avèk strès mwen e li te fè sa vre.” — Andy, Afrik disid.

 1 Korentyen 15:33, nòt: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon prensip yo genyen.”

 “Move zanmi m te genyen te ban m goute dwòg e konsa, m te vin esklav. Se sèlman lè m te sispann byen avèk yo e m te vin byen avèk yon seri zanmi ki pwòp e ki bay bon egzanp, m te sispann esklav dwòg.” — Isaac, Kenya.

 2 Korentyen 7:1: “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a.”

 “Vèsè sa a te motive m pou m kontinye pirifye kò m e pou m vire do bay yon seri bagay ki pa bon pou mwen.” — Rosa, Kolonbi.

 Filipyen 4:13: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.”

 “M te konnen m m pa t gen ase fòs poukont mwen pou m sispann pran dwòg, donk m te priye Bondye pou m mande l ede m. Li te ban m fòs mwen te bezwen an.” — Patrizia, Itali.

 Kèk lòt eksperyans: Fason Bib la te ede yo sispann esklav dwòg

 Joseph Ehrenbogen te leve nan yon anviwònman ki te gen vyolans e li te vin esklav alkòl, tabak, mariwana ak ewoyin. Plizyè fwa, li te tèlman pran dwòg, li manke mouri. Gen yon pasaj nan Bib la ki te ede l wè li ka chanje. Ou ka li istwa lavi l nan atik ki gen tit: “Mwen te aprann gen respè pou fi ak pou tèt mwen.”

 Dmitry Korshunov te eseye sispann esklav alkòl plizyè fwa. Gade videyo ‘M te bouke ak fason m t ap viv la’ pou w wè sa k te ede l reyisi.

 Èske Bib la di yon moun pa dwe chèche tretman medikal pou ede l sispann esklav dwòg?

 Non. Men sa Bib la di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” ​(Matye 9:12). Epitou, men sa yon enstitisyon Ozetazini ki ede moun ki esklav dwòg (U.S. National Institute on Drug Abuse) fè konnen: “Esklav dwòg se yon maladi ki konplike. Pou yon moun rive sispann esklav sa mande plis pase annik gen bon entansyon oswa detèminasyon.” Pa gen dout, èd Bondye bay la gen plis pisans lontan pase detèminasyon yon moun te ka genyen. Epoutan, anpil moun Bib la te ede sispann esklav te bezwen tretman medikal tou pou ede yo fè sa c. Pa egzanp, men sa yon mesye ki rele Allen di: “Lè m t ap eseye sispann bwè alkòl, m te konn santi yon seri gwo doulè. Se lè sa a m te rann mwen kont nonsèlman m te bezwen èd m te jwenn pa mwayen Bib la, men m te bezwen tretman medikal tou.”

 Èske Bib la di yon moun pa dwe sèvi ak dwòg kòm medikaman?

 Non. Anfèt, Bib la montre yo konn sèvi avèk alkòl pou trete kèk maladi oswa pou kalme doulè yon moun ki prèske mouri (Pwovèb 31:6; 1 Timote 5:23). Men, menm jan li fasil pou yon moun vin esklav alkòl, se konsa tou li fasil pou yon moun vin esklav medikaman yo preskri l pou doulè. Donk, li t ap bon pou n rekonèt gen danje lè n pran medikaman yo preskri n pou doulè e pou n fè atansyon ak fason nou sèvi ak yo. — Pwovèb 22:3.

a Menm lè atik sa a pale plis sou fason pou w sispann esklav dwòg, prensip biblik li konsidere yo kapab ede yon moun ki gen pwoblèm nan domèn alkòl, tabak, manje, jwèt aza, pònografi oswa rezo sosyal.

b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?” a.

c Gen plizyè sant medikal, lopital ak pwogram yo met sou pye pou ede yon moun sispann esklav. Se chak moun ki pou egzamine tout opsyon ki disponib yo epi deside ki tretman k ap pi bon pou li. — Pwovèb 14:15.